EspasOuvripouPratikanWonnRefleksyon11avril2002

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Premye Novanm 2002

Zanmi kamarad nan Wonn Refleksyon,

Nou voye yon gwo salitasyon ak konpliman pou tout bèl travay n ap fè a pou pèmèt metòd Wonn Refleksyon vanse nan peyi a. Sa fè nou kontan jodi a pou n envite w nan yon brase lide sou tèm :

Kòman Wonn Refleksyon kapab ede nan pwosesis konstriksyon yon sosyete demokratik ?

Dat : Vandredi , 11 Avril 2003 - 8:30 pou 3:00

Patisipan ki soti lagonav ak Okay dwe rive 10 avril nan apremidi. Se Rasin Lespwa k ap resevwa nou nan Sant la.

Lokal : “Complexe Eglise Episcopale Annonciation ” Dabòn

Pou rive, pran Wout Nasyonal 2. Jis avan nou antre nan vil “Leogane” gen yon kafou ki rele Kafou “Darbonne”. Men moun ki soti nan sid ap jwenn kafou Dabòn lè yo kite sou komisarya polis la. Desann la epi pran yon taptap jiska ke nou rive nan estasyon /nan macheDabòn. Lè w rive, mande nenpòt moun montre w lakou ka Lafontan. Tout moun nan zòn nan konnen l.

Nou estime kapab gen 75 moun konsa ki deja fè eksperyans anime Wonn Refleksyon k ap vin patisipe nan rankont sa a . Moun sa yo ap sòti Leyogàn / Dabonn, Lagonav, Okay, Pòtoprens. N ap gen pami patisipan yo, moun ki itilize metòd Wonn Refleksyon nan lekòl klasik, nan pwogram pòs alfa pou timoun ak granmoun, nan inivèsite, elatriye.

Yon ti koze sou metodoloji nou pral itilize pou rankont/sila

Pou abòde tèm sa a, nou pral sèvi avèk yon metòd ki rele “Espas Ouvri.” Se yon metòd patisipativ ki favorize yon bon echanj demokratik. “Espas Ouvri” se yon metòd kote se moun ki prezan nan rankont la ki pran responsablite kreye ansanm yon pwogram ak yon ajanda pou tan y ap pase ansanm. Sa vle di, se nou menm menm, patisipan nan rankont 11 Avril la, ki pral genyen pou detèmine ki sijè ak ki aspè ki tonbe anba gwo tèm nan nou vle abòde. Kidonk, balon an nan pye nou tout! Lè n rive nan rankont la Johny Saint Louis ap eksplike n pi plis kijan n ap aplike metòd la, ki chita anpil sou yon seri atelye nou menm patisipan nou pral tabli. Sèl preparasyon nou bezwen fè se reflechi sou lide ak sijè nou kwè ki enpòtan pou n abòde ansanm.

Aprè rankont la, chak moun ki la ap jwenn yon rapò ki gen nòt ki sòti nan tout atelye yo ak lis moun ki te patisipe ladan yo.

Pou konfime prezans ou kontakte : Abnè, Eznè, Enel, Vana, eks. (Lagonav), PAPE/ Frantzie ( Okay). Moun ki sòti Pòtoprens ak Dabòn, kontakte Jude Appolon, Samson Joseph, Ulrick Denis ak Frémy César : 409-0192, 512-3149, 287-9800, epi Johny Saint-Louis : 287-9800, 513-6159 . Nou dwe fè sa anvan 5 Avril.

Nou sèten aktivite sa a se yon opòtinite pou nou vin pi pèfòman nan aprann youn nan men lòt. Nou kwè l ap pote anpil fwi. Nou konte sou tout animatè Wonn Refleksyon ki nan peyi a, ak moun ki enterese nan edikasyon pwogresis, k ap fè tout jefò posib pou patisipe. Prezans nou tout pral fè brase lide a pi rich.

Avèk anpil respè, epi chapo ba !

Ekip sipòtè Wonn Refleksyon


RasinLespwa

OganizasyonYo

KalandriyeEvenman


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited August 6, 2003 2:34 pm USA Pacific Time by John Engle
Search: