EspasOuvrisouLapeakRekonsilyasyon2avril2004

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

18 mas 2004

Chè Kòlèg ak zanmi nou yo,

Nou fè ou konpliman pou tout sa w ap fè pou ankouraje ak favorize lapè endividyèl ak sosyal. N ap pwofite evite ou nan yon rankont Espas Ouvri sou tèm :

Annou louvri espas pou Lapè, Inite, Rekonsilyasyon

Dat : 2 Avril 2004

N ap envite moun ki pa abite Leyogan vini ansanm jedi premye avril.

Lokal : Centre Medecine Communautaire, Dabòn ( Rasin Lespwa ap resevwa nou nan sant la)

Espas Ouvri se yon fason pou envite ou nan lapè, inite nan aksyon ak rekonsilyasyon kit se òganizasyon kote ou travay, kominote ou, legliz ou, antrepriz ou, nan fanmi ou, e menm pou lavi pèsonèl ou. Lè nou louvri kè nou pou viv nan lape, sa ankouraje efikasite, kreyative ak tèt ansanm ki se wout ki mennen nan rekonsilyasyon. Rankont sa pral ofri nou posibilite pou n pataje eksperyans nou yonn ak lòt.

Nou pral sèvi ak metòd Espas Ouvri pou rankont sa, yon metòd patisipativ ki mete responsabilite preparasyon program nan, nan men tout patisipan. Pou moun ki pratike Espas Ouvri deja, sa pral ba ou opòtinite pou apwofondi eksperyans ou. Epitou, sa pral bay nouvo moun posibilite dekouvri Espas Ouvri.

Frè Patisipasyon :

Pou moun k ap vin dòmi : 150 goud. Pou sila yo ki pa p dòmi : 50 goud.

Plas limite. Nou ankouraje nou pou pa ret tann jis denye moman pou konfime prezans ou. Denye dele pou konfime se 30 mas 2004.

Pou jwenn plis enfomasyon ale sou : http://www.eksperyansla.info oubyen kontakte moun ki nan lis sa a :

· FremyCesar : mailto:fremycesar@hotmail.com ak tel. : 409.0192 · Johny Saint Louis: mailto:mydjoso@yahoo.fr · Abelard Xavier: mailto:xabelard@yahoo.fr


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited March 20, 2004 5:06 am USA Pacific Time by dpc6682009035.direcpc.com
Search: