AtelyeKreyeFonReyinyonAnyelBB2003

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Reyinyon anyel BB Sije: Kreye yon Fon pou Blayi WR ak EO

Moun ki prezan : Manno, Fremy, David, John, Coleen (yon ti pati)

Bi nou an :

Blayi metod WR ak EO

Objektif yo :

1. Nouri rezo pratikan WR ak EO nan de (2) sans :

Fe pratikan yo jwenn plis eksperyans pou yo ka vin pi fo Fe plis moun devlope abitid praktike WR ak EO

2. Kreye sans bezwen pou WR ak EO lakay oganis/lekol epi ofri yon fason konkre pou satisfe l.

Kesyon :

1. Koman administrasyon pral mache ?

Lajan Desizyon Evalyasyon

2. Non pwoje a : Kreyol/Angle? ?

3. Ki wol LL ? (ajan fiscal kom nan IJR)

Estrikti :

Pou pran desizyon :

Nou t ap kreye yon gwoup moun ki rele Gwoupsala. Moun t ap seleksyone pou fe pati nan gwoup sa a selon twa krite (1,2, ak 3 ou/ak 4) :

1. Li vle fe pati epi l ap disponib pou kontribye tan ak eneji. 2. Li gen istwa ak WR ak/ou EO. 3. L ap angaje pou chache finans (ak lot resous ?) pou fon an, sa vle di li gen kontak regilye ak bayedefon. 4. Li sou teren epi li disponib pou rann vizit a oganizasyon k ap jwenn fomasyon epi fe yon ti rapo pou distribye a manm nan Gwoupsala.

Manm n ap pwopoze pou Gwoupsala : Kristy, Fremy, Chris Low, Coleen, Eddy, David, John, Steven, Erik.

Pwosesis pou ajoute manm nan Gwoupsala : yonn nan manm t ap pwopoze nouvo manm ki reponn a krite #1,2, ak 3 e/ou 4. Depi tout lot manm pa refize l, l ap vin manm.

Fonksyonman : nou t ap sevi ak wiki pou kenbe kontak epi petet yon apel de konferans de tanzantan.

Yon seneryo jan fon t ap mache sou teren an :

1. responsab enterese : responsab nan yon lekol oswa lot oganizasyon t ap tande sou WR ak EO epi ta enterese aprann pi plis oswa kareman jwenn fomasyon pou li oswa pou lot moun nan oganizasyon li. (petet li te aprann sa pa yon pratikan WR ak EO ki te pale ak li, montre l videyo, envite l patisipe nan yon rankont, elatriye.

2. responsab ekri pwoje/ranpli fomile : responsab t ap travay ak yon pratikan pou ekri yon pwoje (selon reg nou yo) oswa ranpli yon fomile nou t ap kreye pou demann yon don ki t ap kouvri yon fre pou pratikan ak lot depans nesese.

3. gwoupsala dako pou enstitisyon ak pratikan devlope yon ako ant yo : depi Gwoupsala apwouve ako a, yon fon t ap disponib pou enstitisyon peye pratikan ak lot depans selo pwoje/fomile ki te ranpli

4. vizit ak rapo : manm nan Gwoupsala sou teren an ki te apwouve pwoje/fomile epi ako a t ap rann oganizasyon yon vizit pou pale ak responsab ak kek nan moun t ap jwenn fomasyon. Apre li t ap fe yon ti konvesasyon ak yo, li t ap fe yon rapo epi fe pratikan ak res manm nan Gwoupsala jwenn li.

Pwosesis pou Gwoupsala pran desizyon :

Depi yon pwoje oswa fomile ki ranpli ak yon ako gen apwobasyon moun sa yo, li t ap tou apwouve :

1. yon moun sou teren ki t ap dako pou rann vizit epi ekri rapo 2. yon moun kap chache finans oswa moun nan menm k ap fe lyezon ak bayedefon. 3. nenpot lot manm nan Gwoupsala kom twazyem 4. Pratikan – anfet, fok yon praktikan deja enplike paske se li menm kap bati ako ak enstitisyon an. Distribisyon lajan :

nou kapab envizaje plizye fason pou enstitisyon jwenn fon an. Pou lenstan, lide nou plis renmen se pou LL sevi kom ajan fiskal (li pa bezwen enplike nan desizyon sou kiles ap jwenn finans men se pi plis pou jere fon an pou enstitisyon ak pratikan). Depi yon enstitisyon t ap apwouve, BB (oswa lot enstitisyon) t ap voye lajan a Limye Lavi nan non enstitisyon an. Chak fwa pratikan t ap fe yon fomasyon, responsab la t ap siyen yon fomile. Chak 15 jou oswa mwa, pratikan an t ap soumet yon rekizisyon a limye lavi pou jwenn fre l ap touché pou fomasyon/sevis l ap rann.

Fomasyon tipik :

Menmsi nou ta byen kontan gen varyasyon nan program fomasyon responsab ak praktikan devlope – yon fomasyon ki byen adapte a sityasyon an epi selon entere responsab la/yo – nou t ap swiv program pratikan deja konn fe yo :

1. seyans wonn refleksyon chak semen (2 zed tan konsa) padan 3 – 6 mwa 2. de (2) ou twa (3) rankont Espas Ouvri pandan period fomasyon yo selon yon tem ki devlope pa manm nan fomasyon yo ak konsiltasyon a responsab la/yo ak pratikan.

Non pwopoze pou pwoje sa a/fon an : Nou kwe li enpotan pou jwenn pespektif moun sou teren an sou sa. Kamenm, John ta renmen pwopoze yon non : Fon Eksperyans la.

Praktikan ki elijib : Sa se yon kesyon enpotan ki nou poko abode : koman n ap deside ki praktikan ki elijib pou kolabore ak enstitisyon ki enterese jwenn fomasyon, pou elabore pwoje/ranpli fomile epi ako.

TheExperimentFund - not ann angle


mesaj imel ki te voye 9 oktob 03:

mwen te deside pou fe manm konsey administrasyon LL ak moun ki pale kreyol sou konsey administrasyon BB jwenn mesaj sa a pou fe nou okouran sou kek lide k ap pataje la epi envite nenpot komante nou genyen. epitou, m ap fe nou menm, kent ak shelly ak guerda jwenn li pou envite patisipasyon/pespektif nou yo. john

Che chris, coleen, david, eddy, erik, fremy, kristy, jonathan, manno, myriam ak steven,

Bonjou, koleg mwen yo.

M ap toujou cho sou lide kreye yon fon pou ede nou gaye metod wr ak eo, pa ti don enstitisyon t ap resevwa pou peye pratikan ak materyel.

Si nou poko gade not ki soti pandan reyinyon anyel la, m ap ankouraje ou gade yo :

http://www.globalchicago.net/cgi-bin/haiti.cgi?AtelyeKreyeFonReyinyonAnyelBB2003

N ap twouve non ou enplike. Jan n ap anvizaje l, BB kapab sevi kom ajan fiskal pou fon sa a (ki vle di jonathan ap enplike) epi BB t ap kontrakte LL pou ekri chek pou enstitisyon oswa pratikan yo (ki vle di manno ak myriam t ap enplike).

Res nan nou – Chris, Coleen, David, Eddy, Erik, Fremy, Kristy, Steven ak mwen menm – t ap fome yon gwoup ki rele “Gwoupsala” ki t ap jere fon an nan sans :

1) chache finans pou fon an

2) deside ki enstitisyon t a apwouve pou fon

3) deside ki pratikan eo/wr merite fe pati moun k ap fome lot moun

4) rann enstitisyon/gwoup ka p resevwa fomasyon vizit epi ekri rapo

Kat (4) tach sa yo t ap divize ant manm nan Gwoupsala. Nou t ap anvizaje gen moun k ap konsantre sou #1 epi gen lot ki t ap konsantre sou #4. Men, nou tout 9 t ap patisipe nan yon fason ou lot pou asire gen bon desizyon k ap pran - #2 ak #3.

M ap tann sigjesyon ak refleksyon ou yo ak enpasyans : ) . anko, m ap ankouraje nou li not sou wiki a. epi ou ka mete komante ou yo la osi. Mwen pral mete mesaj sa a sou wiki.

Yon denye pwen: m ap pwopoze n ap konsidere fe BB jwenn 10% pou administrasyon epi LL jwenn 5% pou ekri chek pou enstitisyon/pratikan. Mwen ap pwopoze pi plis pou BB paske, jan m we l, yo t ap pran plis responsibility : fe pwomosyon fon an, resevwa, depoze epi fe LL jwenn kontribisyon, voye let remisman a moun ki bay lajan, elatriye. LL t ap selman ekri chek selon desizyon Gwoupsala yo epi fe pratikan/enstitisyon ki apwouve yo jwenn yo.

Moun tankou Jude, Samson, Ulrick ak anpil lot pratikan t ap fe pati ekip pratikan k ap fe pwomosyon fomasyon nan wr ak eo epi k ap fe pwomosyon tou.

Lot avantaj mwen we nan pwoje sa a : li konkretize yon kolaborasyon konsantre ant moun ki tre konpetan, angaje, epi ki gen anpil eksperyans nan EO ak WR.

Respe pou nou,

john


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited October 9, 2003 10:58 am USA Pacific Time by John Engle
Search: