EgzanpLetEnvitasyonEspasOuvri

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Envitasyon.

Pòtoprens 30 jiyè 2003 Sòti nan men : Jude Appolon Pou : zanmi pratikan Wonn Refleksyon Objè : Envitasyon pou yon rankont,

Chè zanmi, pratikan Wonn Refleksyon.

Avèk anpil respè, nou ap salye w epi pwofite okazyon sa a pou felisite w pou angajman w nan travay pou chanje kalite edikasyon k ap fèt nan peyi a. Konsa nou kontan envite w nan bwase lide k ap fèt sou tèm

  Koman nou ka amelyore sistèm edikatif Ayisyen an ?                                                 

   Dat :  Samdi 23 out 2003, 9 è 15 – 2 è 
                      Lokal :  ‘’Secours Catholique Rue Courte’’ Bò kote sant ki fenk repare a.

Pou abòde tèm lan, nou pral sèvi ak metòd Espas Ouvri. Pou moun ki poko fè eksperyans ak metòd Espas Ouvri, n ap di yo, li se yon fason pou favorize yon bon echanj demokratik ant divès moun ki enterese sou yon menm pwoblèm. Se moun ki prezan nan rankont lan, ki pral pran responsabilite kreye ajanda. Epi chak moun pral gen pou bati pwogram yo pou jounen an. Sa vle di, se patisipan nan rankont lan, ki pral genyen pou detèmine sijè nou vle abòde, ki tonbe anba gwo tèm lan. Kidonk, balon an pral nan nou tout! Lè nou rive nan rankont lan, pral gen moun ki pral eksplike, pi plis toujou kijan n ap aplike metòd la, ki chita anpil sou yon seri atelye nou menm patisipan yo pral kreye … Sèl sa nou bezwen fè pou prepare pou rankont lan, se kòmanse reflechi sou sijè oubyen kesyon laj ou genyen ki gen rapò ak tèm lan.

Frè patisipasyon pou jounen an se : 75 gd Si w ta renmen jwenn plis eksplikasyon, kontakte n an adrès sa yo : 552 :06-76 oswa nan judeappolon@hotmail.com, G.A.L.O754 @hotmail.com

Nou kwè prezans ou pral fè rankont lan vrèman anrichisan.

Na wè samdi 23 out 2003.

______________ Jude Appolon


retounen sou EspasOuvri

LeForumOuvert

OpenSpace

OganizasyonYo - LesOrganisations - TheOrganizations

AsosyeEksperyansla - LesassociatesdeLExperience - AssociatesofTheExperiment


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited August 19, 2004 5:41 am USA Pacific Time by Jengle
Search: