EspasOuvri22Desanm2004

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

8 Oktob 2004

Chè Kòlèg,

Nou fè ou konpliman pou tout sa w ap fè pou ankouraje epi favorize lape, inite ak rekonsilyasyon an Ayiti. N ap pwofite envite w nan yon rankont Espas Ouvri sou tèm :

Ki wòl lidèchip ak pouvwa nan lapè ak demokrasi? Dat : mekredi 22 desanm 2004

Lokal : “Centre de Medecine Communautaire”( CMC) Dabon, Leyogan N ap kòmanse a 8è:30 nan maten pou fini a 3è:30 apremidi.

Patisipan ki pa rete Leyogàn yo kapab rive 21 desanm nan apremidi. Se Rasin Lespwa k ap resevwa yo nan Sant la. Frè patisipasyon : 175 goud. Pou moun ki pa rete Leyogan k ap dòmi, patisipasyon an se : 375 goud.( Li gen ladann 200 goud pou manje ak domi pou yon nuit). Pou rive Dabon, pran Wout Nasyonal 2. Desann machin nan kafou Dabòn epi pran yon taptap oubyen yon taksi moto jiska estasyon /nan macheDabòn. Lè w rive, mande nenpòt moun montre w lakou ka Lafontan. Tout moun nan zòn nan konnen l. Si ou soti sou pòtoprens, w ap jwenn kafou a avan nou antre nan vil “Leogane”, tousuit apre wout nèf la. Men si ou soti nan sid w ap jwenn kafou a apre sou komisarya polis la.

Nou estime kapab genyen 80 moun konsa ki deja fè eksperyans nan Wonn Refleksyon ak Espas Ouvri k ap vin patisipe nan rankont sa a. Moun sa yo ap sòti Leyogàn / Dabòn, Lagonav, Okay, Pòtoprens, plato santral, Fondwa, Site Soley, elatriye. Nou pral sèvi ak metòd Espas Ouvri pou rankont sa, yon metod patisipatif ki mete responsabilite pou program nan, nan men tout patisipan. Pou moun ki pratike Espas Ouvri deja, sa pral ba ou opòtinite pou apwofondi eksperyans ou. Epitou, sa pral bay nouvo moun posibilite dekouvri Espas Ouvri.

Espas Ouvri se yon fason pou envite ou nan lape ak demokrasi, kit se oganizasyon ou kote ou travay, kominote ou, legliz ou, antrepriz ou, nan fanmi ou, nenpot ti gwoup kote ou konn chita pale, e menm pou lavi pesonel ou. Lè nou viv nan lape, sa ankouraje efikasite, kreyative ak tèt ansanm. Rankont sa pral ofri nou posibilite pou n pataje eksperyans nou yonn ak lòt.

Pou jwenn plis enfomasyon ale sou : http://www.eksperyansla.info oubyen kontakte moun ki nan lis sa a : Johny Saint Louis? : mailto:mondjo@hotmail.com FremyCesar : mailto:fremycesar@hotmail.com ak tel. : 409.0192 Lekol Kominote Matenwa, Lagonav: Frantzie Cyril, Okay: 286-0068, 286-2688

Lanmou, respe, fratenite.


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited October 8, 2004 11:20 am USA Pacific Time by dpc6682009056.direcpc.com
Search: