SosyeteDemokratik

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

KOMAN WONN REFLEKSYON KAPAB EDE NAN PWOSIS KONTRIKSYON YON SOSYETE DEMOKRATIK ?

Le 11-04-03


Gwoup C Ki sa vrèman ki pou fè yon sosyete avanse ?

Par Frantz Pierre

L’unité dans l’encadrement de l’éducation. a) l’Etat doit avoir : § souci pour l’éducation. § Respect pour la constitution § Executer ses droits et ses devoirs § La conscience en tout b) la famille : Manb fanmi yo dwe pran responsabilite yo pou bay jèn yo bon chemin paske gen yon laj yo soufri de anpil foli.

Education an pap komanse lè sa komanse rèd nan kay la, men se depi nan bèso.

Mèsi !


ATELYE D Demokrasi sa vle di kisa ?

Gen moun ki di demokrasi se fè saw vle, demokrasi se volonte pi plis moun. Eske demokrasi pa rale avèk libète ? Eske nou menm n’ap viv nan demokrasi ? Eske demokrasi se fè saw vle ?

Kesyon demokrasi a se yon bagay ki konplès. Gen moun ki di demokrasi tout moun gen menm lwa. Eksanp sou demokrasi : gran moun ap bat timoun nan, men timoun nan kapab gen mil rezon. Eske la nou kapab genyen demokrasi. Eske demokrasi aplikab nan kèlkeswa sosyete. Demokrasi aplikap bò kote moun ki fòme.

Sou fason nap di a nou fè santi demokrasi se yon bagay ki konplès anpil. Sa’n panse pou sosyete a aplike demokrasi fòk li byen fòme. Lènap pale de fòme sa pa vle di entèlektyèl, gen ki pa al lekòl li pi byen fòme pase yon entèlektyèl, sa sote depi sou jan ke yo fòme-l la.

Ki wòl demokrasi nan zafè alfabetizasyon ?

Demokrasi tout moun genyen lwa, nenpòt moun kapab parèt ak yon lwa. Demokrasi a pa gen okenn wòl sou zafè alfabetizasyon. Jan nou pale la eske nou kap prezante alfabetizasyon kòm yon obstak sou zafè demokrasi. Jan nou wè a si se konsa nou pa gen demokrasi e se yon obstak sou zafè alfabetizasyon. Kòman Wonn Refleksyon kapab ede nou sou zafè demokrasi paske demokrasi pa rete sou zafè leta sèlman ? eske nan mitan nou la gen demokrasi ?

Wi gen demokrasi paske tout moun ki sa yo vle la, epi moun pa koupe pawòl nan bouch moun, tout chita pou yo tande byen avèk atansyon. N’ap pale de demokrasi, men nou jwenn tolerans ladan tou. Labib se yon eksanp sou zafè demokrasi. Nan demokrasi nou jwenn tolerans e pou nou demokrasi pa vle di fè saw vle. Ekzanp : eske si yon polisye parèt la li arete nou tout eske n’ap tolere’l. lè polisye sa fè aksyon wal chèche jistis pou sa, yo menm yap peze sa jiskaske ou kite dosye a. Gen anpil ki toujou konnen souvan se prezidan ki pou yon demokrat. Demokrasi se tout moun ki gen dwa pou fè sa. Tout moun dwe demokrat. Pandan’n gen dwa poun di sa’n vle, nou pa gen dwa pou derespekte moun.

Atelye D

Saintivert Sandra Darius Carline Geffrard Jn Féronel Candio Marc Julien Mie Justine Paul Hélène Joseph Nadgie Louis

Joseph Wilkens Cajuste Robert Cyril Frantzie Sulvestre Pricile Auguste Felix Angervil Enel Sanon Manouche Samson Joseph

Gwoup E Kesyon Demokrasi anfas Lagè

Defini mo Demokrasi. Demokrasi pou ki sosyete.

Eske vrèman demokrasi bay mpoun libète pou di e fè sa yo vle. Ki typ demokrasi pou Ayiti, eske nou ka pale ke Ayiti obsève e respekte mo sa nan entegralite.

Jwi libmte expresyon, asosyasyon, dapre yon entèvenan nou pa yon peyi demokrat. O mwen nou an vwa demokrasi. Demokrasi pa ka mache san lwa. Demokrasi chita sou prensip aksyon legal. Demokrasi kondwi lagè se lè gen vyolans nan non e prensip ki etabli yo. Demokrassi pouvwa pèp. Kilè pèp la gen pouvwa.

ATELYE F

Poukisa….. ? GeorgesRa?…….

« Se sou fimye lanmò pye lavi pouse »

Raking te mande nou ki sa pwovèb sa vle di

Nou te pateje refleksyon nou yo sou li

Eske si te gen yon lòt konsepsyon nou patap wè lanmò yon lòt sans ?

Jan nou te pran ekzanp fimye nou te ka di se konsepsyon yo bannou sou lanmò ki fè nou wè bagay yo konsa. Lanmò se nan de konsepsyon : « lavi ak lanmò » nou wè gen moun ki kwè lè-w travèse nan yon etap pou ale nan yon lòt sa pa vle di youn se lanmò lòt se lavi.

Yo toujou di yon moun ki mouri lespri li travèse nan yon lòt moun. N’ap dakò sa sou fòm ereditè. Si nou refere nou nan labib. Egzanp Abraam benediksyon Bondye te di lap ba li te kontinye jis nan plizyè jenerasyon Abraam. Si yon moun nan fanmi nou mouri oubyen disparèt sa pa vle di mouri. Tankou yon mango kapab bay yon lòt pye mango. Jezi kri mouri yon sèl fwa men kretyen yo mouri yon fwa men yo gen pou reviv pou yo ale nan jijman. Pou pale de reenkanasyon li malachi chapit 4 v 5

1- John Engel 2- Guylande 3- Estama Marie Ange

ATELYE H Pou kisa gran frè a te bezwn fache tout fache sa-a ?

	Gran frè a te fache se paske tout tan li tap viv ak papa-l  la li pap jwen onè tankou jan ti frè a vin jwen li an . Se lanbisyon ki pouse li fè-l.

Poukisa pitit gason li a te al mande abitan travay ?

	Misye te al travay se poul te wè kòman pou-l ta konble kèk nan vid li yo. Travay se libète, tout moun dwe travay  paske labib di si yon moun pa travay, li pa dwe manje non plis. Gen anpil moun ki pa travay, se paske li jwenn sitirans mounkap ba li. Depi se moun kap ba-w ou pa janm kapab di ou granmoun.

1- Wilio 2- Minouche 3- Bélot 4- Elsie 5- Geffrarg 6- Jocelyn 7-Shelly 8- Mirthane 9- Andrélitha 10- Bazandre

ATELYE J Sin vle demokrasi, ki yès poun imite ?

- Demokrasi ta dwe gen yon lòt definisyon - Ta sanble sil ta rete nan jan yo konprann li, li pa ta egziste - Tankou pouvwa pèp, je nou tout klere sou demokrasi ki toujou maske tou patou sou latè - Ann antre nan dimansyon demokrasi. Eske lòm pagen anyen nan li, kote nou ka wè menm yon lèt nan mo sa a. - Eske pa gen efò ki fèt ant moun ak moun, ki fè mo sa a te vin itilize ? - Demokrasi se yon pwosesis, li pa ka fè, nou pa ka mezire-l. non plis yon demokrasi plizoumwn…… - Ki yès, ki peyi’n ka pran kòm modèl ? Eleksyon sòti na ki peyi, ki nasyon ? nou fè eleksyon tou. Nou vote tou. Men nou pa satisfè. Si nou kòm pèp nou pa kontan, nou pa ka di okenn chèf sa oubyen pa fè sa. Ki donk, eske se demokrasi ? demokrasi se ta yon mach eskalye, si yon chèf ta gen kèk enpèfeksyon, eske sa ta sifi poun di pa gen demokrasi. - anachi ak demokrasi sanble sòti nan menm matris. - An Ayiti, tout moun ki anba prezidan an se mannken. Si gen amelyorasyon sou gouvènman kounye a, gen yon ti kras demokrasi. Konsa mach eskalye nou sòt pale la, se desann sèlmam l desann, mach eskalye sa pa janm monte. - Demokrasi kòm libète la pawòl, ki panche yon sèl bò, se sak demokrasi, lòt bò a pran baton. Ki peyi, ki yès nou gen kòm modèl ? Si se ta demokrasi z, nap desann piba. Demokrasy se bay pèp la lisans, sètadi, respè nan dwa-l genyen poul manje jwenn tout sa ka fèl viv. Nou ka di san ipokrizi, modèl demokrasi nou an ta W.R ak espas ouvri. Nou tout ap aprann nou pa bezwen yon lidè k pou rann nou konsekan. Yon pataj lide, ap pwodwi bon lidè tou, tout moun ap konn wòl li ak reponsabilite l. konsa nap chazi sak bon pou nou san nou pa regrèt anyen. Nou pa dwe gen espwa nan yon lidè men nan tèt pa nou, vrè lidè a se anndan-l ye. Fòk tout moun santi valè ak kapasite lidè a ann dan yo. Demokrasi se yon pratik. Lidè a se yon bagay ki ine, se pa nan santiman sa ye. Se yon bagay natirèl, pèsonn pa ka bloke-l.

Lis patisipan nan Atelye J a

1- Lindor Marc-Orel 2- Jude Appolon 3- Fertude sanon 4- Cibrun Jolène 5- Nadège 6- Emmanuel 7-Sauveur

Gwoup k « Ki wòl yon lidè nan yon sosyete demokratik »

v kisa nou rele « sosyete » v kisa demokrasi ye v kisa lidè vle di

Sosyete, se yon gwoup moun kap viv nan menm tè, ki gen menm enterè, ki pale menm lang epi ki gen menm òganizasyon politik.

Yon lidè, se yon moun, yon gwoup chwazi pou mennen yo , pou oriante yo. Kote lidè sa, gen menm ebjektif avèk gwoup moun sa yo e kap viv nan menm realite a .

Demokrasi se yon sistèm plitik ki bay pèp dwa nan yon peyi pou chwazi sa yo vle, fè sa yo vle kote yap respekte prinsip, sa ke yo pa deranje lòt moun.

Wòl yon lidè nan yon sosyete demokratik, se motive pèp la, ede pèp la konprann kisa demokrasi a ye, kòman pou-l viv li. Pou-l oriante pèp la nan tout aktivite yap antreprann

1-NADGIE 2-HELENE 3-BERTINEAU

Ki pratik konkrè ki kapab ede nou ranfòse kominikasyon ant nou ?…..rankont, jounal, telefòn

Pi fò moun ki prezan nan atelye a te eksprime dezi yo pou aprann pi plis sou entènèt. John ak Ulrick te bay yon ti rezime sou kòman entènèt mache epi ki avantaj li bay pou yon rezo tankou moun nan espas ouvri + wonn Refleksyon. Yo te eksplike jan « reseau forum ouvert @ Yahoo groupe » mache. Yo envite moun ki sou entènèt pou voye mesaj pou John Engel pou mande mete non yo sou « list serve » sa a. Adrès John se : engleJohn@hotmail.com

	John ak Ulrick te eksprime enpòtans pou moun nan « reseau forum ouvert » enprime dokiman yo jwenn epi pataje yo ak lòt moun nan antouraj yo ki enterese . Nan wonn Refleksyon ak espas ouvri, nou te pale sou enpòtans kominikasyon pou yon rezo. N’ap ankouraje moun rankontre ansanm nan kominote yo pou fasilite komonikasyon epi youn kore lòt.
	Nou te pale sou posibilite pou sèvi ak radyo ak jounal nouvèl pou fè moun Jwenn enfòmasyon.

1- Blanc Byton 6- Will Rosemé 2- Tegenis Roger 7- Rocher Robenson 3- Jerome Jameson 8- Merlin Engel Myril 4-Paul Jolius 9- Ulrick Denis 5- Nelson Chantale

Eske yon peyi pòv ka gen demokrasi ?

Gen diferans ant yon peyi e moun ki pòv : yon peyi pòv ka pratike demokrasi daprè Dort Wilky paske demokrasi se respè lwa. Drapè Enel yon peyi pòv pa otonòm. Li anba lòd gwo peyi. Yon lòt peyi ka rann yon peyi vini pòv. Puiske yon peyi pòv, li pa ka gen demokrasi paske grangou ka fè moun admèt nenpòt vye kondisyon.

SIJE : Demokrasi / Libète / Okipasyon ki enpòtans yo chak genyen ?

         Gen 2 modèl demokrasi :
1- Gwo peyi yo wè demokrasi a se lè gen altènans sa vle di chanje ou renouvle gouvènman nan eleksyon. 2- Lòt blòk la se lè yon pèp ka manje, dòmi, jwenn edikasyon, sante. Angwo se lè bezwen popilasyon an satisfè. Pou peyi sa yo, li pa bezwen eleksyon pou tabli demokrasi. Nou ka pran egzanp Cuba. Nan sans sa nou wè chanje yon gouvènman pa vle di demokrasi, sa pou nou ta di èske strikti leta chanje. Vyolans pa janm demokrasi. Ou pa ka pote demokrasi. Se moun yo ki pou pran desizyon chimen demokrasi. - gen yon patisipan nan atelye a ki tap pale sou demokrasi nan peyi etazini. Pou li se pa tout moun ki ka rive prezidan U.S.A. Fòk moun nan gen anpil kòb. Pati politik epi popilasyon pa ka di anyen sou sistèm elektoral la. Popilasyon an pa gen kontwòl pouvwa apre eleksyon. - Pou yon patisipan se pa moun rich ou pòv ki pwoblèm se enfliyans ak kontrent pouvwa ki pral fè moun nan fè move chemen. - Okipasyon an nan tout sans se yon bagay pou moun kondane. Li fè w pèdi valè, pédi kilti, toujou gen pwblèm sikolojik. Okipasyon an de twi kilti you pèp. Nan tout sans okipasyon egal vyolans.

Martine Kent Eddy Ulrick Denis Andrelita Myrtane

KOMAN WONN REFLEKSYON KAPAB EDE NAN PWOSIS KONTRIKSYON YON SOSYETE DEMOKRATIK

- Metòd wonn refleksyon an se yon nan batay ki pou mennen nou nan soyete n’ap reve chak jou a. - Pandan n’ap reflechi ak timoun nan lekòl, nan fanmi, nan legliz ak tout lòt kote yo, konsa nou ka rive dekouvri kisa demokrasi ye. Kilè nou ka di moun ki nan demokrasi ? se lè gen respè younn pou lòt epi chache konnen ansanm kisa nou bezwen pou bati sosyete. - Nou panse fòk wonn refleksyon ta aplike nan tout peyi a. Pou yo ka konnen tout moun gen menn dwa ak menm devwa nan sosyete a. Yo gen dwa chwazi sa yo vle. - Nan tout sa n’ap fè nou dwe aplike metòd wonn reffeksyon an. dapré : Cajuste Robert

              Sherly
             Guylande Mesadieu  

WR AK EO : Ki fwi kontrè aktivite sa yo ap pote nan lavi pèsonel nou ?

1) Li ede w pran pawòl, eksprime lide lide ou. Ou santi w plis kore nan sosyete a. 2) Echanj nou fè nan WR pèmèt nou fè nouvo zanmi.

3) Nou chita ansanm san lespri egoyist. Ede moun fè konesans nan bon fason ak lòt moun.

a. John Engle b. Jolius Paul c. Raoul Sosthènes d. Will Rosemé e. Samson Joseph f. Jocelyn joseph g. Nelson Chantale h. Jameson Jerome i. Minouche Rocher j. Duckens Gustave k. Rocher Robenson l. Roger Tégenus m. Lumarque Gerald


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited July 15, 2003 3:17 pm USA Pacific Time by 66.172.150.xxx
Search: