EspasOuvriannAyiti

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Metòd Espas Ouvri : Yon lòt kalite apwòch pou anime rankont yo.

Espas Ouvri se yon metòd pou pèmèt tout kalite moun nan nenpòt kalite òganizasyon oswa gwoup reyalize rankont yo ki pote anpil fwi, kit gen set (7) moun kit gen mil (1000) moun. Metòd Espas Ouvri chita sou sipozisyon moun ki vrèman konsène sou yon kesyon ou pwoblèm e ki vle pran responsablite pou jwenn repons oswa solisyon dwe jwenn opòtinite pou yo ekzèse responsablite a.

Pandan kenz (15) lane ki sot pase yo, li vin klè Espas Ouvri kòm pratik animasyon ka rann òganizasyon ak gwoup pi dinamik ak pi kapab nan pwatik rezoud pwoblèm yo. Afrik de Sid, Izrayel, an Rous, Kosovo, Ozetazini kote gen konfli sou tè ant Gouvenman ak Endyen Ameriken ... nan anpil peyi nan anpil pwoblèm divès, moun konn itilize metòd Espas Ouvri pou ede yo rezoud pwoblèm yo.

Ann Ayiti, gen moun k ap sèvi ak metòd Espas Ouvri depi ane 1996. Oganizasyon kòm Fondasyon Limyè Lavi epi AAPLAG (Asosyasyon Animatè ak Peyizan Lagonav) itilize l pou tout reyinyon planifikasyon ak evalyasyon. Gen rezo kòm Rotalpha ak Wonn Refleksyon ki sèvi ak li pou rasanble moun kote youn aprann nan men lòt epi yo bati ak ekzekite pwojè ansanm. Lekòl Louveti Kleri sèvi ave l pou favorize refleksyon pwofon pami manm estaf ak pwofese yo sou idantite, filozofi ak pwatik nan Lekòl yo. Fondasyon Eko Vwa Jean Dominik te rasanble reprezantan nan yon paket oganizasyon pou brase lide sou : "Inpinite ak Injistis - Kisa nou ka fè ?" Biwo Entènasyonal Travay nan kolaborasyon ak Minis nan Afè Sosyal te rasanble plis ke 80 moun nan 45 oganizasyon diferan sou tèm : "Ki sa nou ka fè pou elimine sistèm timoun rete kay moun ?"

Si gen yon pwoblèm oswa konfli, Metòd Espas Ouvri kapab telman itil.


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited August 7, 2003 3:50 pm USA Pacific Time by 66.172.150.xxx
Search: