PwojeEdikasyon

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Aprantisaj nan PedagojiAltenativ?(APA)

Yon pwogram ki vize yon lòt kalite edikasyon Yon pwoje FremyCesar nan tet kole ak Limye Lavi premye bouyon,27 out 2002 Dezyem bouyon, 25 Avril 2003

Mak Fabrik APA

Yon gwo karakteristik nou jwenn nan edikasyon ann Ayiti se entolerans ak lespri otorite. Kote pwofesè yo gen abitid pale pou elèv yo, travay pou yo. Pwofesè kwè se limenm ki gen tout konesans ak ekperyans ki nesesè pou bay elèv yo. Epi elèv yo bò kote pa yo ap konsome pasivman tout sa pwofesè ya pote pou yo. Sa kreye espas pou yon edikasyon ki ale nan yon sèl sans.Se yon sistèm ki etabli yon relasyon vètikal ant pwofesè ak elèv ou byen etidyan kote pwofesè se sèl chèf pou yo swiv epi obeyi avè l Sa vle di, kalite pratik sa a fèmen tout pòt pou yon edikasyon ki favorize yon aprantisaj dinamik. Se yon edikasyon k ap detwi kapasite moun genyen pou kreye ak panse : 2 bagay enpòtan nan lavi yon moun. Konsa Aprantisaj nan Pedagoji Altènativ se yon pwogram ki gen objejtif kreye espas pou devlopman yon lòt kalite edikasyon nan peyi a. Se yon pwogram pedagoji chita pale ki gen lanbisyon etabli yon relasyon orizontal nan yon gwoup oubyen yon sal klas. Aprantisaj nan Pedagoji Altenativ parèt sou sipozisyon apwòch bout di a, kote responsab ak patisipan gen tandans panike devan chanjman, kapab bloke kreyativite kay moun epi anpeche gwoup evolye byen ansanm. Aprantisaj nan Pedagoji Altènativ se yon pwogram k ap chache dekouvri epi devlope metòd ki favorize prensip patisipasyon nan edikasyon. Se yon pwogram k ap pwopoze yon lòt kalite apwòch k ap pèmèt moun devlope plis ladrès ak kreyativite e nan menm tan jwe wòl aktè nan pwòp edikasyon yo. Konsa Aprantisaj nan Pedagoji Altènativ la chita sou prensip sa yo :

• Kreye yon modèl edikasyon ki baze sou lespri otonomi • kreye yon modèl edikasyon ki ankouraje moun dekouvri kapasite ak talan yo. • Kreye yon modèl edikasyon ki baze sou responsablite endividyèl ak aksyon.

	Objektif APA.

• Devlope pratik chita pale. • Ankouraje moun pran responsablite nan edikasyon yo. • Ede moun dekouvri kapasite ak talan yo. • Ede moun devlope ladrès ak lespri otonomi. • Mete kanpe kominite aprantisaj kolektif.

	Estrateji APA 
	Se devlope metòd Wonn Refleksyon kòm metòd ki marye ak pedagoji chita pale a, Espas Ouvri, kominote Aprantisaj kolektif ak  ASL.

	Wonn Refleksyon 

	Wonn Refleksyon se yon metòd ki mete l fasafas ak sistèm tradisyonèl la, kote nan yon sal klas, elèv yo chita anfas yon pwofesè k ap resite yon tèks ke yo dwe aprann pakè san yo pa  bezwen ni konprann ni poze kesyon. Konsa Wonn Refleksyon  entegre nan sal klas yo yon seri brase lide sou tèks. Chak semèn, elèv yo ansanm ak pwofesè yo, ranje ban yo oubyen chez yo pou fè yon wonn, epi yo li ansanm yon tèks ki ekri an kreyòl, nan lang manman yo. Tèks sa yo soti nan divès kilti ak peryòd istorik diferan. Yo chwazi yo paske yo pèmèt moun fè chita pale sou divès sijè ki enterese tout moun.

	Lè yon gwoup etidyan chita nan wonn ak pwofesè yo epi aksepte travay ansanm sou yon tèks kote pèsonn pa gen yon konesans absoli sou li, yo antre nan yon anbyans edikasyon revolisyonè. Se diferans sa Wonn Refleksyon pote, kote li chanje tout relasyon pouvwa ki te genyen. Nan Wonn Refleksyon, pwofesè a chita nan menm nivo ak elèv yo. Pa gen chèz espesyal, pa genyen gwo biwo, pa gen ni plas devan ni plas dèyè. Pwofesè a ouvri chita pale a sou yon sijè elèv yo plizoumwen abitye avè l men san pèsonn pa deja gen yon lide byen klè sou li. Sa kreye tou yon anbyans ki fasilite patisipan yo di sa yo panse epi pataje pouvwa andedan gwoup la. Se nan kalite anbyans konsa, patisipan yo kapab pataje wòl y ap jwe epi chanje fason yo konn aji.

	Espas Ouvri.”  Se yon metod patisipativ ki favorize yon bon echanj demokratik nan mitan gwoup moun k ap oganize reyinyon, konferans ak kolok.  “Espas Ouvri” se yon metod  kote se moun ki prezan nan rankont la ki pran responsablite kreye ansanm yon pwogram ak yon ajanda pou tan y ap pase ansanm. Paske Espas Ouvri se yon metod ki chita  sou yon seri atelye nou menm patisipan nou pral tabli.  Sel preparasyon nou bezwen fe se reflechi sou lide ak sije nou kwe ki enpotan pou n abode ansanm.

	Evalyasyon APA.

	Evalyasyon pwogram nan ap fèt swivan 2 estrateji:
	a) Espas Ouvri, yon metòd patisipativ ki pèmèt tout kalite moun nan nenpòt kalite òganizasyon reyalize reyinyon ki byen motive. Nan sans sa a, Espas Ouvri kapab ede nou wè ki enpak yon kalite aprantisaj konsa genyen sou patisipan yo, kote yo chak kapab pataje eksperyans yo youn ak lòt.
	b) Moun k ap  kolabere pral jwenn yon fòmilè evalyasyon pou ranpli pandan peryòd kolaborasyon an.

	Plan estratejik ak òganizasyonel.
	Kreye ako pou ankadre kolaborasyon ak antite sa yo:
· Limye Lavi, · Beyond Borders, · Eksperyans la, · Rasin lespwa, · Lekol vivan, · Lot.

	Revni APA:

	Etandone   pwogram Aprantisaj nan Pedagoji Altènativ la se yon zouti enpòtan ki la pou ede Limyè Lavi nan kad pwomosyon yon lòt kalite edikasyon ann Ayiti, se limenm nan tèt kole ak Beyond Borders ki finanse yon gwo pati nan bidjè ki pèmèt pwogram nan fonksyone.

	Si w gen sijesyon, kòmantè oubyen w bezwen plis enfòmasyon sou Aprantisaj nan Pedagoji Altènativ la, souple kontakte Fremy Cesar pa kourye elektwonik : mailto:fremycesar@hotmail.com oubyen nan lapòs, Limyè Lavi, B.P.15812,Petion ville, Haiti. Telefòn se : 257-6357, 512-3149 ak 409-0192.


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited July 16, 2003 10:30 am USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: