NimewoUit

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

     Bay  koute pran devan n

Mwen kwè, nou menm kòm pwofesè, konn mande tèt nou kisa nou dwe di elèv ou byen etidyan nou yo. Menm elèv ak etidyan konn panse, se sa nou di yo ki enpòtan.  Kapab gen divès kòz pou sa. Petèt pi gwo kòz se paske nou tout konn kwè se nou menm, kòm pwofesè, ki gen konesans pou n pataje. Se etidyan yo ki sipoze aprann nan men nou. Konsa, se pou nou pale epi pou yo menm tande. Kanmenm, nou pa ka konnen kisa pou n di, san nou pa tande sa etidyan nou yo ap di nou anvan Konsa mwen ta di se pou nou tout bay tande pran devan..

 Nan yon klas ki baze sou yon chita pale, se pa yon sèl moun k ap bay lòt  konesans. Non, se pou chak moun vin reskonsab aprann tèt li. Chak fwa mwen menm, kòm pwofesè, pran la pawòl, m ap prann reskonsabilite pou wout chita pale a pran. Konsa, etidyan yo ap pèdi yon opòtinite pou yo menm prann plis reskonsabilite. Pou mwen ka menm antre nan wout pou m ede etidyan yo pran reskonsabilite a, fòk mwen pale mwens ak tande piplis. Fòk mwen konnen ki moun yo e ki moun yo vle ye. Se pa mwen menm ki konnen ki jan pou yo  reponn kesyon sa yo. se yo menm sèl ki konnen epi mwen pa ka  ede yo fè wout yo menm vle fè, san m pa tande sa yo di.  Pou mwen menm, se koute, tande, ki pi enpòtan pou nou tout ki  travay pou bati yon edikasyon ki sipoze ede moun vin pi lib. Konsa, mwen ta mande nou 
tout bay tande pran devan n. (Steven Werlin).

Kreyòl ak Franse

Nou pap pale de yon pakèt bann gwo teyori sou orijin lang kreyòl la. Men n ap kòmanse pou n di kesyon sou rapò ant kreyòl ak franse a te chita depi nan tan lakoloni, kreyòl la pat senpman lang esklav, blan yo te konn pale li tou. Men se kèk tan apre ‘’ kòd nwa ‘’ lang kreyòl la vini lang esklav. Depi lè sa a, yo fè kreyòl la tounnen yon lang enferyè. Menm jan tou, apre endepandans peyi a, ti mas moun ki konn li ak ekri yo, kidonk ki konn pale franse yo kontinye meprize kreyòl la, jiskaske yo menm ta di li pa yon lang. Malgre gwo jefò ki deja fèt ki ap kontinye fèt gen kèk prejije ki poko sòti nan sosyete a, pa egzanp kreyòl la paka yon lang ansèyman, kidonk yon lang kilti. An n poze kesyon sa a : Eske kreyòl ka yon lang kilti, sa vle di èske l kapab sèvi pou fè ak transmèt konesans ? repons la se wi. Paske si nou ta di non sa ta vle di gen lang ki siperyè ak lòt lang e gen killti ki siperyè ak lot kilti. Si n ap fè syans tout bon vre nou tou wè sa pa konsa. Pou yon lang vin lang kilti, sa depann de moun ki ap pale l yo e ki ap sèvi avè l yo. Sa ki vle di si nou pa deside fè kreyòl la tounen yon lang kilti, li pap janm sa, men se pa yon bagay natirèl ki fè yon lang lang kilti ou pa.

                                                                    (Jean-Claude Noel).

Pataj eksperyans:

Alfabetizasyon nan Maryaman, yon pwogram ’’ Asosayon Plantè ak Elvè nan Maryaman. Tèks Eric Saint-Cyr, yon patisipan nan sant alfa Bawosya.

Maryaman se yon bèl ti kote pou tout moun ta vizite. Lè w fin kite Petyonvil ou pase galèt myèt la sou Dipon, kafou diplan, Malik epi Maryaman. Nan zòn sa a ou jwenn anpil pye bwa, yon lekòl nasyonal, yon legliz pwotestan ak yon lekòl ladann. Gen yon legliz katolik tou, Sen ki ladann nan rele Monkamèl. Nou fete l de fwa pa lane, 21 Janvye ak 16 Jiyè. Si w Petyonvil, w ap pran machin nan ri Lama nan estasyon Bwamonkèt, l ap lage w Malik. Moun Maryaman renmen lakay yo anpil. Nou gen kouran elektrik, telefòn, dlo potab. Bagay ki rele frize ya menm se pa pale. Nou gen tou anpil zorany, chadèk, zabriko, zaboka, kowosòl. Nou gade bèf, kabrik, kochon, chwal, poul. Pi gwo pwoblèm Maryaman, pa gen dispansè, ni klinik pou pote moun ki malad yo. Pa gen wout pou machin yo pote moun ak materyo. Men se pasa ki pou fè m kite Maryaman. Lakay se toujou lakay, mwen pito rete lakay. Mèsi John, mèsi Steven, mèsi Jude, mèsi Wotalfa.

Espas kòmantè:

Depi ou di timoun otomatikman, se yon pakèt bèl lide kita dwe pase nan tèt ou, tankou timoun se richès, timoun se avni, timoun se flè kay la. Anplis, tout moun ki gen anpil sajès depi y ap panse sosyete yo panse timoun. Poutan gen yon kategori timoun se lòt bagay lot moun di pou yo : Timoun se bèt, timoun pa gen volonte. Sa fè yo sibi tout kalite move tretman nan levasyon yo, bat yo ak rigwaz, mete yo sou graj, fè yo tounen restavèk elatriye. E se menm nou menm ki toujou ap di timoun jodi granmoun demen. Gwo kesyon an se ki granmoun e pou ki sosyete ? Eske nou kwè joumou pral resi donnen kalbas nan 10 lane ki ap vini yo ?

                                                                           (Rosie Antenor).

Pwoveb Ayisyen:

Lavi a nan vwayaj, penitans gen jou l.


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited November 14, 2003 12:55 pm USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: