NimewoDis

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Kreyol Lang Kilti

Yon zouti se yon enstriman. Yon enstriman se yon bagay ki ede moun fe lot bagay osinon yon bagay nou sevi pou fe lot bagay. Men gen enstriman ki sevi pou yon sel bagay, gen lot ki sevi pou plizye bagay, ekzanp lang. Lang se pi gwo zouti lom posede. Se poutet sa filozof yo, Aristot sitou rele lom zoon logon. Enben, si lang se yon zouti, lang kreyol la kapab yon enstriman pou transmet ak konstwi konesans tout kalite. Men pou li vin sa se pa li menm kap fe l, se pito moun ki pale l yo, savan ak konese tout kalite ki pou sevi ave l nan sans sa a. Pa gen okenn lang ki britsoukou osinon tankou yon kout zekle vin lang kilti, sa vle di sevi ave l pou kapab fe ak transmet konesans tout kalite. Menm jan yon sosyete se yon bagay ki dinamik, tout dinamik sosyal bay tou yon dinamik lengwistik, lang yo toujou evolye ak moun moun ki pale l yo. Kidonk, si nou vle fe kreyol la vini yon lang kilti, se dabo misyon save,konese tout kalite. Se pou tet sa nap ensiste pou n di pa gen lang ki enferye ak lot, tout lang se lang, avni yon lang depann de sa moun ki pale l yo vle fe ave l. (Jean-Claude Noel)

Restavek.

Nou pa kwe lanati te chwazi depi nan vant manman pou l di men moun ki dwe restavek, men lot ki pa dwe restavek, pou n repran Jean-Jacques Rousseau nan fason pa n:<< moun pa fet restavek, men se pito moun ki mete lot moun nan sitiyasyon restavek >>. Se pa tit ou genyen ki ka fe restavek ou non, ou ka kay manman w, kay mari w,okipe yon gwo pos nan leta, poutan ou se yon restavek. An reyalite restavek la se jan ou dako yo trete w osinon kalite move tretman ou sibi a. Ann fe yon ti kout listwa: nou jwenn kod lonbrit restavek la depi nan tan lakoloni, ou ka di m li te gen yon lot non, olye de restavek yo te pale de esklav, e yo te ba l plizye kalifikatif, esklav chan, esklav ki gen talan, esklav domestik elt. Kit yonn ou lot li gen yon sel bi imilye moun. li enpotan pou n di fom pratik sa a pa bon, nou pral gen 200 lane depi na p fe l, li pa mennen nou pyes kote e li pap mennen nou pyes kote. Anplis menm apre lendepandans pratik sa a pa chanje, menm ti sou non an rete domestik. Jounen jodya pa gen kote restavek pa antre, le n gade menm nan klas ki pi ba a, sa n konn rele nan gwo franse ( klas pwoletaryen), nou jwenn sa, fanmi ki retire timoun nan men papa l ak manman l sou baz yo pral jwenn yon lavi miyo, le yo rive sa yo twouve se lanfe sou late: mal manje, mal domi, pa ale lekol, sibi vyolans seksyel, vyolans moral elt. Sa ki pi grav, chak jou ki pase gen plis timoun kap antre nan sistem nan san volonte yo, pandan gen yon bel ti fraz nou renmen site:<< timoun jodi granmoun demen>>, ki gran moun?. E si n konsidere ledikasyon kom yon pasaj oblije pou devlopman yon peyi, tandiske nou gen yon paket granmoun demen ki nan sitiyasyon domestik jodya, a ki sosyete nou dwe atann nou?. Nou kwe li le li tan pou leta, sekte prive,legliz, lafanmi kise kote timoun resevwa premye fomasyon ak tout lot enstitisyon nan peyi leve kanpe pou di yon mo pou restavek yo, restavek yo se madanm nou, se mari nou, neve nou, nyes nou, kidonk restavek yo se san nou. An nou di yon mo pou yo. Pandan anpil nan nou ap panse 2004 ki pral fe peyi n Ayiti 200 rekot kafe, nap envite w panse ak restavek yo, yo menm zanset nou yo te goumen pou yo menm lib tou ki kote yap ye.

                                                  (Jude Appolon)

Pa gen timoun ki kreten

Anpil moun konn di gen timoun ki sot, kom kwa genyen ki paka aprann, men kom pwoveb la di:<< ak pasyans nap jwenn trip foumi>>. Tout moun kapab aprann, sa depann ki kalite metod moun kap anseye a itilize. Kite kantik pran priye,mwen se yon pwofese mwen anseye nan klas preskole, pi bon moman mwen pase le map anime klas mwen se le mwen ak elev yo chita nan yon wonn, kote nou yonn kapab we figi lot,nap pataje yon sije e yonn gen posibilite aprann nan men lot. Pou m reyisi aktivite klas mwen m oblije mete m tankou m te yon timoun, echanje ak yo, jwe ak yo, respekte yo, valorize sa yo di ak sa yo fe. Gen elev paran yo te di m yo pap konn anyen, paske yo se gwo nanm, yo deja pase plizye lot pwofese yo pat rive reyisi jis yo pa vle aksepte yo anko. Men kalite anbyans ki gen nan klas la fe elev sa yo chanje plimay.

                                                   (Gerline Decembre)

Espas Komante:

Aprann pou Chanje se yon ti jounal rezo inisyativ Wonn REfleksyon fe paret chak mwa. Nou di yon ti jounal paske se yon sel paj rekto veso, men kontni li pa piti.

 Nan lavi aprann pemet moun travese anpil etap, li ede moun vini  anpil fwa sa yo tap reve ya. Gras ak ti jounal sa a mwen aprann anpil bagay ki pote anpil fwi pozitif nan lavi mwen. Mwen ta renmen plis moun ekri nan jounal la, se yon espas ki tre ouve, si ou gen yon atik sou ledikasyon ou ta renmen  pataje ak lot moun ou ka voye l nan yonn nan adres email ou we sou ti jounal la. E ankouraje tout moun ki ta renme envite lot moun aprann pou chanje pozitivman li jounal Aprann pou Chanje.      ( Marc Julien Candio )

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited October 24, 2003 9:19 am USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: