DeklarasyonAngajman

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Deklarasyon Angajman ROTARY KLIB PETION-VILLE Pou avanse ALFABETIZASYON

Konsidere Declarasyon Inivèsèl dwa Moun ki rekonèt dwa chak moun genyen pou jwenn ledikasyon ;

Konsidere moun ki pa konn li ak ekri yo se yo menm ki pi pòv sou tout tè a ;

Konsidere wol ROTARY ENTENASYONAL jwe nan plizye pwogram ki gen karakte sosyal tankou derasinen maladi Polyo nan lemonn ;

Konsidere nan reyinyon Fevrye 2003, Konsèy Santral ROTARY KLIB ENTENASYONAl te deside ankouraje klib yo ak Distri yo pou kontinye fè pwogram alfa a kontinye pou pi douvan ;

Konsidere ROTARY ENTENASYONAL bay tèt li nan batay kont analfabetis la pa mwayen metòd CLE (Concentrated Learnig Encounter) ;

Konsidere ROTARY ENTENASYONAL konsakre mwa Jiyè kòm mwa Rotaryen pou Alfabetizasyon ;

Konsidere inisyativ Rotary klib Ayiti yo nan lane 1998 pou te mete sou pye yon pwogram ki rele Rotalpha (Wotalfa );

Konsidere bon rezilta pwogram Rotalpha a bay ;

Nou kwe soudevlopman peyi Ayiti a makonnen ak sityasyon pifo moun pa konn li ak ekri ladann ;

Akoz soudevlopman an, yo riske mete Ayiti sou kote pi plis sou plan entènasyonal ;

Nou kwe kom pwofesyonèl, komèsan, endistriyèl alfabetizasyon an se yon bagay ki enpòtan anpil, ijan, an menm tan e se yon bagay nou bezwen jwenn yon repons rapid pou li ;

Nou kwe pwoblèm pa konn li ak ekri a fè Ayiti pèdi yon pakèt resous ;

Rekonèt systèm edikatif Ayisyen an vrèman ap degrade ;

Rekonèt metòd Wotalfa itilize (CLE) kapab pèmèt moun konn li ak ekri nan mwens yon lane;

Nou menm, Wotaryen ak Wotaryèn nan Rotary klib nan Petion-Ville, nou angaje n pou nou fè tout moun k ap travay lakay nou, nan antrepriz nou rive konn li ak ekri, avan fen ane 2004, alonè bisantenè nou. N ap envite sektè prive a nan tout entegralite l a fè menm jan an.

Petion-Ville 22 Jiyè 2003


DeclarationEngagement en francais

DeclarationEngagementEnglish

WotAlfa/Rotalpha


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited August 4, 2003 3:28 pm USA Pacific Time by John Engle
Search: