LetEnvitasyonStJosephs

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Refleksyon k ap gide nou--9 moun ki travay ak responsab pou fonksyonman St. Joseph's Home for Boys, Wings of Hope, ofelina Jacmel la, ak lot inisyatif yo--pou retret nou an.

Lokal : Morne Saint Benoit

Dat : 14, 15 ak 16 out, 2002

Patisipan nan retret la : Alcindor, Benoit, Daniel, Francique, Gilmiste, Jacky, Maya, Jacob, Lafalio, Jacky

N ap sevi ak metod Espas Ouvri pandan tout retret la

Tem Retret la :

Aprantisaj nou nan lidechip : Koman n ap prepare nou pou demen ?

Patisipan te rankontre 5 out pou devlope tem pou retret la epi pou reflechi sou entansyon nou pou retret la. Nou te eseye reponn kesyon sa a : ki fwi nou swete retret la ka pote ?

Men lide santral yo nan ti tan nou te pase ansanm :

Nou we ke retret sa a pral bay nou yon posibilite pou yonn konprann lot pi byen. Pou yonn ka pataje ak lot koman li fe travay li, ki pwoblem l ap konfwonte, ki reyisi l ap reyalize. Retret sa a pral bay posibilite pou yonn aprann nan men lot pou ede nou avanse nan demen.

Nou konstate gen anpil bagay nou bezwen vin pi fo ladan l pou n byen jere responsabilite nou yo. Nou konnen se yon travay enpotan k ap fet pou timoun ak moun ki andikape. Misyon oganizasyon nou yo enpotan anpil. Se pou n vin pi fo chak jou nan sevis n ap rann moun sa yo. Retret sa a pral bay nou posibilite pou n vin pi kle sou defi nou yo epi koman nou pral kolabore ansanm pou leve defi sa yo. Fok nou vin pi kle sou sa nou bezwen pou avanse nan aprantisaj nou chak nan lidechip.

Nou kwe yonn nan bagay ki esansyel nan yon bon fonksyonman travay nou an se konfyans. Pou yon bonjan kolaborasyon, fok yonn aprann fe lot konfyans. Epitou, sa mande pou chak moun aji nan yon fason ki merite konfyans de lot. Fok nou aprann metrize tet nou pou mantalite egoyis la pa domine nou. Se pou yonn respekte lot epi pou chak respekte tet li. Retret sa a pral ban nou plis seryosite nan travay nou an.

Pami fwi nou swete retret 14-16 out ap pote se amitye nou yo k ap ranfose.

N ap rankontre kay Michael 14 out a 6:00 di maten pou n ale Morne Saint Benoit.


STJosephsWingsofHopeTrinityHouse

OganizasyonYo

KalandriyeEvenman


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited August 6, 2003 1:39 pm USA Pacific Time by 66.172.150.xxx
Search: