GwoupAksyonpouOtonomiakLape

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

PwojeGALO?

                GALO                
<<GWOUP AKSYON POU LAPE AK OTONOMI >>

Pwojè inisye yon lòt fòm edikasyon.

De : Jude Appolon, Ulrick Denis, Samson Joseph, Merline-Engle Myril kise fòmatè Wonn Refleksyon

Dat : 12 janvye 2003

Plan an se: Ofri yon lòt apwòch k ap pèmèt moun kiltive yon lespri pozitif.

Yon bagay tout moun konstate anndan fanmi ayisyen an, paran pa sèvi ak lòt bagay pou sanksyone timoun ki rete ak yo ke vyolans. Pandan ke chak grenn ayisyen ap reve yon grenn bagay : viv anndan yon sosyete kote ki gen lapè. Ki yès ki pou bay li ? se timoun yo k ap gen pou granmoun demen. Men si jodya yo sibi vyolans, demen se vyolans y ap remèt nou.

Pou anpeche nou dwe ofri yo yon lòt altènativ. Pou fè sa nou pral sèvi ak sa Peter Drucker konn rele, « Senk kesyon ki pi enpotan nan planifikasyon.

 Kesyon yo :

1) ki misyon nou ?

        2)  Ki lès ki kliyan nou? (moun ki sible yo)
2) Sak pi enterese kliyan nou? 3) Ki rezilta n ap chache? 4) Ki plan nou genyen ?

Misyon nou :’’ chache epi pataje konesans ak eksperyans pou jwenn lapè ak otonomi ’’.

Kliyan / moun sible :

      1)  Kliyan dirèk : Timoun ki ret kay moun, dirèktè lekòl  ak pwofesè
2) Kliyan endirèk: paran/moun ki responsab timoun yo, moun ki ankouraje pwojè a nan nivo: refleksyon, finansman, sipò teknik ( evalyasyon,transpò, elatriye),kontak.

Sa ki enterese timoun ki rete kay moun: 1) pou gen bon relasyon ak lòt moun. 2) Lè lòt moun mete sa yo fè ak sa yo panse an valè: timoun parèy yo, moun ki responsab yo, dirèktè yo, ak moun ki nan antouray yo. 3) Jwenn bonjan lamanjay bon kote pou repoze ak posibilite pou rekreye. 4) Jwenn respè tankou voye jete tout fòm vyolans ( abi seksyèl, maspinay, elatriye) 5) Jwenn pen lenstriksyon epi posibilite pou devlope talan yo, sa k ap pèmèt yo kiltive lapè ak otonomi.

Sa ki enterese dirèktè ak pwofesè lekòl aswè yo : 1) pou elèv yo aprann pi byen 2) jwenn bon rezilta nan men yo: a) konpòtman pa egzanp:respèkte lòd/règ nan lekòl la. b) Egzamen c) Reyisit nan lavi yo 3) repitasyon pou lekòl y ap dirije 4) moun valorize travay y ap fè. 5) Gen bon relasyon moun ak moun ki responsab elèv yo. 6) Rantabilite lekòl yo. 7) Pèfòmans pwofesè yo ak lòt moun ki ap travay nan lekòl la. 8) Bon jesyon nan administrasyon lekòl la. 9) Touche alè 10) Ankadreman teknik ( seminè ) 11) Materyèl ak bon kondisyon pou travay 12) Pou dirèktè bay pwofesè yo respè .

Sa ki enterese moun ki responsab elèv yo 1) Timoun bay bon rezilta nan lekòl 2) Bon rezilta nan travay lakay la. 3) Pou timoun gen bon konpòtman lakay ak nan kominote a epi fòk li respekte moun. 4) Pou timoun ka bay plis sèvis Sa ki enterese moun k ap ankouraje pwojè a 1) Pou pwojè a bay bon rezilta. 2) Pou konnen kòman pwosesis la ap mache, jwenn rapò ak lòt enfòmasyon nan kad pwojè a. 3) Asire yo reyisit pwojè a : fòk gen plan, fòk li respèkte oswa adapte ak reyalite, fòk gen bon sistèm jesyon ak evalyasyon 4) Gen bon relasyon ant GALO ak patnè k ap finanse pwojè a. 5) Fòk ou ka wè fwi pwojè a ak 2 grenn je w. 6) Fòk gen seyezite ak respè pou angagman ki pran. 7) Fòk li fasil pou yo fè pwomosyon travay la: kreye bwochi pou ka bay lòt moun, rapò sou entènèt, visit, elatriye.

Rezilta yo: mwayen tèm ( 5 lane – 10 lane ) 1) nan diskisyon nou wè respè yonn pou lòt : ant elèv – elèv, pwofesè – elèv, dirèktè – pwofesè, staf lekòl ak fanmi, timoun ak moun responsab yo. 2) Paran / moun ki responsab chanje jan y ap aji ak timoun: yo pa bat yo, yo pa sèvi ak vyolans, pa fè abi seksyèl, ankouraje epi ede timoun prepare pou lavni, bay bon jan laswenyay ( manje, bon kote pou dòmi, swen lasante ), valorize travay timoun. 3) Timoun ap vin responsab nan kominote yo. 4) Dirèktè pwofesè lekòl ak moun responsab ap vin ajan pou chanjman nan sans pa fè vyolans. 5) Pratik GALO yo ap sèvi nan lòt lekòl menmsi moun GALO pa menm okouran.

Ki rezilta n ap chache nan 1 an ? 1) verifye si ipotèz pwojè a fyab: moun k ap fè vyolans sou timoun yo èske yo te ret kay moun epi sibi vyolans. 2) Gentan etabli yon gwoup / oswa plizyè nan yon lekòl / oswa 2 lekòl ki gen 50 – 75 patisipan regilye . 3) Gentan òganize omwens 2 espas ouvri ak paran ki responsab timoun / pwofesè / dirèktè / elèv sou tèm sa yo : 4) Tabli relasyon ak lòt gwoup k ap travay nan menm domen : lapè , nonvyolans, metòd ki favorize otonomi, kont sistèm timoun rete kay moun. Estrateji pou nou jwenn rezilta yo. Pou 1 an I - Fè yon ankèt nan yon zòn presiz (Fònasyonal* ) pou verifye si moun k ap fè vyolans sou timoun , èske yo te rete kay moun epi sibi vyolans tou ? II - a) Fè aktè konsène yo tankou :<< dirèktè lekòl, pwofesè >> jwenn bwochi, liv ak lòt materyel pou yo ka rive konnen kisa metòd wonn refleksyon ye.

     b) fè fòmasyon pou estaf dirèktè ,pwofesè ak lòt moun k ap dirije lekòl la sou metòd wonn refleksyon.
     c) fè kontra ak monitè wonn refleksyon pou bay fòmasyon sou W.R.
     d) tabli yon pwogram sipevizyon pou gade kòman pwosesis W.R ap mache anndan lekòl yo.

III- a) Fè elèv ,dirèktè, pwofesè, paran ak moun k ap travay nan menm domèn lapè, nonvyolans , metòd ki favorize otonomi,kont systèm rete kay moun jwenn lèt envitasyon pou patisipe nan seminè espas ouvri yo.

    b) jwenn resous pou òganize yo:
- Espas - Lajan - Materyel elatriye…

IV- a)fè lòt enstitisyon,gwoup ak aktè k ap travay nan menm domèn lapè, nonvyolans,metòd ki favorize otonomi, kont systèm rete kay moun jwenn enfòmasyon sou wonn refleksyon: bwochi, liv wonn refleksyon, adrès elèktronik.

     b)Envite patnè nou sòt site la yo nan espas ouvri pou pataje ekspe-
ryans yonn ak lòt. ==akoGALOakFanmviktim?==

pwojeTradiksyonLivDelaViolencealaPlenitude


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited November 16, 2003 12:53 pm USA Pacific Time by John Engle
Search: