EspasOuvrisouEspasOuvri2006

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

retounen sou http://eksperyansla.info

Chè Kòlèg,

Nou fè ou konpliman pou tout sa w ap fè pou ankouraje ak favorize dialog, rekonsilyasyon ak lapè an Ayiti.

N ap pwofite evite ou vin patisipe nan senkyèm rankont anyèl Espas Ouvri sou Espas Ouvri an Ayiti sou tèm :

Pratike Espas Ouvri: Ki fwi sa kapab pote nan yon anviwonman kote pouvwa ak responsabilite ap pataje?

Dat : 23, 24, 25 jen 2006

N ap envite moun vin soupe ansanm jedi 22 jen a 5:00 epi n ap fini apre manje midi dimanch 25.

Lokal : Villa Ormiso, Bizoton 53, #7 carrefour

( Gen pakin pou moun k ap vin ak machin, epi pisin pou moun ki konn naje)

Espas Ouvri se yon fason pou envite kreyativite ak inovasyon, kit se oganizasyon ou kote ou travay, kominote ou, legliz ou, antrepriz ou, nan fanmi ou, e menm pou lavi pesonel ou. Lè nou pratike Espas Ouvri, sa ankouraje efikasite, kreyative ak tèt ansanm. Rankont sa pral ofri nou posibilite pou n pataje eksperyans nou yonn ak lòt.

Nou pral sèvi ak metòd Espas Ouvri pou rankont sa, yon metod patisipativ ki mete responsabilite pou program nan, nan men tout patisipan. Pou moun ki pratike Espas Ouvri deja, sa pral ba w opòtinite pou apwofondi eksperyans ou. Epitou, sa pral bay nouvo moun posibilite dekouvri Espas Ouvri.

Frè Patisipasyon

Etranje yo ki pa rete ann Ayiti : US$ 300 anrejistraman, manje ak dòmi.

Moun ki travay nan antrepriz oswa ONG : $ 60 ameriken (anrejistreman ak manje selman), $ 25 ameriken anplis pou dòmi twa nwit = $ 85 ameriken

Total pou tout tout lòt moun :$ 40 ameriken (anrejistreman ak manje selman), $25 ameriken anplis pou dòmi twa nwit = $ 65 ameriken Total pou tout.

Plas yo limite. Nou ankouraje nou pou pa ret tann jis denye moman pou enskri. Pou anrejistre kontakte :

FremyCesar : mailto:fremycesar@hotmail.com ak tel. : 455-3234 UlrickDenis : mailto:ulrickafr@yahoo.fr SamsonJoseph : mailto:samimijoseph@hotmail.com JudeAppolon?? : mailto:judeappolon@hotmail.com pou moun ki baze ozetazini kontakte : JohnEngle : mailto:john@johnengle.net


retounen sou evenman yo KalandriyeEvenman

Click here for English version 5thAnnualHaitiOpenSpaceonOpenSpace

retounen sou http://eksperyansla.info


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited April 4, 2006 6:30 am USA Pacific Time by Jengle
Search: