LetEnvitasyonPotOuveLimyeLavi27Avril2003

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Pòtoprens, Lendi 24 Mas 2003

Chè, ……………………………….

Nou salye ou nan non Granmèt la epi n ap pwofite okazyon sa a pou n wete chapo nou byen ba devan angajman ou nan travay pou jistis ak lapè blayi nan lemond ak nan peyi Ayiti.

Limyè Lavi ak “Beyond Borders” se de (2) òganizasyon ki ap kolabore depi 10 lane nan kad travay pou jistis ak lapè epi nan edikasyon altènatriv. Nan kòmansman reyinyon Anyèl 2 òganizasyon nou, nou toujou òganize yon “Pòt Ouvè”. Tèm rankont lan se : Kòman nou kapab kiltive lapè nan fanmi ak nan kominote nou yo?

Objektif jounen pòt ouvè se pou ede nou bati oubyen ranfòse relasyon ant moun, òganizasyon, òganis ki ap travay nan menm domèn ak nou oubyen ki enterese nan travay nou. Konsa a aktivite Pòt ouvè toujou yon espas echanj, epi nou toujou eseye kreye yon anbyans detant nan okazyon sa a.

Pou ane sila n ap envite ou patisipe ak nou nan jounen Pòt Ouvè a. Pral genyen atelye patisipan ap pwopoze epi anplis pral gen :

1. Pwojeksyon Videyo sou Sitiyasyon restavek ann Ayiti 2. Pwojeksyon Videyo sou Travay LL ak BB

Pòt Ouvè ap fèt Dimanch 27 Avril 2003, soti 2 zè pou rive 5kè nan apremidi.

Nan lokal “Fondasyon Limyè Lavi nan “Delmas 95, Route de Jacquet, rue Bailly # 1” Telefòn: 257-6357 ak 512-3149

Se pral yon opòtinite pou bati amitye ak lòt moun, lòt òganizasyon epi ranfòse relasyon nou deja genyen pou nou youn konnen lòt pi byen.

Nou espere atelye refleksyon nou ap pwopoze a pral yon bon okazyon pou youn nan aprann nan men lòt, nan eksperyans lòt. Nou swete nou tout ansanm pral gen chans pase yon bon moman.

Nou konte sou prezans ou.

N.B. N ap mande ou pou konfime patisipasyon ou nan nimewo sa a 512-3149 oswa 257-6357 avan Vandredi 18 Avril 2003. Oubyen nan adrès imèl sa a. Limyelavi@aol.com. Si ou vle plis enfòmasyon kontakte nou.

Pou Fondasyon Limye Lavi


EspasOuvri

LeForumOuvert

OpenSpace

OganizasyonYo - LesOrganisations - TheOrganizations

AsosyeEksperyansla - LesassociatesdeLExperience - AssociatesofTheExperiment


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited August 7, 2003 2:29 pm USA Pacific Time by 66.172.150.xxx
Search: