DiskisyonSouWolpiLajla

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Che manm nan KFEL,

Kent te fe m jwenn mesaj anba la ak pwopozisyon ki atache a.

Mwen dako ak lojik li menm ak ekip li sou koman KFEL kapab yon estrikti apropriye pou trete pwopozisyon sa a.

Ki sa nou menm panse ?

Kom dabitid ak kfel, si nou genyen twa manm ki eksprime yo dako ak yon lide oswa politik oswa pwopozisyon epi pa gen pesonn ki di yo pa dako, l ap pase. mwen menm t ap mande si genyen twa manm nan kfel ki dako pou kfel trete pwopozisyon sa a kom kent ak ekip li sigjere ?

si nou jwenn twa ki dako, epi nou pa tande moun eksprime yo pa dako, n ap trete pwopozisyon an. eske nou dako ak pwosesis la ? mwen t ap sigjere nou fikse dat 1 septanm kom denye dele pou we si genyen 3 manm ki dako pou kfel trete pwopozisyon sa a epi pou we si genyen moun ki pa dako.

mesi pou konsiderasyon nou.

avek anpil respe,

john

Bonjou, John (ak manm KFEL).

M ap voye yon pwopozisyon pou yon travay nou pral fe ak Refleksyon Bib la. Kesyon nou se eske estrikti KFEL kapab itil epi apropriye pou ofri sajes ak asirans pou pwoje ki atache a.

Kisa pwoje a ye ? Se yon pwoje pou nou vanse metod Refleksyon Bib la ni pou granmou ni pou timoun. Nou bezwen mete anplas yon enfrastrikti pou nou sipote pratikan Refleksyon Bib la yo.

Poukisa nou ki se manm KFEL Kent, Fremy, ak Jude ak moun ki pwopoze pou reyalize travay nan ako atache a ki se Abelard, Ulrick, Manno, e Enel panse sa kapab yon pwoje apropriye pou KFEL trete ? Se paske nou we se yon travay ki makonnen ak filosofi KFEL. Epitou, n ap eseye devlope rezo nou yon fason ki sanble ak KFEL. Nou gen plizye moun enplike ki nan rezo KFEL. Epi lot bagay, nou we KFEL se yon bon sistem ki transparan epi ki bay nou yon bon egzamp pou nou swiv. Finalman, nou swete li ta ka bon pou KFEL paske sa se yon lot travay ki ka mache anba bel inisyativ sa a.

Ki detay nou gen sou pwoje a ? Se yon pwoje ki ta dire sis mwa. Moun k ap eseye jwenn finansman pou pwoje a se mwen menm (Kent). Moun ki sou ekip k ap realize travay la se Abelard, Ulrick, Manno, e Enel. Pou res detay yo sou tach yo ak bidje a, nou ka we ako mwen te atache avek imel sa a.

Moun ki te fomile lide ak detay sa yo se Fremy, Jude, Samson, Abelard, Ulrick, Manno, e mwen menm. Epi nou gen Frantzie, Met Abner, epi Met Enel ki plizoumwen okouran ak sa n ap mete devan KFEL kom yon lide.

Oke, John. Si ou we sa se yon bagay ki merite ale devan KFEL, mwen ta kontan pou ou pataje sa ak yo. Epi petet ou ka bay lide ou yo sou si ou we sa merite fet epi kijan KFEL ka abode lide sa a.

Mesi, zanmi ak koleg mwen. Se yon plezi pou m travay ansanm ak ou menm epi ak tout moun nan KFEL.

Anpil respe, Kent


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited August 23, 2005 10:57 am USA Pacific Time by Jengle
Search: