PlanAnyelJudeAppolon

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

                                           Plan anyel Jude Appolon
                                             Jiye 2003-Jen 2004. 

Vizyon lontem:

1- Bay jaret ak pratik kap pemet moun nouri lespri yo nan yon kalite eksperyans nan ledikasyon ki ka ede

    yo vin pi otonom.
 2- Rive touche plis moun ak metod  Wonn Refleksyon epi chache konnen ki fwi sa pote nan lavi  yo.

Vizyon Kout tem: Objektif epi estrateji

Asire lyezon ant Limye Lavi / AAPLAG pandan ane sabatik eddy a

- Patisipe nan fomasyon monite, regwoupman, asanble jeneral APLAAG

  Vizite sant alfa yo
- Gen bon rapo ak Manno sou asire swivi ako LL/ AAPLAG sou otosifizans ak pwosesis
  Odit pwogram Alfa.
- Asire Jonathan jwenn entevyou ak foto patisipan. - Disponib pou patisipe nan yon jou retret estaf Limye Lavi yo, nan retret anyel anyel LL. - Patisipe nan system koleg LL ak Kristy - Prepare epi sikile 3 rapo sou pwogram edikasyon granmoun lan bay manm estaf LL ak BB, ak Manm Konsey Administrasyon Prepare yon evalyasyon final sou eksperyans la.

Ankouraje bati yon rezo moun kap pratike Wonn Refleksyon nan Lagonav

- Swiv koman pwosesis Wonn Refleksyon ap dewoule nan sant alfa yo epi fe echanj ak yo nan kek

  Regwoupman.
- Chita ak kek moun ki gen anpil eksperyans nan W.R tankou Abner, Ezner pou n bati estrateji pou kontinye eksperyans Wonn Refleksyon nan Lagonav - Rete disponib pou bay patiispasyon m nan reyalizasyon Espas Ouvri kap fet nan Lagonav .

Kontinye dinamize Rezo Inisyativ Wonn Refleksyon nan p¨°toprens

- Sipote inisyativ pou oganize Espas Ouvri nan potoprens fen mwa out si gen inisyativ ki pran pou sa - Asire ti jounal Aprann pou Chanje kontinye paret chak fen mwa - Inisye yon gwoup W.R k ap fe eksperyans ak metod W. R ann Angle. - Ankouraje lot gwoup ak lot enstitisyon pou fe eksperyans ak metod Espas Ouvri ak

  Wonn Refleksyon

Reyalize responsabilite mwen genyen nan kad ako G.A.L.O Gwoup Aksyon pou Lape ak Otonomi ak shimer college.

- Kolabore ak Ulrick Denis, Samson Joseph pou bati plan travay G.A.L.O pou 9 mwa, soti Jiye 2003 pou rive mas 2004. - Akonpaye monite alfa Mariaman yo nan sans inisye pratik semine diskisyon ant yo, epi ankouraje eksperyans Wonn Refleksyon nan sant alfa yo. - Anime seyans W.R pou patisipan alfa nan twoup limye. - Anime seyans Wonn Refleksyon pou kek gwoup jen nan legliz - Rete disponib pou patisipe nan fomasyon nouvo monite epi pou patisipe nan reyalizasyon Espas Ouvri. - Anime seyans Wonn Refleksyon nan lekol nasyonal gwoup aswe ak timoun ki rete ak moun - Fe l posib pou diferan gwoup k ap fe eksperyans ak metod Wonn Refleksyon vin ansanm pou pataje eksperyans yo yonn ak lot

Lot defi ki bezwen leve:

- Amelyore konesans mwen nan lang angle - Gen kapasite pou kapab anime seyans W.R Ak E.O ann angle - Viv pou lape chak jou

                                             Kalandrye Jude pou 3 mwa
                                            Premye jiye-30 sektanm 2003

Dat Aktivite An kolaborasyon ak Ki kote 25-28 jen 03 Fomasyon monite A.P.L.A.A.G Lagonav 4-5 Jiye 03 Patisipe nan reyinyon LL/AAPLAG APLAAG Lagonav 17 Jiye 03 Retret estaf LL Limye lavi 23 Out 0 Rankont W.R nan potoprens Patisipan W.R Secours Catholique 25 Out-31 Out Vizit sant alfa yo

                 Diskisyon sou kanpay W.R               Abner, Ezner                                     Lagonav
                 nan Lagonav.  	
24-28 Sektanm 03 Vizit sant, fe entevyou,foto patisipan yo APLAAG Lagonav 6 Okt 03 Fe Jonathan jwenn entevyou ak foto yo 3 Okt 03 Fe estaf jwenn premye rapo a 16, 17, 18 Okt Rankont ak ekip Teknik
                 Rankont LL/AAPLAG		

Jiye 03- Sekt 03 Seyans Wonn Refleksyon. G.A.L.O Rlle caravelle, impasse lapaix # 37 wi Jiye 03- Sekt 03 Seyans Wonn Refleksyon G.A.L.O Rue tiremasse prolongee # 122 wi

                                              Plan anyèl Jude Appolon
                                                Jiyè 2004-Jen 2005. 

Vizyon lontèm :

1- Wè WR/EO/ CLE/RB vin yon aktivite natirèl anndan enstitisyon yo. 2- Wè pratik ( WR/EO/CLE/RB ) pèmèt plis moun vin pi otoresponsab nan lavi yo.

Aktivite Jude bezwen reyalize ane sa a :

Objektif epi estrateji

       Kontinye aktivite Lagonav yo sa vle di:	
a- Patisipe nan fè fòmasyon pou ekip k ap kòdone pwogram alfa A.A.P.L.A.G la, patisipe nan bay Fòmasyon ak monitè yo, epi patisipe nan 12 regwoupman pandan ane a, pou yo ak gwoup k ap fe eksperyans ak metod ‘’CLE’’ epi nan nouvo eksperyans yo pral fè nan liv ak imaj. b- Akonpaye yo nan nouvo eksperyans y ap gen pou fè nan liv pwovèb ak imaj. c- Akonpaye yo nan planifikasyon ak òganizasyon vizit echanj lè gen pwopozisyon ki fèt pou sa. d- Kontinye ede nan dinamize ak bati rezo Wonn Refleksyon Lagonav. e- Rete disponib pou akonpaye vizitè ki vle vizite pwogram nan.

 Kontinye dinamize Rezo Inisyativ Wonn Refleksyon nan pòtoprens

- Kenbe leadership nan asire parisyon ti jounal ‘’Aprann pou Chanje’’, sa vle di enfòme lòt moun sou

        aktivite k ap fèt otou Limyè Lavi.  
        Kolabore ak Eddy  nan ekri pwojè ak reyalize l. 
- Kolabore ak Eddy sou inisyativ pou òganize Espas Ouvè nan pòtoprens - Inisye yon gwoup W.R k ap fē eksperyans ak metòd W. R ann Angle. - Kontinye akonpaye gwoup WR syans zimēn nan nan etid liv ‘ De la violence a la plenitude - Ankouraje lòt gwoup ak lòt enstitisyon pou fè eksperyans ak metòd Espas Ouvè ak
        Wonn Refleksyon
- Fē sòti yon rapò chak 3 mwa pou fē konnen aktivite m ap gen pou m gen pou m antreprann pou mwa k ak vini.

GALO/Inisyativ? Lekòl Vivan/ Refleksyon Bib la/ Wotalfa/Enstiti? EO ann Ayiti

- Patisipe nan òganize omwens 2 Espas Ouvri sou tēm lapē pou ‘’GALO’’. - Akonpaye ‘’GALO’’ nan bay fòmasyon sou metòd CLE - Patisipe nan anime omwens 2 Espas Ouvri pou ‘’Inisyativ Lekòl Vivan’’. - Kontinye kolabore ak ekip Refleksyon Bib la nan bi pou chèche inite nan Bondye. - Patisipe nan òganize gwo rankont EO pou Wotalfa.

Lòt defi ki bezwen leve - Amelyore konesans mwen nan lang angle - Gen kapasite pou kapab anime seyans W.R / E.O/CLE/RB ann angle - Toujou chache devlope bon relasyon ak lòt moun. - Kontinye viv pou lapē.

Responsabilite Jude pou ane 04-05 yon fason pi detaye:

1- Travay ak A.A.P.L.A.G sa vle di: a- Patisipe nan planifikasyon seminè pou monitè yo epi nan fè fòmasyon pou yo. b- Kontinye ede yo adrese nan regwoupman yo diferan pwoblèm yo rankontre nan sant yo. c- Vizite sant alfa yo, epi akonpaye yo nan pati eksperyans y ap fè nan metòd CLE. d- Ede yo nan eksperyans y ap fè nan metòd Wonn Refleksyon ak liv ak imaj. Epi ankouraje seyans Wonn Refleksyon nan regwoupman yo. f- Ede yo nan regwoupman yo nan sans fasilite yon anviwònman kote tout monitè kapab eksprime yo yon fason demokratik. g- Favorize pou gen rankont Espas Ouvri ki fèt nan regwoupman.

2- Dinamize rezo Wonn Refleksyon nan pòtoprens a- Òganize yon gwo rankont Espas Ouvri nan pòtoprens.


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited August 17, 2004 11:38 am USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: