WonnRefleksyonakEspasOuvrinanHaitianTimes

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Jounal "Haitian Times" baze Ozetazini epi li soti chak senmenn. Se 30,000 kopi yo sikile epi se pi plis Ayisyen Ozetazini ki li l. Jounal la ann angle men yo toujou genyen yon paj an kreyol.
Pou we dezyem atik Woje Saven te ekri, klike sou WonnRefleksyonakEspasOuvrinanHaitianTimes2

PAJ KREYÒL AYISYEN #16 (04/20/05) Wonn refleksyon

KWONNIK avèk Woje E. Saven PASPATOU

WONN REFLEKSYON NAN ESPAS LOUVRI (1)

Nan fen kwonnik semenn pase-a nou te rapòte pawòl pwofesè brezilyen Paolo Frere ki di : "Lè nou ensiste sou nesesite fasilite efò pèmanan refleksyon oprime-yo sou kondisyon egzistans-yo se pa yon jwèt pou anmizman entelektyèl ki vin nan tèt-nou. Aksepte enpòtans opinyon motive yon pèp se yon siy karakteristik lidèchip avize…" Se pat prenmye fwa nou te rapòte pawòl-sa-yo pwofesè Frere ekri nan "Education des Oprimés."

Menm jou kwonnik-sa-a parèt nou resevwa tout yon dokimantasyon sou "Wonn refleksyon ak Espas louvri". Dapre ransèyman msye Djonn Enngèl voye ban-nou gen deja onz anne depi li-menm ak kèk lòt edikatè epi ‘vizyonnè’ te fòme 2 òganizasyon ki pa pou pwofi : youn Pòtoprens, Ayiti yo rele "Limyè lavi" epi yon lòt Filadèlfi, Pennsilvani, Etazini yo rele "Beyond Borders" – Pi devan fwontyè.

Prensip fondalnatal òganizasyon-yo se fonksyonnen avèk "yon estrikti libere, san yerachi pami manm pèsonnèl-yo. Depi kòmansman yo detèminen responsablite va tabli an relasyon avèk enterè epi angajman pase avèk djòb deziyasyon epitou yo va chèche konsansis nan pran desizyon epi evite enpozisyon." "Limyè lavi" ak "Beyond Borders" sevi ak fòmil "Espas louvri" pou reyinyon-yo. Youn nan pwofesè ki pratike menm fòmil-sa-a di : "Akòz ‘Espas louvri’ ak ‘Wonn refleksyon’ m pa kwè m bezwen moun ede-m ankò pran responsablite pou mwen-menm. Epitou lè-m nan pozisyon responsablite m pa panse ankò ‘m se chèf’"

KISA PWOJE WONN REFLEKSYON YE ?

Dapre òganizatè-yo, se yon pwojè ki “tanmen an 1997 ann Ayiti kòm yon estrateji pou ankouraje ansèyman baze sou diskisyon nan nenpòt saldeklas. Avèk lekti epi diskisyon tèks byen seleksyonnen an kreyòl ayisyen elèv devlope abilte nan konprann lekti yo fè, lide kritik, dyalòg epi gwoup dinamik. Pwofesè-yo rive rekonnèt abilte elèv-yo pou aprann san kontrent epi pou pran responsablite pwòp edikasyon-yo.

"Estrateji pou ogmante kantite enstitisyon, gwoup ak saldeklas ki sèvi ak ‘Wonn refleksyon’ montre filozofi ki andedan apwòch metòd-la nan saldeklas. Moun ki itilize "Wonn refleksyon" pran responsablite estratejik pou ogmante kantite anseyan ak elèv ki va jwenn konnesans metòd inovatif-sa-a. Kounye-a gen plis pase 3,000 granmoun ak timoun kap patisipe chak semenn nan sesyon ‘Wonn refleksyon’ nan divès rejyon Ayiti."

KISA ESPAS LOUVRI YE ?

Se yon apwòch ki, dapre òganizatè-yo, "ede tout kalite moun nan nenpòt òganizasyon prepare reyinyon ak aktivite ki efikas epi ki menm bay enspirasyon. Fasilite metòd-la antisipe gran reyalizasyon lè moun ki enterese reyèlman nan yon keksyon epi ki vle pran responsablite jwenn okazyon pou fè sa." ‘Espas louvri’ tabli depi 15 anne deja. Li ede nenpòt moun ak òganizasyon rive jwenn rezilta eksepsyonnèl."

‘Espas louvri‘ ak ‘Wonn refleksyon’, òganizatè-yo afime, "se de mwayen konkrè pou kiltive respè youn pou lòt ak dyalòg pozitif ant moun ki gen tradisyon diferan. Se eleman esansyèl pou fòje lapè ak otodetèminasyon, se yon jèm demokrasi." Sou keksyon-sa-a msye Brayann Sichyo, kowòdinatè ‘Harvest Time‘ ekri : "Nou kwè ‘Espas louvri’ ak ‘Wonn refleksyon’ se aktivite pi enteresan e pi ankourajan ki kapab fòje chanjman dirab ann Ayiti."

YON ALTENATIV POU LIDECHIP TRADISYONNEL

Nan tradisyon Ayiti tankou nan plizyè lòt peyi yo pratike yon kalite lidèchip ki "toufe kreyativite, motivasyon ak inisyastiv. Li menm jenere konfli. Tradisyonnèlman nenpòt pozisyon pouvwa se yon lisans pou pale san koute, di san mande. Men nou tout kap swete yon demen miyò nou gen responsablite keksyonnen abitid-sa-yo. Malerèzman se lidèchip ‘kòmande epi kontwole’ kap boulvèse efò devlopman entènasyonnal avèk konfwontasyon kòm rezilta antisipe."

Se konsa Djonn Engèl ak kolaboratè-li-yo analize keksyon-an. Yo kostate tou Ayiti ki gen repitasyon "simityè pwojè devlopman ak enstabilite politik pa yon eksepsyon." Yo di tou : "Lè yon pèp pa ka egzèse kreyativite-li – oswa plis ankò lè li pa gen respè pou lidè-li – pri nou tout peye se soufrans, kè sere epi sitou yon gaspiyaj potansyèl imen ki pa gen chans sèvi."

Plis ankò yo raple : "Dapre Gandi, libète ak otodetèminasyon nan chwa tradisyon se bezwen ki pi nesesè pou nasyon an devlopman. Li-menm ak lòt espè nan donmenn devlopman rive wè asistans eksteryè kapab ‘bonmen’ bezwen ki pi ijan men evolisyon yon lidèchip natif natal se rezilta angajman, fòmasyon ak tan."

Yon altènativ pou Lidèchip tradisyonnèl se yon lidèchip ki rive reyalize "filozofi ‘komande epi kontwole’-a ki pratike nan saldeklas, nan enstitisyon, nan òganizasyon popilè ak ajans gouvènman antrave evolisyon nòmal endividi, gwoup ak tout yon sosyete." Yon altènativ "se yon Lidèchip sèvis ki ankouraje epi sipòte moun nan pouswit otodekouvèt-yo ak sans sèvis pèsonnèl-yo. Se yon Lidèchip ki fasilite devlopman kominote kote moun grandi epi aprann ansanm pandan yap okipe lezòt alantou-yo sitou sa-yo sosyete bliye oswa mete aleka. Se yon Lidèchip ki ankouraje moun inove epi pran risk nan pouswit ideyal-yo."

Nap kanpe la jodi-a. Na pouswiv lòt semenn.

Pwovèb jodi-a se : "ZEPOLET CHEF PA KOLE YO SELMAN TACHE AK ZEPENG."

Kontakte Woje E. Saven nan resavain@gmail.com


Pou we dezyem atik Woje Saven te ekri, klike sou WonnRefleksyonakEspasOuvrinanHaitianTimes2

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited April 28, 2005 7:19 am USA Pacific Time by Jengle
Search: