NotPotOuveLimyeLavi27avril2003

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Nòt Espas Ouvè, nan jounen Pòt ouvri LL

27 Avril 2003

Thème: Kòman nou kapab kiltive lapè nan fanmi nou ak kominote a ?

Atelye: Kòman nou ka wè moun sou chimen sa a “kiltive lapè” Non patisipan yo: Jude Appolon, Colette Lamothe, Junia Milien Ou ka wè sa: Comportement, li la pou l mete ola Yon moun ki konn koute, ki y ap chache konprann. Maîtrise de soi Ki kwè nan moun Mounm ki kapab aksepte lide lòt moun. Fòk nou pa viv nan manti ak lòt moun Moun nan ka kiltive sa: Jwenn bon anviwonman pou l kiltive sa Etap moun dwe sviw pou kiltive lapè: - Tolerans pou lòt moun - Espri dyalòg, pataj - Chache moun ki gen menm vizyon ak ou, kapab jwenn yon konsansis. Vilgarize mesaj ou lapè: swa nan yon ti jounal, nan radyo, elatriye”. Kominikasyon an gen anpil efliyans sou ledikasyon timoun yo, li sovgade fwaye yo kont konfli initil. Kominikasyon se yon pouvwa nan chanjman atititd ak mantalite moun. Li bay jarèt nan pwojè devlopman yon kominote genyen. Li se yon dyalòg nan mitan 2 oswa plizyè moun ki fèt ni pi gran respè yonn ak lòt. Li pèmèt lanmou ak lapè boujonnen nan fanmi an. Li pèmèt nou fè yon sèl pou nou fè fas ak pikan kwenna ki genyen nan lavi a. Rezilta a pèmèt fanmi yo rete soude epi kominote ap benefisye de sa tou. Donk kominikasyon pèmèt nou wè reyalite nan menm sans. Moun ki pran nòt: Betty Jean-Pierre Thème: Kòman nou kapab kiltive lapè nan fanmi nou ak kominot a

Groupe A: Atelye: Respè ak lanmou

Ronn reflkesyon

Moderatè: Jean Sekretè: Lafortune Wakiniel Kantite moun: 11 Non patisipan yo: Coriolan Marthe, Fenold Appolon, Neptune Rosias, Gladys Milien, Antoine Vital, Claudette Louissaint, Jn Ulrick Basquint, Jean Plaisir, Macly Jeannite, Lafortune Wakiniel, David, Chris Low, Manno (Emmanuel Milien)

Ouvèti espas la: - Fenold: Kote ki pa gen respè gen zizani pa gen inite. Pou lapè etabli tout bon vre se kiltive respè ak lanmou. - Ulric: èske respè se fason w aji pou moun lakay ou, ozalantou? Fason ou konpòte andan lakay ou… kijan nou konpare l ak respè anvè lòt moun - Math: respè se rasin tout bon choz (un enfant respectueux devient un adulte respectueux). Sosyalman se maman tout bon bagay. Ekzanp: nan fanmi. - Gladis: baz sosyete a, ekzanp: fanmi. Iyorans ka fè yon moun pa bay enpòtans ak respè. Ekzanp: sosyete ayisyen mank de respè blayi tribò babò. - Neptune: dabò edikasyon familyal, li kòmanse pa krent de Dye ak tèt ou - Antoine: Kilè yon moun gen respè pou yon moun: a) dwa b) devwa. Ekzanp: yon timoun ke paran l voye li nan yon sen aktivite reponn li pakab, èske li derespekte l. - Jean: Respè, gen yon sòt de kominikasyon alabaz. Prensip: onè, respè - Fenold: Edikasyon relanse enpòtans pou nou respekte youn ak lòt. Repèkisyon se a lavni sou sosyete - Lafortune: Paran yo dwe tou respekte timoun yo. - Neptune: kolaborasyon, konpreyansyon, nou ka avanse nan respè a. - Jean: fanmi a se yon modèl, se kominote. Chèche zizani, konfli nan fanmi a, relasyon granmoun ak timoun. Respè a pa sans inik. - Math: Nan sans sa, lanmou ta dwe vini anvan respè. Ekzanp: ou voye timoun pa ou la, li di l pa byen. Tandiske restavèk la pa ka di sa. - Neptune: Lanmou dwe fratènèl pou pwogrè sou fanmi. - Fenold: Se absans de prensip yo ki fè aksyon decheyans yo konn poze. Kòman nou kapab fè lòt konnen kòman edikasyon fanmi an dwe ye, enpak sou konpòtman fanmi an. - Math: Fratènize lyenb fanmi ansanm, atraksyon youn ak lòt. ¾ ayisyen bòne nan yo menm. - Ulrick: Prekosyon pou li menm mo respè ap pèdi valè kounye a. - Jean: Definisyon pa aksyon de mo sa yo rele respè. - Gladys: sans reskonsablite: pran reskonsablite fas a fanmi, a lòt moun tou. - Neptune: Pou respè a jwenn tout valè li, nou gen bezwen tan nan fanmi an. - Kess lo: jistis ant youn ak lòt andedan fanmi an. Konsyans lakay ou avan. - Jean: Lapè deja ekziste, se eseye jwenn li pou n nouri l. Ekzanp: yon fèye nan yon plantasyon mayi. Kijan nou pral fè pou n mete l pami nou. - Macly: Kominikasyon se yon eleman ki enpòtan pou n gade sans de respè. An jeneral gen yon lsòt dezekilib pou nou jere. A savoir: le respect de droit et devoir dans la famille. - Neptune: lè nou kite pasyon lidèship ap domine, li mete anpil dezekilib nan fanmi a. L’humilité avant tout. On s’excuse dans n’importe cas. Padon enpòtan nan fanmi a anpil. - Claudette: 1) Kontwole tèt ou, se premye bagay ki enpòtan andedan fanmi 2) respè lanmou - Macly: Pa gen lanmou san tolerans, san sipò, san konpreyansyon

Reyinyon te bèl e te gen anpil patisipasyon tout moun ka nou te degaje anpil pwen sou respè ak lanmou.

Dimanch 27 avril 2003 Thème: Kòman nou kapab kiltive lapè nan fanmi nou ak kominot a

Groupe B: Atelye: Kominikasyon yonn ak lòt pou lapè nan fanmi ak kominote yo

Non patisipan yo: Francois Georges (SOJAS/UJAPH) Betty Jean-Pierre (NCHR) Edmond Déra (UJAPH)

Kominikasyon pèmèt ke chak moun andan yon fanmi konnen yon ak lòt, konnen gou, defo, kalite yonn ak lòt. Menm jan li fè nou konnen dwa ak devwa nou. Kominikasyon an gen anpil efliyans sou ledikasyon timoun yo, li sovgade fwaye yo kont konfli initil. Kominikasyon se yon pouvwa nan chanjman atititd ak mantalite moun. Li bay jarèt nan pwojè devlopman yon kominote genyen. Li se yon dyalòg nan mitan 2 oswa plizyè moun ki fèt ni pi gran respè yonn ak lòt. Li pèmèt lanmou ak lapè boujonnen nan fanmi an. Li pèmèt nou fè yon sèl pou nou fè fas ak pikan kwenna ki genyen nan lavi a. Rezilta a pèmèt fanmi yo rete soude epi kominote ap benefisye de sa tou. Donk kominikasyon pèmèt nou wè reyalite nan menm sans. Moun ki pran nòt: Betty Jean-Pierre

Thème: Kòman nou kapab kiltive lapè nan fanmi nou ak kominote a Atelye C: Ki kote lapè kache?

 Non patisipan yo:  Djems, Kristy, Adelais, Joseph Yvon, Ashley, Fremy, Strauss, Gody, Fenold, Anne
Eksplikasyon moun ki te vini ak sijè a. Lapè pavèt kòm yon bagay anlè anlè, ki pa nan reyalite a. Rezon ki fè moun yo patisipe nan atelye sa: 1) Li vini pou konnen si gen lapè vre 2) Yo ta renmen konnen ki kote li kache. 3) Lapè a se andan nou, nou pa menm ka konnen si li kache vreman. 4) Kilè ou gen lapè? Anpe kondisyon dwe reyini pou gen lapè. 5) Sa ki enterese nan sijè a se devwa kou genyen ki ka fè nou patisipe ladan l 6) Eske li kache vre oubyen si li la men nou pa ka wè l.

Deba yo louvri - Li kapab kache nan valè ak diyite. Lè ou rekonèt valè nan de jès (koutwazi anvè lòt yo) nan respè pou tèt ou ak pou lòt yo - Lapè a nan moun yo men kilè ou moun? - Kote ki gen grangou, èske ka gen lapè? - Lè gen yon bezwen ou pa ka rezoud li, èske la pè ka reye nan yon moun vre. - Fòk ou gen yon bon anviwonman pou ka gen lapè - Nou ka fè lapè andan nou, sa pa vle di pa gen konfli ni fristrasyon. Mwen pa kwè nan konsèp kondisyon ki dwe egziste pou lapè. - Lapè mache avèk sajès - Pi gwo pwoblèm ki kòz konfli se lè ou depase posiblite ou. Egzanp (w ap touche – 200 dola ou gen yon bidjè 300) - Nou ka anpè alòske kominote a pa anpè: - Se nan kapasite nou genyen pou jere konfli yo nan nou menm ak nan kominote a. - Lapè se yon kilti. Mwen ekziste paske lòt yo – kominote a – ekziste. (Lang ak dan toujou an konfli yonn respekte lòt) - Nan rekonèt ke panse nou yo ka an konfli san ke moun yo, kò yo pa ladan l (vise, vèsa) - Lè w gen lapè nan ou sa pa vle di ke kominote a anpè, men ou dwe kòmanse pa tèt ou. - Pliske vant ou plen, sa pa vle di tout moun vant yo plen. - Si mwen pa angaje m nan aktivite mwen ka pa gen lapè. Lapè depann de jan mwen nouri l nan mwen menm. - Lapè se yon reskonsablite yonn pou lòt, chak moun ap fè sa yo gen pou fè lè yo rankontre alòs men lapè a. - Lapè se reskonsablite fanmi yo - Si yo teni kont de panse ak kilti chakmoun, lè chak moun rekonèt valè ak enpòtans chak lòt moun yo, lapè posib. - Nou bezwen kiltive lapè nan fanmi nou yo. Nou pèdi lapè a lè nou travay nan kominite yo sitou nou menm antan ke lide. - Souvan lapè a chita sou yon moun ke yo pè (perèz) kou li pa la, lapè disparèt (sitiyasyon monopòl) - Poukisa lapè kache? Yon lòt kesyon ke nou ka pataje sou li petèt yon lòt fwa. - Pran tan ak pasyans, pou rive kiltive lapè.

Dimanch 27 avril 2003 Thème: Kòman nou kapab kiltive lapè nan fanmi nou ak kominote a Atelye D: Yon echanj sou pratik ki ka fè nou pi fò nan jere fristrasyon

Non patisipan yo: Sherline, David, Bony, Luc, Jn Claude Cerin, Nadia, JohnEmmanuel? Lacroix (Cohadde/Tribunal? timoun), Tales Vilka, Blanc Byton, Jonathan Haggard, Gustave, Michelette

- Youn nan bagay ki ka ede yon moun nan koze fristrasyon se evite kòlè - Konpreyansyon (kominikasyon yonn ak lòt, metrize tèt ou) - Lapè enteryè e lapè avèk lòt moun, tolerans - Yon bagay ki ka ede n ankò se ankourajman - 3 lòt bagay ankò: respirasyon enteryè (meditasyon) – repetisyon de mo “kòm”(pasyans, tolerans, kouraj, metriz) – priye chak maten - Kilès ant gason ak fi ki genyen plis tolerans?

LIS PATISIPAN NAN JOUNEN POT OUVE FONDASYON LIMYE LAVI

Tèm: Kòman nou kapab kiltive lapè nan fanmi nou ak kominote nou 27 avril 2003

Emmanuel Lacroix 3e rue du travail #23 245-5014 Lacroixemm@hotmail.com Sherline Alexandre 107, rue Cameau Junia Milien 107, rue Cameau Samson Joseph samimijoseph@hotmail.com

David Diggs dadiggs@beyondborders.net

Betty Jean-Pierre projetrestavek@nchr.org

Godfroy Boursiquot Gody22@hotmail.com

Merlin G. Luc 59, rue Mgr Guilloux 221-4479

Antoine David 366, rue Tiremasse 221-6944

Lafortune Wakiniel 366, rue Tiremasse 221-6944

Joseph Yvon La Gonave 513-8322

Basquint Jn Ulric Ruelle Aimé Césaire #43 à l’int. 221-6732

Jean-Yves Plaisir 57 W 93rd St. #5C, NYC 10025

Jn Antoine Vital 107, rue Cameau

Gladys Milien 107, rue Cameau

Nadia Louisy 129, imp. Caiman, rue Brun Ricot, Nazon

Anne Hastings 7, ave Jn Paul II, Fonkoze fonkoze@aol.com

Strauss Védrine Mouvement haitien pour le développement rural 35, rue Conti, Jacmel 288-3997/542-3183 mhdrural@hotmail.com

Edmond Dera Union des Jeunes pour l’avancement et le progrès d’Haiti (UJAPH) 556-1804/410-9655 UJAPH@yahoo.fr Deraing@hotmail.com

Francois Georges UJAPH

Jude Appolon Judeappolon@hotmail.com

Fenold Appolon 485-0622 apfenold@hotmail.com

Bony Beauséjour IRD 286-0068

Blanc Byton Marianman 256-5096

Tales Wilca Léogane

Neptune Rosias Mariaman 552-4749

Marthe-Mie Melse Coriolan Malique 257-3772

Adelais Acluche Malique 330-2282

Ashley Acluche Malique 330-2282

Djems Pierre SOCEP 555-1617 pdjems@caramail.com

Jean Claude Cerin MEDA 511-7252 jccerin@meda.org

Chris Low 554-8813 Chriswlow@aol.com

Sarah Roche 554-8813 Rochebomb@hotmail.com

Louissaint M. Claudette 408-8427 Lashama2001@yahoo.fr

Macly Jeannite 222-1908

Michelette et Gustave Cadet Limyelavi

Limye Lavi 1, rue Bailly, Route de Jacquet 257-6357/512-3149 Limyelavi@aol.com

Jonathan Haggard Beyond Borders Bydborders@aol.com


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited August 7, 2003 8:52 am USA Pacific Time by John Engle
Search: