WonnRefleksyonakEspasOuvrinanHaitianTimes2

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Jounal "Haitian Times" baze Ozetazini epi li soti chak senmenn. Se 30,000 kopi yo sikile epi se pi plis Ayisyen Ozetazini ki li l. Jounal la ann angle men yo toujou genyen yon paj an kreyol.
Pou li premye atik Woje Saven te ekri, klike sou WonnRefleksyonakEspasOuvrinanHaitianTimes

PAJ KREYÒL AYISYEN #17 (04/27/05) Wonn refleksyon

KWONNIK

avèk Woje E. Saven

PASPATOU

WONN REFLEKSYON NAN ESPAS LOUVRI (2)

Dapre bon sous kap koule, li sanble Prenmye minis Jera Latòti te fè yon rale semenn pase-a sou ONG – Òganizasyon ki pa nan gouvènman, yo rele tou Òganizasyon ki pa pou pwofi. Prenmye minis-la genlè te konsantre pawòl-li-yo sou abi ak koripsyon nan sèten ONG kote moun ki anchaje-yo sèvi ak ONG pou byennèt fanmi, zanmi ak yo-menm. Nou pa konnen si minis-la te nonmen okenn responsab epi si gen ankèt kap mennen pou konnen ki kantite ONG ki ann Ayiti. Ki aktivite-yo. Kilès nan pami-yo kap fè travay serye ki kapab rapòte kominote kote yap fonksyonnen. Kilès ki ta dwe pèdi otorizasyon opere ann Ayiti oswa ki ta dwe pèdi privilèj pa peye taks.

Erèzman akote kèk ONG malonnèt pifò lezòt-yo sitou sa-yo ki nan peyi-a depi plis pase 10 anne devlope pwogram ki ede kominote kote yo enstale. Gen ladan-yo menm ki nan plizyè kote pou ede popilasyon-yo bennefisye avantaj siviv oswa menm pwogrese. Youn nan pami ONG bennefik-yo se "Fondasyon Limyè Lavi" nou te emtwodi semenn pase-a. Sa nou pa te di “se yon gwoup Ayisyen ak moun lòt peyi ki mete tèt ansanm” pou devlope yon kalite aktivite yo rele “Wonn refleksyon.”

Nan yon ti liv fondasyon-an pibliye, li founi ak plis detay yon esplikasyon an twa pati sou keksyon-sa-a. Dabò li entwodi "Pwosesis wonn refleksyon-an" ki se "yon aktivite edikatif ki gen de (2) bi. Youn se pou ede patisipan-yo aprann li pi byen, ki vle di ede-yo devlope yon bon relasyon ak tout sa yo li. Lòt bi-a se pou ede tout manm yon gwoup aprann ki jan pou yo pran plis responsablite pou edike pwòp tèt pa-yo.” Kifè, moun kap patisipe nan “Wonn refleksyon” toujou chita an won pou konvèse. “Li difisil pou yon moun santi-li alèz pou brase lide ak yon lòt moun si se sèlman dèyè tèt moun-nan li ka wè. Epitou, lè tout chèz-yo ranje an won pa gen moun kap chita nan yon pozisyon pi enpòtan … Nan yon wonn tout moun egalego."

Dezyèm pati esplikasyon-an se wòl yon monnitè nan yon aktivite “Wonn refleksyon”. Nan aktivite-sa-a “yon monnitè oswa pwofesè pa dwe jwe wòl espè nan saldeklas.” Nan yon “Wonn refleksyon” yon monnitè oswa pwofesè dwe “montre elèv-yo bon egzanp yo kapab swiv … epi ede-yo kolabore pi byen youn ak lòt.” Bon egzanp monnitè-a kapab “ede patisipan-yo wè ki jan pou yo poze keksyon, ki jan pou yo reflechi sou sa yo li, sou sa yo tande lòt moun ap di.” Pou patisipan-yo rive kolabore pi byen, monnitè-a dwe ede-yo respekte kat(4) prensip “Wonn refleksyon”-sa-yo:

“1. Li tèks-la avèk swen. 2. Koute sa lòt-yo ap di san koupe pawòl nan bouch-yo. 3. Pale byen klè. 4. Respekte lezòt. Konsa monnitè-a pral ankouraje patisipan ki pa konn pale anpil pale piplis. Li pral ede patisipan ki pale anpil koute sa lòt patisipan-yo ap di … Wòl monnitè-a konplike anpil.”

Twazyèm pati esplikasyon-an santre sou wòl yon tèks nan aktivite yon “Wonn refleksyon” ki diferan ak wòl yon tèks nan yon sikonstans tradisyonnèl. “Yon tèks nan sikonstans tradisyonnèl enpòtan anpil. Tout patisipan dwe konprann sa tèks-la gen ladann. Yon tèks kapab gen enfòmasyon istorik, jeyografik, matematik, elatriye. Tout moun ki li tèks-la sipoze rive konprann tout enfòmasyon ladann. Yon tèks sou istwa Ayiti pral bay yon esplikasyon pi senp posib sou tout aspè enpòtan istwa-sa-a. Bi yon klas kap sèvi ak tèks-sa-a se konprann istwa-a. Nan ka-sa-a, wòl tèks-la se sous yon konnesans byen fikse."

Bi aktivite "Wonn refleksyon"-an "se pa pou patisipan bati yon konnesans byen fikse non. Se plis pou yo aprann ki jan pou yo edike tèt pa-yo. Depi bi aktivite-a diferan, wòl tèks-la blije diferan tou. Nan ‘Wonn refleksyon’, tèks-la gen aspè patisipan-yo rekonnèt, ki vle di aspè ki gen yon rapò ak esperyans pa-yo. Aspè-sa-yo konn ede-yo reflechi sou esperyans-yo, keksyonnen esperyans-yo. Epitou tèks-la ka gen aspè patisipan-yo pa rekonnèt. Sa vle di gen aspè nan tèks-la yo pa konprann byen oswa ki parèt dwòl. Aspè-sa-yo konn sezi refleksyon patisipan-yo yon jan ki ede yo panse piplis sou tèks-la menm.”

Kidonk, “tèks-yo konn ede yon gwoup nan de (2) sans. Yo kapab ede patisipan-yo reflechi sou esperyans-yo. Epi, yo kapab envite patisipan-yo reflechi sou yo-menm menm. Nan toude ka-yo yon tèks vin yon èd pou refleksyon, yon animatè toutbonvre … Yon tèsk se yon zouti ki kapab louvri ak fasilite keksyonnman yon gwoup.”

Apwòch-sa-a ka sèvi byen nan tout nivo ansèyman ala kondisyon pwofesè-a gen konpetans ak imajinasyon epi li rekonnèt li ka aprann tou avèk elèv-yo nan klas-la. Aktivite “Wonn refleksyon” kapab ede anpil nan ansèyman “letrerasyon” pou granmoun. Pwofesè-a dwe kapab ede elèv-sa-yo konpoze tèks-yo selon enterè-"yo ak preyokipasyon-yo. Lè yo wè mo yo konnen deja lap pi fasil pou yo aprann li anmenmtan yap jwenn okazyon reflechi sou keksyon ki konsènen-yo.

Dapre ransèyman responsab “Limyè Lavi” ban-nou, aktivite “Wonn refleksyon” ak “Espas louvri" gaye nan omwens 14 oganizasyon ann Ayiti, tankou Fakilte Syans sosyal, FONHEP, Bank Fonkoze, lekòl Louvèti Kleri (Santo), lekòl kominotè “Matenwa” (Lagonnav), Rasin lespwa (Dabòn), Lakay Sen Jozèf pou tigason (Pòtoprens), lekòl Sen Toma (Site Solèy), Zèl lespwa (Fèmat), Devlopman riral entegre (Okay), Asosye pou yon kòz (Kapayisyen).

Chak fwa yon ONG ka devlope yon pwogram, yon sistèm, yon aktivite ki kapab sèvi kominote kote ONG-a enstale-li nap di bravo. Men nou ta gen plis kè kontan si nou ta vin konnen gen yon sèvis nan gouvèman ayisyen-an ki anchaje evalye tout bon aksyon izole-yo epi kap etidye pi bon jan gouvènman-an kapab rasanble sa vye zanmi-nou Pradèl Ponpilis te konn rele “ti zile efò” avèk lespwa yon jou granmèsi bon kowòdinasyon ya vin “yon gwo zile devlopman nasyonnal”.

Pwovèb jodi-a se: “AVANTAJ OTORITE ANJANDRE RESPONSABLITE."

Kontakte Woje E. Savain nan resavain@gmail.com


Pou li premye atik Woje Saven te ekri, klike sou WonnRefleksyonakEspasOuvrinanHaitianTimes

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited April 28, 2005 7:24 am USA Pacific Time by Jengle
Search: