InisyativRezoWonnRefleksyonPotoprens

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

                Inisyativ Rezo Wonn Refleksyon nan pòtoprens.
                                Rapò seminè 23 out2003

Tèm : Kòman nou ka amelyore sistèm edikatif ayisyen an ?

Rankont lan te gen 60 patisipan ki te regwoupe 15 gwoup ak ensititsyon, pami yo nou jwenn : Lig inivèsitè Ayisyen, P.D.S.A.H, J.E.K, O.P.C, G.T.A.P.F, M.A.C, Wotalfa, Oredevid, A.P.V, A.P.E.M, R.E.U.N.E, A.P.E.M, G.A.L.O, L/L, Twoup Limyè. Jounen an te demare bò 9 vè 30 a.m pou rive 2 zè p.m. Jude Appolon se li menm kite eksplike metòd Espas Ouvè a kita pral gen pou gide patisipan yo pandan jounen. Patisipan yo te òganize 3 sesyon atelye, yonn 9 vè 45 - 11 zè , yonn 11 zè – 12 zè, lòt la 12 zè 30 – 1 nè 45. Rès 15 minit lan patisipan yo te sèvi avè l pou yo te pataje sa yo menm panse ki te nesesè. Yonn nan bagay, yon lòt gwoup patisipan ofri tèt yo pou patisipe nan òganize pwochen Espas Ouvri Kap gen pou Fèt.

Men travay diferan atelye yo : 1- Patisipan: Remy Natacha, Celestin Nanese, Leonord Moise, Moise Natacha, Maritille Nelson, Remarque Jean Buteau, Denis Ulrick, Merilien Roody, Edmond Yolette, Saintil Jean-Claude, Gabriel Joseph Elysee, Augustin Jean Roosvelt, Neptune Dorcean, Jean Astwan, Jean Pierre Richard.

Sijè: Ki wòl yon blan etranje / etranje ka jwe nan sistèm edikatif Ayisyen an?. - Se Ayisyen ki pou chwazi ki wòl yon etranje ka jwe nan sistèm edikatif la. - Yon etranje ka jwe yon wòl enpòtan onivo ekonomik nan edikasyon, men nou bezwen itilize resous sa nan bon kondisyon. - Gen yon bann ti sistèm anndan sa nou ta rele gwo sistèm edikatif Ayisyen an, sa vle di gen lekòl ki ap aplike pwogram franse, genyen tou kap aplike pwogram meriken elt. Sa vin rann edikasyon ayisyen an malad. Sa pèmèt nou pa gen idantite nan edikasyon, sa mande pou n redefini.

2- Patisipan : Kristy Stoesz, Samson Joseph, Bellegarde Pierre.

Sijè: Fòmasyon adapte nan reyalite Ayisyen an. - Nou debat kesyon an ak plis moun, pou n ka konnen kouman pou n pote amelyorasyon nan zafè edikasyon an. - Wonn Refleksyon se yon zouti ki kapab itil nan edikasyon. Se yon mwayen pou pote chanjman nan jan moun ap reflechi yonn ak lòt. - Kilti n dwe antre nan edikasyon, tankou vodou, mòd ayisyen, zafè pwodiksyon n. E bagay sa yo ta dwe vin klè, pou tout moun wè se yon nesesite pou tout aktivite sa yo enplike nan zafè edikasyon. Konsa, fanmi, pwofesè lekòl, direktè lekòl t ap angaje yo tout bon vre nan aprann timoun yo bagay ki vrèman marye ak reyalite yo.

3- Patisipan: Sterling Ernso, Isme Marcieu Daniel, Douyon Marie Therese, Evens Medina, Victor Ernst, Antoine Andre, Antenor Rosie, Saintene James, Badeau Honore, Jean Emmanuel, Maurice D.P.C, Luc Sterling, Champagne Johane, Delorme Gina, Debrosse Gerda.

Sijè: Ki mekanis nou genyen pou amelyore systèm edikatif nou an? Sa kita merite fèt: - Fè seyans fòmasyon nan ministè yo epi pou pwofesè yo. - Dirijan yo bezwen pran plis responsabilite nan travay edikasyon an e sa dwe fèt depi alabaz. - Nou dwe gen yon edikasyon ki inik e ki adapte ak reyalite nou. - Pèmèt elèv jwenn bon jan materyèl didaktik pou yo travay, epi elabore yon pwogram ki byen detaye pou yo. Lè n rive mete bon jan mekanis anplas, lè sa a na va reve amelyorasyon peyi.

4- Patisipan : Remarque Jean Buteau, Hedglin Coleen, Moise Natacha, Denis Ulrick, Mesidor Heguel, Leonvil Moise, Celestin Nanese, Remy Natacha, Joint Ednor, Augustin Ruth, Augustin Reginald, Lucner Altidor, Jean Pierre- Richard, Edmond Yolette, Neptune Dorcean, Maritille Nelson.

Sijè : Nan ki lang edikasyon an ta dwe fèt, an kreyòl oswa an franse? Majorite patisipan dakò pou edikasyon an fèt an kreyòl pou rezon sa yo: 1- Paske kreyòl la se lang manman nou ak lang papa nou. 2- Yon bon edikasyon mande bon jan konpreyansyon e majorite timoun yo pa konprann franse. 3- Lang yon pèp se idantite l 4- Leta dwe fè yon gwo travay nan valorize lang kreyòl la, tankou pibliye dokiman an kreyòl epi pale kreyòl nan tout administrasyon yo.

5- Patisipan : Celestin Nanese, Leonvil Moise, Remy Natacha, Hedglin Coleen, Jean Denis Vilaire, Presandieu Paulaine, Ulrick Denis, Joint Ednor, Nelson Maritille, Neptune Dorcean, Edmond Yolette, Montuma Mixion, Moise Natacha, Augustin Reginald, Augustin Ruth, Theodore Wilner, Gabriel Joseph Elysee, Heguel Mesidor, Luc Altidor.

Sijè : Ki rezilta n ap chache le nap fè edikasyon timoun ann Ayiti ? Men sa nou pi souvan jwenn nan reyalite edikasyon ann Ayiti :

· Edikasyon an plis konpetitif olye chita sou pataj konesans. · Timoun yo plis aprann yon bann bagay pakè olye nou ede yo reveye konpreyansyon lakay yo. · Manke materyèl pou timoun yo fè pratik, konsa nou plis chita sou teyori. · Edikasyon fèt nan lang franse kise yon blokaj nan pwosesis edikasyon an. Pafwa menm pwofesè a pa menm ka byen eksplike elèv yo sa l wè an franse a. · Pa gen okenn altènativ ki ofri ak timoun nan pou lè l pa lekòl ankò, nan sans pèmèt li aprann metye ki ka itil li demen.

6- Patisipan: Jean- Jaques Ronald, Louis Savienne, Manasse Rosemond, Saintil Jean- Claude, Jean- Baptiste Patrick, Augustin Joseph Roosvelt, Valery Omnece, Jean- Baptiste Peterson, Lumarque Gerald. Sijè : Kijan nou ka fasilite bon jan fòmasyon jèn nou yo ? Pwopozisyon solisyon : - Fè resiklaj pou pwofesè.

      -  Pèmèt yon anviwònman ki ka favorize yon yon bon edikasyon.
      -  Fòk klas la se yon klas patisipativ kote travay elèv yo valorize.
      -  Mete laboratwa nan lekòl yo.
      -  Sansbilize jèn yo pou yo renmen peyi e pou yo deside itil li.
      -  Fè se moun ki nan edikasyon ki travay nan edikasyon.
      -  Detache politik ak systèm edikatif la.

7- Patisipan: Isme Marcieu Daniel, Saintene James, Augustin Ruth, Augustin Reginald, Montuma Mixion, Douyon Marie- Therese, Maurice Amos, Delorme Gina, Debrosse Gerda, Antoine Andre,Champagne Johane.

Sijè: Ki kote nou swete rive ak edikasyon nou an? Men sa ki bezwen fèt: 1- Resitisyon nan systèm edikasyon an, pou rive amelyore kalite ansèyman an. 2- Restitisyon nan kou pwofesyonèl yo, menm si nou pa bon nan yon fakilte, nou dwe ale nan yon kou. 3- Ministè a bezwen jwe wòl kòdinatè atravè lekòl yo.

8- Patisipan : Bellegarde Pierre, Stoesz Kristy, Jean- Baptiste Calomy, Remarque Jean Buteau, Samson Joseph, Merilien Roody, Noncent Dieudonne, Dorvilien Witchel, Jean Pierre- Richard, Clairemond Jean Michel, Jean Astwan.

      Sijè :  Ki aksyon nou ka poze pou nou jwenn yon solisyon pou sistèm edikatif la ?
      Ann Ayiti pa gen yon chan daksyon, sa vle di se yon sistèm ki akayik, tout bagay se pakè yo aprann yo. Menm apre 10 lane yon elèv pase lekòl li pa kapab fè yon bon kominikasyon.
Kidonk, po sove edikasyon an nou ta dwe fè yon refòm nan sistèm edikatif la. Vini ak yon lòt bagay tou nèf, kap chita sou bagay pratik, plis demonstrasyon. Konsa dwe gen laboratwa eskolè. Wè edikasyon an nan yon sans pi laj, sa vle di marye edikasyon an ak lavi kouran, tankou pwoteje anviwònman. Ankouraje moun nan katye nou fè zòn kote yap viv la pwòp, mete kèk poubèl nan zòn yo. Pwoblèm edikatif la se yon gwo mal sosyal, nou bezwen envite sektè pou vin mete men nan pat la.


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited September 17, 2003 9:27 am USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: