KontAyisyen

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

- Vwala se Bouki ki gen yon senkant pyas,li bezwen fe monnnen, yon ti moman apre Malis we li gen monnen nan men l, Malis di O Bouki apa senkant pyas la tounen monnen, Bouki reponn, se tonbe l tonbe ate,pye m tonbe sou li epi l fe monnen wi.

- Vwala se yon neg ki pa konn li, men li gen pitit li ki t ap viv nan yon peyi yo rele San Jose. Yon jou piti la sot lot bo li vin we papa l. Epi pitit la ap montre papa l peyi a nan albom, epi papa we yon vil, li di pitit la koman vil sa a rele, pitit la di San Jose papa, papa a di men koman San Jose, men se yon J mwen we nan Jose a, pitit la di non papa ann espayol J pwononse kom H. Papa di an an, ann espayol J se H. Kounye a le pitit la rive pou l tounen aletranje, se konsa papa a oganize yon gwo fet pou li, pou l fe pedan, pou l montre l fo e pou l montre li te gen pitit li aletranje. Konsa li prepare diskou sikonstans li, pa bliye li konnen ann espayol tout J se H. Li komanse, bonhou medam lasosyete, mwen gen pitit mwen ki rele hozef, li t ap viv nan yon peyi yo rele San Hose, le n pat we l la li tal Hakmel, le l sot Hakmel, li tal Heremi, si n pa we l li gen pou l ale an Hen ou an Hiye.


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited November 3, 2003 11:15 am USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: