LetpoumounkipatisipenanVoyajKonsyantizasyon

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Chè zanmi m yo,

M ap bay tout moun k ap patisipe nan echanj ant Ameriken ak Ayisyen yo yon gwo kout chapo.

Echanj sa yo ede yonn konnen lòt epi konprann lòt pi byen. Tout moun se frè ak sè devan Bondye. Semèn sa a pral fè l posib pou nou rekonèt lot frè ak sè nou yo. Nou kwè echanj ant moun ki sòti nan diferan kilti ak nasyon anrichi nou anpil. Nou kwè sa favorize lape ak yon monn ki gen plis renmen.

M ap envite nou kite prensip sa yo gide nou pandan echanj n ap fè ansanm : 1. Moun ki parèt nan aktivite w ap fè se moun ki dwe la. 2. Lè aktivite/rankont n ap fè yo kòmanse epi fini se lè yo dwe kòmanse e fini. 3. Kenben yon lespri fleksib...prepare w pou sipriz.

Nou gen yon lwa ki rele : lwa de (2) pye. Sa vle de nenpòt moman ou twouve w ap nan yon aktivite kote ou pa santi w ka aprann oubyen kontribye, al jwenn yon lòt aktivite ki pi enterese w. (prensip ak lwa nan Espas Ouvri)

Sa vle di, balon an nan pye nou ! Nou chak responsab pou asire echanj sa pral anrichi w.

Avek anpil respè ak apresyasyon pou w,

John


PwogramVoyajKonsyantizasyon

TransformationalTravel

BeyondBorders


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited September 2, 2003 12:04 pm USA Pacific Time by h0040100f8e79.ne.client2.attbi.com
Search: