LetEnvitasyon

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Pòtoprens, jou ki lendi 21 jiyè 2003

Soti nan AED (Aide à l’Enfance en Domesticité)

Pou rive jwenn………………………………………….……

Chè zanmi,

Apre rankont 4 jiyè 2003, ki te fèt nan Villa Manrèse kote divès enstitisyon te prezan, yon gwoup patisipan, ki reprezante plizyè enstitisyon, te ofri tèt yo pou asire animasyon ak planifikasyon rankont 22 out ki pral fèt la. Inisyativ sa fèt pou pote nou reflechi sou ki jan nou kapab kontinye mete tèt nou ansanm pou travay kont sistèm rèstavèk timoun an Ayiti. AED (Aide à l’Enfance en Domesticité) fè pati gwoup patisipan ki pral anime jounen sa. Konsa, l ap pwofite envite w nan yon rankont ki pral fèt nan lokal AED a ki nan ri caravelle ruelle Anne # 8, ant nazon ak avni poupla jou k ap 22 out 2003. Rankont la, ap kòmanse a 9 vè nan maten pou li fini a 4 trè nan aprè midi.

Objektif rankont sa a : Reflechi ansanm sou divès pwopozisyon ki te fèt nan rankont Villa Manrèse jou ki te kat (4) jiyè 2003 a.

Rankont la pral anime pa metòd espas ouvè, se yon metòd patisipativ ki favorize yon bon echanj demokratik sa vle di se nou menm ki prezan nan rankont la ki pral gen responsablite kreye ansanm yon pwogram ak yon ajanda pou tan n ap pase ansanm. Sa n ap atann de rankont sa a, se kontinye met tèt nou ansanm pou n asire rankont yo toujou kontinye ak patisipasyon tout enstitisyon yo. Epi pou yon lòt gwoup patisipan anime pwochen rankont mwa Oktòb la.

N ap kontan wè w 22 out 2003, n ap mande w pou konfime prezans ou nan rankont sa a, anvan 11 out 2003, nan nimewo sa yo : 257-6357 / 512-3149 / 512-0493 oubyen nan adrès imel sa : samimijoseph@hotmail.com

Patisipan ki siyen pou gwoup la :

                                                      _________________                                  
                                                    Alix Jean (Direktè AED)                               


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited July 24, 2003 10:06 am USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: