EspasOuvrisouEspasOuvri2004

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

18 novanm 2003

Chè Kòlèg,

Nou fè ou konpliman pou tout sa w ap fè pou ankouraje ak favorize lape.

N ap pwofite evite ou nan twazyèm rankont anyèl Espas Ouvri sou Espas Ouvri sou tèm :

Anbrase Lape

Dat : 18, 19, 20 jen 2004

N ap envite moun vin soupe ansanm jedi 17 jen a 5:00 epi n ap fini apre manje midi dimanch 20.

Lokal : Villa Ormiso, Bizoton 53, #7 carrefours

Espas Ouvri se yon fason pou envite ou nan lape, kit se oganizasyon ou kote ou travay, kominote ou, legliz ou, antrepriz ou, nan fanmi ou, e menm pou lavi pesonel ou. Lè nou viv nan lape, sa ankouraje efikasite, kreyative ak tèt ansanm. Rankont sa pral ofri nou posibilite pou n pataje eksperyans nou yonn ak lòt.

Nou pral sèvi ak metòd Espas Ouvri pou rankont sa, yon metod patisipatif ki mete responsabilite pou program nan, nan men tout patisipan. Pou moun ki pratike Espas Ouvri deja, sa pral ba ou opòtinite pou apwofondi eksperyans ou. Epitou, sa pral bay nouvo moun posibilite dekouvri Espas Ouvri.

Frè Patisipasyon :

Etranje yo ki pa rete ann Ayiti : US$250 anrejistraman, manje ak dòmi

Moun ki travay nan antrepriz oswa ONG : 2,000 goud (anrejistreman ak manje selman), 1,000 goud anplis pou dòmi twa nwit = 3,000 goud Total pou tout

Tout lòt moun : 1,550 goud (anrejistreman ak manje selman), 450 goud anplis pou dòmi twa nwit = 2,000 Total pou tout

Plas limite. Nou ankouraje nou pou pa ret tann jis denye moman pou enskri. Denye dele pou enskri se jedi 10 jen 2004.

Pou jwenn plis enfomasyon ale sou : http://www.eksperyansla.info oubyen kontakte moun ki nan lis sa a :


HaitianRegionalOpenSpaceonOpenSpace2004

LeForumOuvertsurForumOuvert2004

KalandriyeEvenman

KomannoukapabvivnanLapemenmjannouSeviakmoa?


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited June 13, 2004 3:01 pm USA Pacific Time by dpc6682009080.direcpc.com
Search: