EdikasyonpoubatiyonSosyetekichitasouLape

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Espas ouvri 19 Desanm 2004

Sentèz atelye

 Atelye  C.   

 Sijè :  Eske nan yon sosyete an konfli  Ka gen lapè ?

1) Konfli a konn la moun pa ka wèl. Li poko ka eklate. 2) Lapè se yon ansanm prensip nou mete ansanm. Pou n kreye lapè fòk gen Edikasyon ,

    fòk gen bagay ou ka di, fòk gen bagay ou paka di.
3) Sosyete se yon valè moun k ap viv ansanm sou yon bout tè. Yo gen prensip pou yo
    respekte, pou yo pa antre nan konfli. Lè yon règleman egziste se pou tou moun li la.
4) Tout sosyete gen yon lwa. 5) Pou ta gen lapè nan yon sosyete fòk tout moun ta gen menm objektif, menm vizyon. 6) Lapè se yon bagay ki vas, se pa yon bagay moun kapab sène konsa. 7) Chak moun wè lapè a yon jan, yon lòt fason. 8) Lapè se bagay ki relatif. Li depann de jan moun nan konsevwa l. 9) Pou gen lapè fòk gen yon sosyete ki dwat, ki gen ekilib. 10) Gen yon seri sistèm ak yon seri koutim ki kapab kreye lapè.

Anthanase Simòn

 Sanson        Joseph
 Ednor          Joint
 Lumarque    Gerald
 Simon           Jolène
 Jude              Appolon
 Jimmy           Francoi
 Georges         Raking
 Yolène              Pierre

Eske lapè se yon bagay moun fèt avè l ?

Dye tou pwisan an èske l pa gen yon gran responsabilite nan pè sa ki paka gen sou tè sa a ?

    Depi se kote ki gen anbisyon pa gen lapè.  Pou gen lapè fòk gen sakrifis, fòk  gen yon transfòmasyon pwofon ki fèt nan sosyete a.  Yon sosyete kapab  viv nan yon lapè aparan ki pa youn nan Lapè konkrè. Pa gen lapè kolektif.   Moun ka kreye yon lapè endividyèl. Sa pral depann de moun nan.

Atelye A 10è

Ki sa lapè ye ?

1- Se kote ki pa gen dezòd, kote youn konprann lòt. 2- Se lè pa gen konfli. 3- Lapè se nan chak moun pou l lye 4- Lapè se respè. 5- Lapè se absans lagè. 6- Lekòl-sante-manje-lojman pou tout moun. 7- Evite chirepit, zigzani. 8- Trankilite lespri, ki sòti daprè yon sekirite eksteryè (sosyal, politik, relijye). 9- Lapè toujou la. 10- Jistis.

         Chak moun bezwen resevwa lapè.   Se Sèlman Jezi ki ka bay lapè.
         Pa gen lapè san edikasyon.

Atelye A 10è

Konfli, kawo ak konfizyon se kòm wout pou lapè ?

1- Tout moun ki chwazi sijè a ta renmen patisipe nan diskisyon pou wè kòman sijè sa ka mennen sou wout lapè. 2- Si nou konn viv kèk moman kofizyon kòman nou konn viv li ? 3- Konfizyon se yon bagay ou konprann epi yon moun detounen lespri w. Kawo se dezòd jeneral. Bagay yo tèt anba. 4- Lè m gen kontròl, mwen reflechi anpil avan mwen aji. 5- Lapè ak lagè sous yo se konfizyon , kawo. 6- Kawo, konfli, konflizyon pa p mennen nan lapè. 7- Eske yon moun oubyen yon gwoup moun ka mete lapè ? Yon moun non. Yon gwoup wi. 8- Eske lapè ka egziste san moun ? 9- Lapè se tankou yon ideyal. San nou menm nou bezwen kreye espas pou nou viv pandan kite kawo, konfli ak konflizyon dèyè 10- Tout moun ka viv nan konfizyon men se kòman nou reyaji. Gen moun ki di yon sèl moun ka mete lapè. Men gen konfli nan anpil lòt peyi sou latè L’ ONU toujou la pa janm gen lapè.

Job, Willio, Tona, manno, Athanase, Ermilien, Gérald,Jimmy, Afelène.

Eske edikasyon se li ak ekri sèlman ? Edikasyon se fè yon moun rive aprann tout bagay sou divès fòm. Ki diferans nou fè ant konesans ak bon konprann ? Konesans se yon bagay ki pèmèt moun rive pwodui bagay k ap rive atire kèk lòt moun. Bon konprann, se rive verifye tout bagay selon konesans nou oubyen kapasite nou oswa lòt bagay. Si yon fanmi pat gen yon edikasyon èske li ka transmèt li bay yon lòt ? Non. Edikasyon soti nan legliz, lekòl, fanmi. Ki kote oubyen èske edikasyon nan fanmi ka mennen nou lapè ? Edikasyon se rive respekte dinyite tout moun anjeneral oubyen respekte kilti peyi pa l. Kèk fwa nou kapab di nan lapè fòk gen tolerans. Nan sans sa nou di fòk youn sipòte lòt. Edikasyon se respekte tèt ou ak lòt moun k ap viv nan anviwònman ou e padone kèk fwa moun ki fè nou mal. Lapè se fason pou nou mete tèt nou ansanm nan antant kòm frè ak sè e konfese yon sèl ak yon menm lide k ap travay pou byen tout moun nan sosyete a.

Atelye G

Ki edikasyon ki kapab mennen nan lapè ?

Yon edikasyon ki ka menmen nan lapè se yon edikasyon ki fèt san vyolans, ki pa chita sou dominasyon ki kapab menen nan konfli, nan chire pit, nan lagè. Se yon edikasyon ki chita sou seri pratik ki ka mennen nan lapè, ki mete lenjistis dekote. Men ki kalite pratik ki mennen nan lapè ? Si nou bezwen gen lapè nou dwe pratike :

1) Jistis 2) Non-vyolans 3) Echanj 4) Tolerans 5) Dyalòg 6) Inite 7) Konsyans 8) Respè lalwa 9) Renmen 10) Lwa ki jis, ki anbrase enterè tout moun, ki pa defann enterè yon ti gwoup sèlman.

Si nou bezwen lapè nou dwe chèche lajistis.

Patisipan : Johny Saint Louis, Jude Appolon, Kristy Stoez, Raking Georges, Afelène, Samson, Carmel Chéry.

Sijè : Eske kote ki gen mizè ka gen lapè ?

Chak fwa mizè rantre, sa rann moun nan boulvès.

Ki lè youn nan mizè ? Se lè yon moun pa ka al lekòl, li malad, pitit nan kòl ap kriye, li paka reponn ak bezwen yo.

Kisa ki fè lè yon moun nan mizè li pa ka viv anpè ? Pafwa yon moun ka ap woule oto, ou panse li byen men li pa byen. Edikasyon an ka mache ak lapè si sèlman li gen lapè nan vant a trant pou san ? Si nan fwaye a paran yo pa anpè, èske timoun yo men m ka anpè ?

Eske lapè ka total ? Lapè pa ka total paske tout moun ap tire pou yo fè tèt yo satisfaksyon. Eske lavi ak lapè sou menm vwa ? Yon gouvènè pa ka bay lapè. Nou tout dwe mete tèt nou ansanm pou Jezi ka banou lapè. Ki mwayen nou te ka itilize pou ka jwenn ka jwenn lapè ? Nou te ka fè travay zwazo yo, pran lapè epi epapiye l.

Atelye pran desizyon pou fòme yon gwoup pou al fè eksperyans Wonn Refleksyon: Kantite patisipan ki prevwa : 20 Lokal : Ecole Luthérien. Lè : 3 è Jou : Dimanch 28 Animatè : Willio Daphinis. Mizè se tout bagay nan lavi ki anpeche moun viv byen. Jeneralman lè ou pale de mizè se pwoblèm ensekirite, grangou.

Kisa lapè ye ?

Lapè se lè kè moun pa sote pou lapolis.

Eske ka gen lapè nan tèt san lapè nan vant ?

Lapè se yon bagay ki relatif. Gen moun ki anpè se lè moun li fanatik la pa gen pwoblèm. Genyen lapè se kote moun pa nan mizè. Eske se nan sosyete ki mizè ki pa gen lapè ?

Pwoblèm politik ka fè moun pa anpè. Yon moun ka anpè ak di(10) goud. Sa depan jan li jere l. Eske edikasyon ka mache ak lapè ? Atravè edikasyon an lapè gen plis opòtinite pou li fè chemen l.

Patisipan : Chantale Jean Baptiste, Martine Bercy, Wilio Daphinis, Mona Vil, Ormilien Métélus, Jean Ronel Médé.


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited February 17, 2004 10:01 am USA Pacific Time by cf3.c005.g4.mrt.starband.net
Search: