EspasOuvrisouEspasOuvri2007

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Chè Kòlèg,

Avèk anpil respè, nou voye yon gwo salitasyon ak konpliman pou tout bèl travay n ap fè pou amelyore lavi nan kominote yo an Ayiti N ap pwofite envite ou vin patisipe nan sizyèm anyel Espas Ouvri sou Espas Ouvri an Ayiti sou tèm :

Pratike Espas Ouvri :

lidèchip ki sèvi epi ki pataje pouvwa ak responsabilite

Dat : 29, 30 jen, premye jiyè 2007

N ap envite moun vin soupe ansanm jedi 28 jen a 5:00 epi n ap fini apre manje midi dimanch premye Jiyè 2007.

Lokal : Villa Ormiso, Bizoton 53, #7 carrefour

Gen pakin pou moun k ap vin ak machin, pisin pou moun ki konn naje, epi entènèt wireless.

Espas Ouvri se yon fason pou envite kreyativite ak inovasyon, kit se oganizasyon ou kote ou travay, kominote ou, legliz ou, antrepriz ou, nan fanmi ou, e menm pou lavi pesonel ou. Lè nou pratike Espas Ouvri, sa ankouraje efikasite, kreyativite ak tèt ansanm. Rankont sa pral ofri nou posibilite pou n pataje eksperyans nou yonn ak lòt.

Nou pral sèvi ak metòd Espas Ouvri pou rankont sa, yon metòd patisipativ ki mete responsabilite pou program nan, nan men tout patisipan. Pou moun ki pratike Espas Ouvri deja, sa pral ba w opòtinite pou apwofondi eksperyans ou. Epitou, sa pral bay nouvo moun posibilite dekouvri Espas Ouvri.

Frè Patisipasyon :

Etranje yo ki pa rete ann Ayiti : US$ 300 anrejistraman, manje ak dòmi.

Moun ki travay nan antrepriz oswa ONG : $ 60 ameriken (anrejistreman ak manje selman), $ 25 ameriken anplis pou dòmi twa nwit = $ 85 ameriken Total pou tout.

Tout lòt moun : $ 40 ameriken (anrejistreman ak manje selman), $25 ameriken anplis pou dòmi twa nwit = $ 65 ameriken Total pou tout.

Plas limite. Nou ankouraje nou pou pa ret tann jis denye moman pou enskri. Denye dele pou enskri se 15 jen 2007.

Pou jwenn plis enfomasyon epi pou konfime prezans nou kontakte :

Fremy Cesar fremycesar@hotmail.com oubyen : 455-3234

Jude Appolon judeappolon@yahoo.fr oubyen : 552-0676

Samson Joseph samsonayiti@hotmail.com oubyen : 415-1346

Ulrick Denis ulrickafr@yahoo.fr oubyen : oubyen : 456-2537


retounen sou KalandriyeEvenman

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited April 19, 2007 3:36 pm USA Pacific Time by Jengle
Search: