NimewoNef

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Deklarasyon angajman Rotary Klib Petyonvil pou avanse alfabetizasyon.

Konsidere Deklarasyon Inivèsèl dwa Moun ki rekonèt dwa chak moun genyen pou jwenn ledikasyon ; Konsidere moun ki pa konn li ak ekri yo se yo menm ki pi pòv sou tout tè a ; Konsidere wòl ROTARY ENTENASYONAL jwe nan plizyè pwogram ki gen karaktè sosyal tankou derasinen maladi Polyo nan lemonn ; Konsidere nan reyinyon Fevrye 2003, Konsèy Santral ROTARY KLIB ENTENASYONAl te deside ankouraje klib yo ak Distri yo pou kontinye fè pwogram alfa a kontinye pou pi douvan Konsidere ROTARY ENTENASYONAL bay tèt li nan batay kont analfabetis la pa mwayen metòd CLE (Concentrated Learning Encounter) Konsidere ROTARY ENTENASYONAL konsakre mwa Jiyè kòm mwa Rotaryen nan lane 1998 pou te mete sou pye yon pwogram ki rele Rotalpha (Wotalfa ); Nou kwè soudevlopman peyi Ayiti a makonnen ak sityasyon pifò moun ki pa konn li ak ekri ladann ; Akòz soudevlopman an, yo riske mete Ayiti sou kote pi plis sou plan entènasyonal ; Nou kwè kom pwofesyonèl, komèsan, endistriyèl alfabetizasyon an se yon bagay ki enpòtan anpil, ijan, an menm tan e se yon bagay nou bezwen jwenn yon repons rapid pou li ; Nou kwè pwoblèm pa konn li ak ekri a fè Ayiti pèdi yon pakèt resous ; Rekonèt systèm edikatif Ayisyen an vrèman ap degrade ; Rekonèt metòd Wotalfa itilize (CLE) kapab pèmèt moun konn li ak ekri nan mwens yon lane; Nou menm, Wotaryen ak Wotaryèn nan Rotary klib nan Petion-Ville, nou angaje n pou nou fè tout moun k ap travay lakay nou, nan antrepriz nou rive konn li ak ekri, avan fen ane 2004, alonè bisantenè nou. N ap envite sektè prive a nan tout entegralite l a fè menm jan a

Petion-Ville 22 Jiyè 2003.

Edikasyon se yon dwa tout timoun genyen

Yon timoun dwe jwen edikasyon nan men paran li oubyen tout lòt moun ki responsab li. Edikasyon gen plizyè aspè anndann.

Gen edikasyon fizik ki pèmèt timoun nan byen manje, byen grandi , konbat maladi.

Gen edikasyon entèlektyèl ki gen menn valè ak enstriksyon,.

 Gen edikasyon  seksyèl ki pèmèt timoun nan konnen jan kò li fonksyonne. 

Gen edikasyon sosyal, edikasyon sivik ak moral ki pèmèt timoun nan konnen kijan pou konpòtel, pou l sèvi peyi li, rete yon moun onèt.

Gen edikasyon relijye ki fè timoun nan konnen epi respekte Bondye.

Edikasyon se yon dwa fondadamantal pou tout moun. Tout nasyon rekonèt sa. Nan lane 1948 Deklarasyon inivèsèl dwa moun te bay tout moun dwa pou resevwa edikasyon.

Nan lane 1959 Deklarasyon dwa timoun repran menm bagay la  mo pou mo nan prensip #7 la. Nan lane 1989 Konvansyon dwa timoun vin met aksan plis toujou sou edikasyon timoun nan atik 18, 27, 28, 29, epi bay paran,  ak leta peyi yo wòl pa yo sou kesyon edikasyon timoun yo. Menm òganizasyon entènsyonal travay (OIT) mete bouch sou kesyon an lè li kraze zafè travay fòse pou pwofesè ak elèv lekòl nan konvansyon 29 nan lane 1930. Li mete bouch tou sou zafè diskriminasyon sou amplwa ak pwofesyon nan konvansyon 111 OIT a. Kidonk, edikasyon se yon  dwa tout moun genyen.

                                              (christine Marie-Betty).    

Pataj eksperyans

Sa a se tèks Manite Morose yon patisipan nan sant alfa Maryaman. Sida.

Men mesaj pou tout moun sou latè. Maladi sa a pa konn ni gwo fanm, ni gwo gason. Kidonk, yon fanm pa ta dwe kondi 2 mari alafwa, yon gason pata dwe gen plizyè fanm. Lavi se yon bagay ki bon anpil. menm lè ou pòv ou pata renmen mouri, bon si w gen lajan menm se pa pale. Pa kite plezi pote w ale, ni lajan tout bagay sa yo ap pase. Pa bliye lavi w enpòtan anpil. Se yon gwo kado Bondye ban nou.

Lè yon moun gen sida nou pa dwe meprize l, okontrè bal kouray. An nou priye an nou veye, an nou rete ak yon sèl madanm, yon sèl mari. Pita pou nou pa di si nou te konnen. Si n kontwole tèt nou, mwen pap di si m te konnen, ou pap di si w te konnen, li pap di si l te konnen.

Espas Komantè:

Vin monitè alfa se pa yon bagay moun dwe chwazi dapre kapris yo. Men se yon bagay ki dwe sot anndann. Konsa nap wè l kòm yon devwa sivik e tankou yon dèt nou gen anvè peyi n. Sa vle di lè yon monitè ap fè yon klas alfa, li pa senpman rann patisipan yo yon sèvis, men li dwe yo sa, paske yo merite sa. Pwoblèm analfabetis la se pa tèt chaje yon grenn moun, men se zafè tout sektè, tout moun bezwen vin pote kole, pou n rive kwape gwo mal sosyal sa a kise pa konn li ak pa konn ekri a.

                                            (Edwige Gina).    


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited February 9, 2004 12:58 pm USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: