OganizasyonEfikas

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Men w ap jwenn not pou atelye ki t ap fèt pandan Espas Ouvri 11 jiye nan Dabonn, pa Rasin Lespwa pou rezo wonn refleksyon ak espas ouvri a.

Eske transparans pa yon pwen ki fò pou yon òganizasyon vin efikas?

Transparans li menm li mande pou tout bagay fèt klè.nan yon òganizasyon transparans lan se li ki nwayo li epi se li menm tou k ap pèmèt li vin pi efikas paske pou yon òganizasyon kreye fòk gen yon bezwen ki klè pou tout moun e pou tout moun konprann selon li menm. Nou kapab di tou si pa genyen transparans anndan yon òganizasyon anpil pwoblèm ka rive. Sa a ap pèmèt gen plis magouy.

Nan ka sa a, n’ap mande pou tout òganizasyon genyen sa yo rele transparans lan paske se li k ap pèmèt li mache byen.

       Kisa yon òganizasyon ye, ki enpòtans li genyen?

       Kisa libète vle di nan òganizasyon?

                           Ki enterè n’nan sijè sa a?

Ki paralèl ki genyen ant òganizasyon e magouyè?

       Ki kote mo òganizasyon an soti?
       Ki finalit l’nan yon peyi ki pa gen tèt ansanm?

1-Yon òganizasyon se yon gwoup moun ki met tèt ansanm e ki wè nan menm bagay.

2-Seyon zouti ki devlope yon lòt lòd anndan l.

3-Finalite yon òganizasyon se ansanm objektif li vize.

4 – Yon òganizasyon se lè yon gwoup moun ap defann menm enterè.

5- Mo òganizasyon soti nan nati a.

6- Yon òganizasyon pa dwe depann de lòt moun oubyen lòt òganizasyon sou kesyon èd.

      Sou ki kritè nou ka di yon òganizasyon efikas?
      E ki moun ki ka wè sa?

       Eske yon òganizasyon ka efikas nan estrikti?
       POU YON ÒGANIZASYON EFIKAS:

1- fòk gen yon bon planifikasyon .

2- fòk moun yo bay òganizasyon an tan ki posib.

3- fòk gen sa yo rele lanmou.

4- fòk li gen moun ki gen konpetans.

5- fò genyen respè youn pou lòt.

6- fòk moun k ap dirije a gen yon langaj popilas.

7- fòk tout moun mete men ansanm pou travay la fèt.

 8- fòk moun k ap dirije yo kite plas pou lòt manm òganizasyon yo di sa ki nan lide yo.                                                                                                   

      Òganizasyon poukisa? 

_Yon òganizasyon kapab kontribye nan devlopman yon sosyete nan sans:

patisipe nan edikasyon ( granmoun ak timoun ). Nan aksyon kiltirèl (teyat). Nan aksyon sosyal(sivik e moral). Nan politik(patisipe nan eleksyon). Nan lavi ekonomik.

-òganizasyon an kapab patisipe nan livi ekonomik tankou nan prete moun ki manm yo lajan pou fè biznis. -òganizasyon an kapab finanse yon pwogram alfa pou granmoun ak jenn ki pa gen chans ale lekòl. -òganizasyon an kapab patisipe nan fòmasyon jèn yo. - Eske se sèlman yon òganizasyon ki kapab gen tout tach sa yo? -mwen kwè non, paske genyen de(2) tip de òganizasyon. -òganizasyon ki nan gouvènman -òganizasyon ki pa nan gouvènman.

       Ki konpòtman ki pa bon anndan yon òganizasyon?

Twòp otorite, manke volonte, twòp enflyans sou lòt moun, defann enterè pèsonèl, . Pa pran responsabilite nan sa k gen pou fèt. Twò ògeye, manke respè pou lòt moun angwo magwouy. Sa nou di la yo se diferan konpòtman ki konn anpeche yon òganizasyon mache.

      Ki wòl kominikasyon genyen nan yon òganizasyon?
Poukisa sijè sa a?

Se paske òganizasyon yo, an fonksyon de tout presèp yo genyen ladan l. Yon òganizasyon se tout moun ki gen konesans diferan e se pa sou yon sèl fòm. nap eseye fè yon tichita sou kominikasyon se transmèt yon enfòmasyon . yon òganizasyon plizyè moun se yon ansanm de enfòmasyon tout moun wè yon sèl kote, gen kominikasyon plizyè fòm. Si nap gade yon fanmi se yon òganizasyon, men se papa ki lidè fòk tout kominikasyon mache byen, kominikasyon an bon pou ki sa , si mwen pou kont mwen fòk m kominike. Eske anndan yon òganizasyon tout bagay kabab mache? Se pa rapò ak kominikasyon ki tabli ki fè nou antann egzanp si mwen pale franse lòt moun yo pa pale ki pou m fè? sa map fè map chèche tout teknik poum rantre paske mwen deside. Kèlkeswa yon moun te pale plizyè lang se yon seri de demach pou fè pou ka rantre menm kote ak lòt yo.

      Ki wòl entènèt nan yon òganizasyon altènatif?

Entènèt se yon mwayen kominikasyon enpòtan pou ede òganizasyon evolye youn ak lòt. kisa òganizasyon altènatif ye? Se yon òganizasyon ki pa estab sètadi ki fèmen sou li menm, ki ouvri sou lòt moun. Li vle pote chanjman , l ap bouje. Èske l pa t ap pi bon poun ranplase mo altènatif pa yon lòt mo ,tankou pwogresif. Entènèt se yon zouti ki fonn lemonn ansanm, li fonn tout sa ki nan lemonn ansanm.Jan òganizasyon lontan te konn fonksyone, gen li ki konn sèvi ak lajan sèlman pou byen yo, moun ki pi konsène yo pa jwenm anyen. Jodi a òganizasyon yo ale sou tèren an pito, dekouvri vrè bezwen popilasyon an pou entèveni.

Ki bon kote entènèt la ak move kote li? Kit li bon, li bon men si li move bagay. Nou ka sèvi yon lòt jan ak yon bagay negatif pou jwenn yon bagay ki bon. kijan jodi a chak moun ki patisipe nan òganizasyon ta ka gen konesans adekwa pou itilize entènèt? Èske gen baryè nan pratik entènèt si pa gen elektrisite, lajan tou, ak 50goud pou peye pou lèd tan nan sibèkafe. gen moun ki kreye prejije nan entènèt lè tout moun pa ka itilize l. konsa yon alfanetizasyon t ap nesesè. gen blokaj nan nivo leta, paske biwo leta yo poko branche sou entènèt. plis nou gen aksè ak enfòmasyon se plis moun p ap ka mennen nou kote yo vle, nan relasyon moun ak moun epi n ap ka dekouvri lòt fason pou n òganize.

Atelye: Yon ti refleksyon sou transparans nan yon oganizasyon.

Animatè : Gerald

patisipan : Dorlys Uzèd, Rachel Tanner, John Engle

Nou konstate souvan, moun pa sèvi ak transparans nan oganizasyon. Yo pa vle toujou bay verite sou tout bagay. Sa kreye konfli nan oganizasyon. Moun pa vle fè moun konfyans.

Koman moun nan yon oganizasyon kapab devlope dabitid vin transparan.

Gerald bay yon egzanp de jan li te aji nan yon gwoup ki pa t transparan men ki te pote fwi kanmenm. "Mwen te chita ak Fremy ak twa moun nan Fayet pou abòde posibilite komanse fè Wonn Refleksyon chak semen. Te gen moun nan responsab yo mwen pa t vle envite rankontre ak Fremy pandan nou t ap diskite sa paske mwen te konnen yo t ap bloke pwosesis la. Yo pa ta dakò pou prezante tout manm yo Wonn Refleksyon epi kite yo deside pou gwoup la. Mwen menm ak de (2) kolèg mwen te oganize pou Fremy vin prezante Wonn Refleksyon epi mande moun si yo ta dakò pou komanse lanse yon eksperyans la ak metòd sa a. Yo te dakò epi kounye a, manm yo renmen WR pi plis pase m menm. Si mwen t ap fonksyone ak transparans nèt nou pa ta reyisi entegre Wonn Refleksyon nan gwoup la."

John mande kesyon, "Eske ou panse, gras a eksperyans gwoup ap fè ak WR, responsab yo gen lespri ki pi ouvè kounye a, ki t ap pèmet yo akeyi yon nouvo lide epi prezante l devann manm yo pou kite yo menm deside. ?"

Gerald "Wi, mwen wè gen chanjman nan konpòtman kèk responsab yo an patikilye. Gen yon fanm ki se trezorye. Mwen wè kounye a, souvan, lè m pwopoze l yon nouvo lide, li konn di m kareman, 'Annou pale ak manm yo epi wè ki sa yo panse, ki sa yo ta renmen fè ?' Avan eksperyans Wonn Refleksyon, li pa t gen abitid di yon bagay konsa. Li t ap vle pran desizyon pou gwoup la."

John te mande yon lòt kèsyon. "Ki wòl franchis jwe nan fonksyonman oganizasyon ?"

Yon moun te reponn, "Gendele, ou pa kapab fran ak yon moun. Si w ap eseye konvenk yon moun de yon bagay, fòk ou byen reflechi jan ou pral abòde sityasyon. Petet si ou pale dirèk, moun nan kapab malentreprete sa w ap fè. Petet ou pral oblije navige epi pale endirèk jis li rive konvenki."

John te reponn, "Poukisa n ap eseye konvenk yon moun ? Poukisa nou pa neke deside nou dwe fè yon chita pale ak yon moun poutet gen bagay nou santi n bezwen abòde. Nou antre nan yon dyalòg san objektif pou konvenk yon moun de yon bagay. Si m fè l konsa, mwen santi m m ap mache ak transparans nèt paske m ap pataje sa ki nan kè m nan, san m ap eseye kreye yon estrateji konvenk moun nan yon bagay."

Nou te di sanble gen diferans ant mo 'konvenk' ak 'fè konprann.' Lè n ap eseye konvenk yon moun, nou antre nan dyalòg ak yon objektif san nou pa gentan koute pou n konprann lòt moun nan. Lè n ap 'fè konprann,' n ap neke esplike refleksyon nou yo, pèspektif nou - jan nou wè de choz - ak objektif ede lòt moun konprann nou, pa pou konvenk li pou chanje lide li yo. Si, parapò a sa nou di li, li chanje lide li yo, sa se chwa pa l. Men, nou pa eseye fè l chanje lide li yo lè n ap nan dyalòg avè l. Epitou, menmjan nou swete li antre dyalòg ak yon lespri ouvè, nou menm tou, gen responsabilite pou antre nan dyalòg ak lespri ouvè.

"Enpotans konfyans, pataj tach, ak respè pou moun nan oganizasyon ?"

animatè : Abner Sauveur patisipan : John Engle, Ulrick Denis,

Abner pataje ke li panse jounen jodi a li lè li tan pou tout moun, yonn fè lòt konfyans nan yon oganizasyon. Pou yon oganizasyon efikas, fòk gen konfyans. Fòk mwen kwe nan ou epi ou kwe nan mwen.

John "Si ou pa kwe nan yon moun ?"

Abner "Si ou pa kwe nan li, oganizasyon pa p mache byen. W ap toujou doute l ap byen fè sa ki sipoze fèt. Tout bagay baze sou konfyans."

Abner "Konsene pataj tach, mwen kwe pou yon oganizasyon fonksyone byen, fòk gen yon bon analiz k ap fèt pou asire moun ap fè tach ki yo renmen fè. Pa egzanp kapab gen yon oganizasyon ki gen yon prezidan k ap egzekite tach yo ki pa adapte ak talan li. Oganizasyon dwe reflechi sou tach epi detemine kiles, selon sa moun renmen fè, ki dwe pran tel responsabilite.

Denye aspè nan tèm nan se respè. Souvan, moun pa gen respè pou tout lòt moun. Yo kapab gen respè pou yon komite men yo pa gen respè pou manm oganizasyon yo. Pa egzanp, si gen asanble, lè pwoblem ap pwopoze pa yon senp manm, moun konn pa tande, pase sou pawol li, pa bay li valè. Sa kapab dekouraje yon moun epi fè l anvi kite.

Pakont, pwoblem oswa pwen li t ap poze te enpòtan epi si se te yon lòt moun oswa yon komite ki te poze l, rès moun t ap bay li enpòtans.

Nou konstate souvan moun enkonsyan sou enpòtans motivasyon nan yon oganizasyon. Yon oganizasyon kapab gen lajan, bèl bilding elatrye men si li pa gen moun ki byen motive, li pa p dirab epi li pa p pote anpil fwi. Sa vle di, nou bezwen vin pi sansib sou sa ki ka rann moun pi motive epi sa ki ka dekouraje moun epi fè l anvi kite.

John sonje yon bagay li te li, sa fè kèk semèn. Yon otè te ekri, "Moun kapab bliye sa m di, yo kapab bliye sa m ekri, men yo papjanm bliye jan m fè yo santi."


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited July 15, 2003 2:47 pm USA Pacific Time by 66.172.150.xxx
Search: