NimewoSez

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Ansèyman/ Aprantisaj literati nan 3è sik fondamantal.

Nan nivo 3è sik fondamantal yo bay yon ansanm kou nou ka konsidere kòm kou literati,tankou kou pyès klasik,etid tèks…,poukisa nou konsidere kou sa yo kòm kou literati?,sa pou plizyè rezon: 1. Yon kou literati se pa yon kou istwa literè 2. Etid literè se sitou etid tèks 3. Etid tèks nan nivo sa a se etid literati,oubyen nou kapab di se yon entwrodiksyon a etid literati ki pral fèt aklè nan lòt klas yo.

Men tousa poko anyen,pi gwo keksyon,se ta konnen kijan nou ta dwe anseye literati nan nivo sa a an patikilye,nan lekòl an jeneral?

Etid ak ansèyman literati ka pran plizyè fòm. Tankou,li ka konsène estrikti tèks,kòm yo elatriye. Kidonk,ansèyman literati dwe gen pou objektif primòdyal pèmèt elèv la kabap a pati modèl ak egzanp literè rive kabab pwodwi tèks tout kalité.

Nan ka sa a,devwa tout anseyan kap anseye literati,se fè ansòt pou elèv yo se pa senpman non otè,dat osnon tit liv yo konnen (menm si yo rete enpòtan),men se kapab nan yon premye tan repwodwi tèks pou aprè kapab prodwi pwòp lide pa yo.

Jean-Claude Noël.

Kòman jere yon klas osnon yon sant alfa?

Jere yon sal klas ki gen timoun ki sòti nan fanmi diferan,ki gen mannyè diferan,edikasyon dife- ran, se pa yon bagay ki twò fasil. Se menm reyalite pou patisipan alfa,se pa yon senp koze. Pou klas la byen mache,yonn nan prensip mwen bay tèt mwen se fè tout jefò pou m bay tout elèv mwen ak tout patisipan mwen menm lanmou,menm valè,menm konsiderasyon. Menm si yo difisil pou aprann,yo merite menm afeksyon,yo tout merite jwenn menm respè. Youn nan bagay ki kapab fè yon elèv/patisipan santi li mal alèz nan klas osnon nan yon sant alfa,se lè li konstate pwofesè osnon animatè renmen lòt kamarad li pi plis pase l. Lè sa a,posibilite pou li aprann kapab redui.

An jeneral moun pa aprann byen nan men moun yo kwè ki pa renmen yo. Renmen tout elèv/patisipan menm jan,se premye devwa yon edikatè. Si ou pa valorize elèv/patisipan ou,gen anpil chans pou yo menm tou pa ba ou valè. Sa fondamantal,elèv/ patisipan renmen lè moun bay sa yo fè anpil valè epi respekte yo. Si yo pa jwenn respè ak valè gen anpil chans pou yo abandonnen nan sant lan,timoun yo yo menm kapab chwazi ale fè woul olye yo antre nan klas.

Pwofesè ak monitè parèy mwen yo,kòm nou tout konnen deja renmen pa vann nan magazen,nan boutik ak ni nan mache. Pa genyen pri ou kapab peye pou sa. Men youn nan fason ou kapab pataje sa ak lòt moun se nan jan w ap ofri yo pen lenstriksyon an. E sa ou ba yo jodiya se li men y ap repwodui. Kidonk nou bezwen ofri lòt kalite egzanp.

Ezner Angervil.

Pataj eksperyans:

Refleksyon Bib la

Se yon aktivite espirityèl kote yon ti gwoup,anviwon 4 a 9 moun konsa reyini pou li yon pasaj nan Bib la,ki kapab 4 a 9 vèsè,answit gade ki mo,ki fraz, ki pati nan tèks la ki makonnnen ak lavi yo,ki mesaj chak moun kwè Bondye ap di yo nan moman an,epi pran yon titan swa pou priye,chante,ansanm. Tou sa fèt nan lide pou chache inite nan Bondye . Nou kwè se yon envitasyon Bondye fè nou,paske li di nan pawòl li: << chak fwa 2 ou 3 moun mete tèt yo ansanm nan non mwen m ap la nan mitan yo >> Mat 18:20.

Poukisa li ta toujou bon pou yon moun patisipe nan Refleksyon Bib la: 1- Li devlope abitid pou tande Bondye pi byen. 2- Li mete ankontak ak Bib la pi souvan 3- li pèmèt moun evanjelize ak oto-evanjelize tèt yo. 4- li ede moun rafèmi fwa yo nan Bondye. 5- li pèmèt moun vin maton nan travay nan gwoup 6- Li favorize altènans lidèchip.

Jude Appolon, ann kontinye viv pou lapè.

Espas Komante:

Jounal Aprann pou Chanje,te kanpe pou yon ti tan. Nou te ap reflechi sou kòman zouti sa a kapab kore travay k ap fèt nan edikasyon ak nan ransfòsman kapasite òganizasyonèl. Travay sa a pa kapab fèt san patisipasyon moun ki abitye resevwa ti jounal la,refleksyon lektè yo enpòtan. Konsa a, nou ap envite w,ou menm ki abitye resevwa ti jounal sa a epi ki enterese,fè nou jwenn komantè pa w. Yon ti evalyasyon w sou 15 premye nimewo yo ta ede nou anpil nan oryante ti jounal.

Lektè yo pa toujou itilize espas komantè nan jounal la,pou fè sijesyon ak kòmantè sou jounal la,sou atik ki ekri nan jounal la. Nan kalfou kote jounal la ye kouneya l ap chache kòmantè ak sijesyon lektè yo,pou ede l fè yon bon redemaraj. Jounal Aprann pou Chanje gen 5 ti espas ladan: 2 ti espas ( 250 jiska 300 mo yo chak ) pou ti atik sou koze edikasyon ak pratik òganizasyon demokratik,yon ti espas komantè ( 70 jiska 100 mo),yon espas pataj eksperyans swa nan pratik edikasyon oubyen pratik òganizasyonèl demokratik ( 200 jiska 250 mo),yon tablo afichaj gwoup Wonn Refleksyon,nou jwenn enfòmasyon regilye sou yo. Li posib tout lektè yo pa resevwa tout 15 nimewo ki deja parèt yo,men gen posibilite pou li tèks ki parèt nan 15 dènye nimewo yo sou sit wiki nan adrès: eksperyansla.info

Nou kapab itilize adrès ki nan premye paj ti jounal la pou fè nou jwenn komantè ak sijesyon nou yo. Li posib pou komantè sa yo parèt nan pwochen nimewo yo.

Eddy Sterling.

Pwoveb Ayisyen: Depi yon chen meg yo di l gen pis.


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited August 25, 2004 9:53 am USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: