EspasOuvri19desanm2003

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Envitasyon

Zanmi kamarad,

Nou voye yon gwo salitasyon ak konpliman pou tout bèl travay w ap fè pou favorize yon chanjman sosyal an Ayiti. Konsa n ap pwofite pou envite w patisipe avè n nan yon rankont echanj k ap fèt jou vandredi 19 desanm 2003 sou tèm:

Kòman nou kapab sèvi ak ledikasyon pou nou konstwi yon sosyete nan lapè?

N ap kòmanse a 8è30 nan maten pou fini a 3è apremidi. Rankont la ap fèt nan sant medsin kominotè Dabòn (Centre de médecine communautaire de Darbonne)

Patisipan ki pa rete Leyogàn yo kapab rive 18 desanm nan apremidi. Se Rasin Lespwa k ap resevwa yo nan Sant la. Frè patisipasyon : 50 goud. Pou moun ki pa rete Leyogan k ap dòmi, patisipasyon an se : 150 goud.

Pou rive, pran Wout Nasyonal 2. Desann machin nan kafou Dabòn epi pran yon taptap jiska estasyon /nan macheDabòn. Lè w rive, mande nenpòt moun montre w lakou ka Lafontan. Tout moun nan zòn nan konnen l. Si ou soti sou pòtoprens, w ap jwenn kafou a avan nou antre nan vil “Leogane”, tousuit apre wout nèf la. Men si ou soti nan sid w ap jwenn kafou a apre sou komisarya polis la. Nou estime kapab genyen 80 moun konsa ki deja fè eksperyans nan Wonn Refleksyon ak Espas Ouvri k ap vin patisipe nan rankont sa a. Moun sa yo ap sòti Leyogàn / Dabòn, Lagonav, Okay, Pòtoprens, plato santral, elatriye.

Yon ti koze sou metodoloji nou pral itilize pou anime rankont la

Pou abòde tèm sa a, nou pral sèvi avèk yon metòd ki rele “Espas Ouvri.” Se yon metòd patisipativ ki favorize yon bon echanj demokratik. “Espas Ouvri” se yon metòd kote se moun ki prezan nan rankont la ki pran responsablite kreye ansanm yon pwogram ak yon ajanda pou tan y ap pase ansanm. Sa vle di, se nou menm patisipan nan rankont 19 desanm nan ki pral genyen pou detèmine ki sijè ki tonbe anba tèm nan nou deside abode nan rankont la. Kidonk, balon an nan pye nou tout! Sèl preparasyon nou bezwen fè se reflechi sou lide ak sijè ki tonbe anba tèm nan nou kwè ki enpòtan pou n abòde ansanm.

Pou konfime prezans ou, kontakte : Abnè ak Eznè (Lagonav), PAPE/ Frantzie ( Okay). Moun ki sòti Pòtoprens ak Dabòn, kontakte Frémy César : 409-0192, pase nan bibliyotèk Rasin Lespwa oubyen ekri sou adrès sa yo: fremycesar@hotmail.com , mondjo@hotmail , mydjoso@yahoo.fr

Nou sèten aktivite sa a se yon opòtinite pou nou vin pi maton nan aprann youn nan men lòt. Nou kwè l ap pote anpil fwi.

Nou konte sou tout moun ki enterese nan edikasyon pwogresis pou reyisit aktivite a.

Inisyativ Wonn Refleksyon ak Espas ouvri


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited November 6, 2003 4:32 am USA Pacific Time by 63.109.64.xxx
Search: