EspasOuvrisouEspasOuvriJen2003

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Byenveni ! Men w ap jwenn not pou atelye yo epi foto patisipan pandan dezyem Espas Ouvri sou Espas Ouvri ann Ayiti a

pou jwenn foto yo, klike sou adres sa a : http://photos.yahoo.com/bc/englejohnny/lst?&.dir=/EOsouEO2003&.src=ph&.begin=9999&.view=t&.order=&.done=http%3a//photos.yahoo.com/bc/englejohnny/lst%3f%26.dir=/EOsouEO2003%26.src=ph%26.view=t

Rapò Dezyèm Rankont Espas Ouvri sou Espas Ouvri ann Ayiti a

Sòti 19 Jen pou 22 Jen 2003 Tèm : Kòman pou nou reyalize yon rankont ak Espas Ouvri ki pote anpil fwi ?

Rankont la te kòmanse pa John ki te swete tout moun byevini epi li te envite chak moun pou prezante tèt li ; aprè sa li te prezante espas ouvri a kòman sa ta pral mache pandan 3 jou n ap pase ansanm, prensip pou patisipan respèkte pandan yo nan Villa Ormiso. Aprè li te fin eksplike patisipan yo kòman espas ouvri a ye, se moman pou patisipan yo te ale nan atelye.

Atelye A :10-11zè(vandredi) Sijè : Kòman n ap fè swivi ak nòt ki sòti nan atelye yo ? Rachel, John, shelly, Sarah, Abner, Robert, Benaja, Vana.

Daprè Sarah: Li panse entènèt se yon bon mwayen pou nou fè swivi nòt ki sòti nan atelye yo. Daprè Abner: swivi ka fèt plizyè fason: nan gwoup kote w ap travay, nan fanmi, lakay ak madanm, vwazinay elatriye…paske swivi a se estrateji ou anpwaye pou fè metòd la avanse. Daprè Benaja: li di kòm abitid, chak nou patisipe nan espas ouvri toujou gen nòt ki bay aprè men, aprè nan lòt espas ouvri ankò nou pa janm diskite n`ot avan yo. Sèlman nou abode lòt sijè. Konsa Sarah te mande eske gen yon kote moun responsab pou òganize espas ouvri, fè yon ekspozisyon ? Kote tout moun ka wè sil vle yon sijè ki te diskite tèl ane, epi sil ta enterese fè sa nan kominote l kijan pou l fè sa. Sarah te poze kesyon sa a ak Kristy. « Kòm ou konn al nan espas ouvri lòt peyi, kijan ou konn wè sa » ? Kristy te reponn konsa : Yo konn fè yon atelye nan maten kote yo poze yon kesyon epi tout moun bay sijè yo. Y al nan atelye diskite pran nòt. Nan aprè midi yo kontinye travay sou nòt ki te sòti nan atelye maten yo, sa vle di yo tou fè swivi nòt ki te pase nan matenyo. Kristy te di konsa konn gen kèk sijè kote swivi a ka fèt jis aprè 3 mwa, 2 mwa …men, lè sa a ou ka fè tankou Abner te di : kontinye swivi a ak lòt gwoup, fanmi… Benaja te pwofite okazyon sa a tou pou l pataje yon eksperyans Chris te fè nan yon espas ouvri li te òganize nan LKMPD Lagonav. Kijan sa te fèt ? Chris te lese tout moun aji daprè metòd espas ouvri nan maten epi nan aprè midi li te konsantre patisipan yo sou yon sijè « egzat » sa vle di poze kesyon sou li egzateman epi bay repons egzat. Pandan rankont Atelye sa a, John te pwofite lanse mesaj sa : li deja kòmanse travay sou yon sit entènèt kote tout moun ki enterese ka jwenn enfòmasyon oubyen nòt ki sòti nan rankont espas ouvri yo : « www.eksperyansla.info » Konsa John te te di : li posib pou yon moun sil vle poste yon ide oubyen yon enfòmasyon sou metòd espas ouvri. Moun sa a ka kontakte l sou imel li, ekri l enfòmasyon sa epi li menm l ap poste l. Kristy te di : Li ta konseye chak moun pou pran responsablite yo, pou yo gade sit espas ouvri epi jwenn enfòmasyon, bay lide ki nesesè sou nòt yo wè swa pou pozitiv ou negativ, paske yon sit entènèt koute anpil kòb ; si sit la egziste epi nou pa itilize l se yon bagay anven, se kòmsi pa gen swivi ki fèt vre. Pou fini Sarah te mande eske tout moun santi yo satisfè ak diskisyon k fèt yo ? tout moun te reponn wi paske gen yon fason nòt sa yo ka rete vivan pou moun ki vle ka gade yo lè yo vle.epi bay lide yo sou nòt sa yo.

Atelye B :11-12 zè (vandredi) Sijè : yon ti refleksyon sou feblès nou. Moun ki te patisipe nan atelye sa p ap ekri non yo.

- Fremy ki te chwazi sijè te bay opinyon li, nou te wè tout moun ki egziste gen yon kalite feblès lakay yo dapre sa Fremy te di a nan fason yo fonksyone. - Feblès nou konn wè ki genyen nan espas ouvri, se paske nou konn wè pa gen twòp sijè ki enteresan, eske sa pa yon feblès ? sa nou wè gen moun ki gen feblès lakay li, men se lòt moun ki wè feblès sa, lè sa nou panse moun sa bezwen èd lòt moun. - Feblès la tou li soti nan fason fanmi yo leve timoun yo, savle di feblès familyal ; mank edikasyon. - Toutotan gen prejije lakay nou bagay yo rele feblès la, l ap toujou egziste - Feblès la tou, li aji sou moun parapò ak anviwònman nou ; pa egzanp : si yon timoun leve nan yon zòn se joure, batay, move propoli jwenn se sa l ap repwodwi anndan sosyete a, si li jwenn sa yo nan fanmi li, l ap vin fò nan sa. - Feblès toujou mache ak perèz men tou tout feblès toujou mache ak pwen fò l, leplisou- van yon moun bezwen pase nan etap feblès pou l vin fò, men fòk nou pa kite feblès la aji twòp sou nou. - Li ka yon mank kwayans pafwa, pa kwè nan tèt nou. - nou panse tou pasyons se yon bagay ki konn kòz yon moun fèb, lè yon moun pa gen pa-syans nan sa l ap fè, nou sa kapab rann yon moun fèb. - Mank dangajman tou, mank responsabilite kapab rann yon moun fèb, inyarans konn rann moun fèb, feblès la kapab yon bagay ki natirèl pa egzanp yon moun ki timid, sa depan deanviwonnman moun nan.

Atelye C :2-3zè(vandredi) Sijè : Espass ouvri yon zouti pou kontwi demokrasi. Moun ki te patisipe nan atelye sa :Elysée vaillant, Sarah Roche, Lumarque Gerald, Erik Badger, Abner Sauveur, Antoine Benaja, Rachel Taner, Fremy Cesar, Micheline…

Nan eksplikasyon chak moun te bay sou motif yo nan atelye sa a, nou reyalize ke tout patisipan yo rete santre sou pwen fò metòd la. Se prensip yo ki ede fòs demokrasi yo boujonnen. Preske tout patisipan yo te manifeste dezi pou refllechi sou demokrasi. Fremy te defini demokrasi kòm reyalite. Lan demokrasi, tout moun atann ke yo pral aplike oubyen respekte prensip yo deja tabli yo menm menm, epi espas ouvri ki se yon metòd ki chita sou aplikasyon 3 prensip li yo e yon sèl lwa de (2) pye a. nan yon sans nou te rapwoche de tèm nou itilize pou metòd E.O * Prensip e Lwa. Selon yon patisipan lwa parèt pi rèd pase prensip. Eske demokrasi aksèpte Prensip oubyen Lwa. Kisa demokrasi a ye ? - eske demokrasi a se kreye li kreye libète kay moun oubyen se pote l pote l libète pou moun aji, sa vle di montre moun prensip ki pou rde yo aji libè, libè. - demokrasi se lè w konn dwa w ak devwa. Demokrasi ann Ayiti chaje ak obstak, sitou politik, edikatif e moral.

Atelye G : 3-4 zè(Vandredi) Sijè: Eske metòd Espas Ouvri kapab itilize nan sal klas tou? Moun ki te patisipe nan atelyesa: Robert, Jolène, Miliènne, Afelène, Gerline.

Daprè Miliènne : Mwen chwazi sijè sa se paske m santi Espas Ouvri se yon bon metòd kote lè ou nan yon seyans ou santi ou alèz, ou pa gen presyon sou do w,sa fè ou pa gen pwoblèm. Daprè Robert : Mwen wè, li nètman difisil pou itilize Espas Ouvri nan yon sal klas paske nan metòd Espas Ouvri pa gen yon resous egzat ni yon limit. Men m panse ou ka itilize kèk nan prensip E.O. Daprè Afelène : Pou mwen menm, mwen wè se yon metòd ki preske menm jan ak metòd Wonn Refleksyon, mwen santi vrèman li kapab fè timoun yo aprann byen. Youn kapab aprann nan men lòt san presyon, san pwoblèm, yo p ap pè pale paske youn ap respekte opinyon lòt.

Atelye A :10-11 zè (samdi) Sijè : <<Se sou fimye lanmò lavi boujonnen >> Moun ki te patisipe nan atelye sa :Jeanty Duversaint, Robert, Fremy, Enel, Benaja, Guylande, Abner,Dale.

- Benaja te poze kesyon sa : pouki sa nou pè lanmò pandan li se yon etap ? Heguel te reponn konsa :kò nan lavi gen plizyè etap tankou : fèt, marye, batize, kominye.. E nou pa janm pè yo okontrè nou toujou kontan nan etap sa yo ; konsa, mwen panse tout moun ta sipoze pase etap sa tou. - Eske yon kretyen dwe pè lanmò ? Guylande te reponn konsa : wi yon kretyen dwe pè mouri paske menm Jezikri te pè mouri. - daprè Fremy : lavi gen de 2 etap ‘viv’ ‘mouri’epi reviv ankò li te pran egzanp yon pye bwa ki t ap viv, li mouri epi bay nesans ak yon nouvo plant ; konsa, li te vle pale de reyenkanasyon. - Daprè Jeanty : li wè lanmò a kòm yon vyolans paske l pat chwazi fèt men l, fèt pa kreyatè a ;men, poukisa pandanm deja fin abitye ak lavi epi pou mwè m pral mouri,sa vle di yo fè m mouri kont volonte m, se rezon sa k fèm di lanmò se yon vyolans. - Heguel di si p ap gen lanmò lavi pa t ap gen sans. Epi Benaja te ajoute pou l di ke si p ap gen lanmò pa t ap gen sansiblite pou youn ak lòt. - Daprè Robert :lanmò se yon gen pou moun ki nan satan, ki nan difikilte, dilèm, pou l viv ;men, li se yon touman pou moun ki gen mwayen epi ki pa gen okenn difikilte pou l viv e ankò lavi gen kote l pozitiv, negativ men, lanmò se prèv pou montre kijan lavi bèl. Lanmò la pou l ekilibre lavi.

Atelye B :10-11 zè (samdi) Sijè:Motivasyon, Entegrasyon, Patisipasyon. Moun ki te patisipe nan atelye sa: Samson Joseph, Louis Lumarque Géreald, Ulrick Denis, Antonal Mortimé. Kent.

- Fòk li rive motive plis moun posib paske sijè sa rantre nan plan travay òganisyon l ki rele (CHANDEL). Antonal ki se animatè nan GTAPF(Gwoup Tèt Ansanm Peyizan Fayet), pou li se rive pale ak moun nan sou gwoup la, ki kout men li ka pote anndan gwoup la, envite l patisipe nan aktivite gwoup la(joune, fèt, konferans, vizit ki enteresan … Fè l posib pou moun jwenn fòmilè, depliyan ki gen enfòmasyon sou gwoup la. - Aspè entegrasyon, se entegre plis moun nan òganizasyon yo, mete plis aktivite nan mitan gwoup la, fòme ti gwoup pou entegre gwo gwoup yo. - Aspè patisipasyon, fòk moun ki lidè nan òganiasyon yo pa fè tout aktivite yo, fò l favorize patisipasyon lòt manm nan òganizasyon an pran responsabilite pou fè l mache tou. Fòk prensipal lidè yo pa domine lapawòl lè gen reyinyon, yo pèmèt lòt manm yo patisipe nan reyinyon an paske sa ka anrichi yo ak lòt lide lòt manm yo. Lè lòt manm yo patisipe nan aktivite yo, se evite w ap evite fristrasyon epi bagay yo ap yon jan desantralize. Jounen jodya espas ouvri ak Wonn Refleksyon se yon model egzanp tout moun ta dwe swiv.

Atelye C :10-11 zè (samdi) Sijè: Enpòtans Espas Ouvri nan lidèchip. Moun ki te patisipe nan atelye sa : Merline, Ulrick Denis, Johny Saint-Louis, Enel, Kent, Immacula, Jude Appolon, Emmanuel, John.

- Enterè m nan sijè sa a, se pou ta gen kèk antant nan pèmèt yon gwoup moun fonksyone ansanm dapre Merline.

 - Immacula di li se yonn nan lidè nan òganizasyon l lan, Espas Ouvri pèmèt li konprann lòt kolaboratè l yo ; konsa, òganizasyon l lan prale pi lwen.

- Ulrick di sak fè l vin patisipe nan atelye sa, se chache l ap chache konnen nan Espas Ouvri yon fason pou m ka konprann e sipòte sak ka chanje nan yon moun ki vin lidè. - yon lidè nan Espas Ouvri bezwen tande bon lide, fòk nan pouvwa l genyen pou l aji sou lòt moun jwenn yon fason pou Espas Ouvri antre. Yon jan nan prensip yo li se premye moun kòm lidè k ap respèkte yo. Fòk lidè a ta dwe konnen objektif metòd la dapre Enel. - Menm si ou travay ak gwoup, nan seminè, nan nenpòt lòt rankont, se nou menm lidè ki limite moun ;men, yo menm ka adapte yo fasilman, sa se eksperyans pam John. - Kisa lidèchip la ye ? - Se yon moun ki gen yon pouvwa nan men l, men li gen yon etap l ap swiv. - Se yon posesis pou jeer resous, li enpòtan pou tout moun ki gen anpil resous sil byen jere yo, nan imajinasyon l, nan anpil lòt bagay lòt moun ap aji. - Egzèsis pou enfliyanse moun volontèman sa pral menmen moun l ap dirije yo, rive nan reyalize pwòp bezwen pa yo. - Prensip gen 21 kalite lidèchip pa gen okenn noblès pou depase lòt moun, se pito depase tèt pa w. - Prensip navigasyon- yon lidè pa ta dwe ap navige pandan l ap mennen yon gwoup moun. Eske se yon gwoup moun ki boujonnen lidè a oubyen lidè a ki enfliyanse gwoup li pou l vin lidè. Yon lidè se yon moun k ap mennen yon gwoup, se yon moun ki ekri yon liv pou eklere lòt moun pou fonksyone byen. Nan yon sans chak moun se yon lidè pou tèt pa l paske li se yon resous fò l jere tèt li. - Lidèchip sèvi pou yon moun ki enfliyanse lòt moun, se volonte pa l ki gide lòt moun yo, nan fason li devlope plan estratejik li. Moun ki fè tout moun swiv li se li k lidè a. - Kijan yon moun ka devlope lidèchip lakay li ? - Eske yon moun ne lidè oubyen li vin lidè? - Gen moun ki avèk enfliyans, konsa tou li ka vin adapte lak enfliyans pou l aji sou moun ; kidonk ka tou de karakteristik sa yo ka fè yon moun vin lidè. Jan nou sèvi ak lidèchip fèn rete nan konsantrasyon, si nou rete konsa l ap touye nou. M panse toutan lemonn ap evolye definisyon nou bay mo sa a ap chanje. - posesis pou yon moun egzèse enfliyans li nan yon gwoup moun li trè difisil. Yon lidè se mete l osèvis lòt moun yo, mennen moun yo selon objektif yo genyen. Gen de fwa se gwoup la ki konn enfliyanse lidè a pou l vin diktatè oswa demokrat oubyen lese grennen. - Se ki kanal lidè a bay gwoup la ? M kwè si li kreye espas pou gwoup la antre, lidè a ta gen plis chans yon lidè nan pataje responsabilite yo. Fòk lidè a tou, detanzantan ap sipòte moun li bay responsabilite a ; yon lidè dwe toujou repase konsiy li yo, sinon se yon mirak l ap tann. Pa egzanp yon mayestro ki nan yon koral, li se prensipal lidè, li dwe toujou repase ki jan koral la dwe chante selon vizyon mayestro. - Yon bon lidè ta dwe ap panse ki yès k ap ranplase l. sèvi-konfyans- fidelite, se twa konsey pou lidè a kenbe. Nou wè lidè a dwe sèvi lòt moun avan tèt li ; yon lidè nan repatisyon tach yo dwe itilize nan gwoup la « pasyon ak responsabilite »ki pa dwe mete blokaj nan tèt moun, kite yo deside ak konfyans yo pou yo ka atenn objektif yo. - Gen moun se pou prestij yo vin lidè san yo pa konnen vrè wòl yo, lè l rive sa pa ka mache, li vin maron paske pratik la pa nan anvi fè wè men, nan poze bon aksyon nan sistèm pou l ale pi lwen. - Yon lidè se yo moun ki gen predileksyon ak enspirasyon ki pral enssite aspirasyon lòt moun yo. Lidèchip se yon aprantisaj chak jou, nan yon lespri fleksib Atelye C :11-12 zè (samdi) Sijè: ki pwofi yon moun ka tire nan Espas Ouvri? Moun ki te patisipe nan atelye sa : Eddy, Vana, Gerline, Samson, Dale, Emmanuel, Robert, Jude, Abner, Guillande.

Daprè Benaja : Pou li menm pwofi li ka wè yon moun ka tire nan metòd espas ouvri, se nan sans otonomi li bay moun nan pou l fòme tèt li ; pou konnen tout moun p ap janm ka dakò ak lide l kote pou l pa gen pwoblèm lè moun pa okipe lide l. Daprè dimijour : Pou li menm li tire anpil pwofi paske li se yon moun ki p ap nan gwoup men Espas Ouvri montre m ki jan pou m pran lapawòl, kijan pou m dirije yon gwoup :tankou chita an wonn, kijan pou annose sijè. Daprè Guillande Li di sa se yon trè bèl metòd kote lè w nan yon rankont ou ka aprann tande lòt moun epi pran responsabilite l pou ajjoute. Pou madam Deluce : metòd sa ka chanje mantalite moun, sitou moun ki brit. Daprè Vana Espas Ouvri fè moun vin rilaks, li bay moun yon lespri san limit, sa vle di pou mwen zafè prezante nenpòt sijè ke ou vle menm si li pa marye ak tèm nan. Se yon espas patisipan yo ka prezante nenpòt sijè ki enterese yo, paske nan lavi chak moun kapab gen yon bagay ki enterese yo epi ki menm gen resanblans ak pa lòt moun. Mwen panse si ta sèlman kon sa, konnen Espas Ouvri se ta sèlman yon mach a swiv pou dirije yon chita pale. San teni kont yon gwo tèm. Daprè Eddy Li pale sou kesyon, libète, pouvwa, posibilite ak limitemoun genyen nan yon rankont Espas Ouvri. Li soulinye youn nan bagay ke l pa renmen, se lè yon tèm deja pwopoze epi gen yon pakèt sijè ki pa tonbe anba tèm nan, pou li, li wè sa pa yon fason kolektiv ni li pa yon bagay sinèjik. Li montre tou nan yon reyinyon oubyen nan yon chita pale se pa òganizatè a sèlman ki ka bay lide aksyon men, se pito pasyon patisipan yo pou rankont la, ki chofe anbyans la. Daprè Abner Metòd Espas Ouvri pèmèt moun : pale oubyen pa pale, tande lòt moun epi pra responsabilite l nan yon chita pale, sa vle di pa gen yon moun anpatikilye ki responsabpou fè swivi chita pale sa a men, se pito responssabilite chak moun endividyel. Daprè jude Kijan nou ka wè yon moun ki te patisipe nan metòd espas Ouvri fè swivi nan yon rankont Espas Ouvri. Vana te reponn li senp pou wè sa : se sou temwanyaj patisipan yo bay aprè yo fin patisipe nan Espas Ouvri ; tankou di kijan yo te ye avan, kijan yo vin ye aprè tandiske mèt Abner wè se yon metòd ki pa mezirab, men ou ka wè swivi a fèt sou chanjman ki fèt nan enstitisyon kote moun sa ap travay, lakay li nan kominote l …

Atelye D : 3-4 zè(samdi) Sijè: Evalyasyon liv Wonn Refleksyon #2 Moun ki te patisipe nan atelye sa: Kristy, Vaillant, Sarah, Heguel, Jude, Kent, Abner, Robert, Chantalle, André, Afelène, Buton.

Pwoblèm : Liv de (2) a pa mache byen, menm jan ak liv en(1) ; tèks yo gen two difisil, depi nivo gwoup yo twò ba pa rapò ak sak nan tèks, gwoup la pa ka avanse. Sa ka fè patisipan yo dekouraje(espesyalman sa fèt ak timoun). Repons : Menm si yon tèks pa mache byen yon kote, pa vle di li p ap mache byen yon lòt kote. Pwoblèm :Tèks yo two abstrè, li twò difisil pou antre nan diskisyon ak tèks yo, gen nan tèks yo ki twò long, yo fèl difisil pou moun konprann tèks yo pa rapò ak eksperyans. Repons : Tèks pi difisil yo mete pwofesè nan menm nivo ak elèv yo. Fè nouvo liv pa reyalis kounye a ; fòk pwofesè chache fason pou abòde tèks yo, liv gid la sipoze prepare monitè a pou sa. Pwoblèm : Liv de(2) a manke gid, sa fè aktivite a tounen yon tijan tradisyonèl. Atelye B :10-11 zè(dimanch) Sijè: Refleksyon sou tèks « Nanm Lan » liv 2 W.R paj 40. Moun ki te patisipe nan atelye sa : Steven Werling, Kent Annan, Samson Joseph, Robert Cajuste. Samson ki te pwopoze sijè a te bay rezon ki fè l chwaji tèks sa, se paske mwen te patisipe nan yon seyans W.R nan fakilte syanzimèn ak tèks sa, li te tèlman chofe, sa te pouse m fè l ak yon lòt gwoup moun pou m ka wè kijan sa ap mache. Robert :Mwen menm sak pouse m vin patisipe nan sijè sa a :se pa rapò ak tout lide ki te bay sou liv 2 W.R.an samdi a, kote gen kèk moun ki te di yo gen difikilte pou dirije seyans Wonn Refleksyon ak liv sa a paske li trè difisil pou yo; e mwen se yonn nan moun ki wè tèks yo pa gen pwoblèm pou anime yon seyans Wonn Refleksyon vre. Konsa, Kent ak Steven yo menm se paske yo renmen fè lekti ak lòt moun. Samson te poze kesyon sa :ki enpòtans nanm genyen nan lavi ? Kesyon sa te trè chofe epi li te mennen lòt kesyon ki te trè enteresan. Okontrè seyans te tèlman anime, sa vrèman montre m liv 2 a pa gen okenn pwoblèm pou yon moun anime yon seyans W.R. sitou pou moun ki pa deja gen repons oubyen yon lide, yon leson presi pou yon teks ke l chwazi pou annime yon seyans Wonn refleksyon. Yonn nan patisipan yo te felisite fason Samson kòm animate seyans lan te dirije kote li p ap pra pòz chef, okontrè se li ki te pale mwens.

Atelye D: 10-11 zè(dimanch) Sijè: yon moman meditasyon. Moun ki te patisipe nan atelye sa: Merline, Ulrick, Selly.

Ulrick te bay rezon ki fè l te pwopoze sijè sa, pou li, li t ap reflechi sou lavi l kote li sòti nan domèm edikasyon pou rive nan nivo kote li ye a e li panse fè yon metriz nan sosyolo- jik, objektif li gen pou reyalize nan lavi l. Merline t ap pale sou responsablite fwa pa l, lavi l, tout sa ki konsène vizit nan prizon, mache nan yon asanble, vizit lopital. Selly li menm montre li renmen al legliz jou dimanch.

Atelye G :10-11 zè(dimanch) Sijè: Eske moun ki pwopoze tèm sa a, satisfè oubbyen non, ak sijè lòt moun yo mete anba tèm li a? Atelye sa te yon sèl moun ki te deside kesyone tèt li.(Robert)

Pou mwen, mwen panse li pa fin dakò paske m panse li gen yon rezon ki fè l chwazi tèm sa a egzakteman. Petèt m panse li ka bezwen oryante l vè yon lòt direksyon parapò ak eksperyans ke l fè deja ak metòd Espas Ouvri a. Mwen santi vrèman moun yo pa fokis yo sou tèm nan ditou. Kòm metòd E.O. pa limite moun men eske pa bon pou moun ki pwopoze sijè a, ta mande pou moun yo rete sou tèm na yon tijan pi fondamantal ? Lis non ak adrès Non Siyati Oganizasyon Telefòn Imel

Joseph Samson GALO 224-2415 amimijoseph@hotmail.com

Fremy César APA 409-0192 fremycesar@hotmail.com

Immacula Déluce FAVILEK 405-3771

Saintanie Dimijour FAVILEK 408-1323

Maricia Jean FAVILEK 555-4456

Duversaint, Jeanty Drop-of–love/grace mission ing., 262-5446431-3248 romeus@skymesage.com

Emmanuel Jean OSCEDPN 542-3411 jeblaise@hotmail.com

Guylande Mésadieu RAJES 511-5241 rajesjbhaiti@yahoo.fr

Merline Engle-Myril GALO 55O-1636 Merlineengle@yahoo.fr

Ulrick Denis GALO 224-2415 ulrickafr@yahoo.fr

Lumarque Gérald GTAPF 223-5023 lumarquegerald@yahoo.fr

Buton Blanc - 256-5096

Eddy Sterling LL 257-6357 Seddy13@hotmail.com

Andrelita Blanc

Dorcéan Neptune

Lexima Anne-Robert

Danel Anne Micheline 286-9628

Chantale Auguste OJR 512-6126 gustalie@yahoo.fr

Benaja Antoine LKMPD 550-0763 benaja2003@yahoo.fr

Abner Sauver LKMPD ‘’

Gerline Decembre `’ ‘’ gerlinedecembre@hotmail.com

Elysée Vaillant LEMIEL 114-4200 elyvaillant@yahoo.fr

Millienne Angervil LKMPD 554-8813 Millienneangervil@hotmail.com

Vana Edmond ‘’ ‘’

Antonal Mortiné CHANDEL 550-9069 antonalmortime@hotmail.com

Heguel Mésidor heguelhope@hotmail.com

Erik Badger

Steven Werlin

Dale Stitt Jouney Info freedom dale@jouneyinfofreedom.org

Robert Cajuste LKMPD 511-3426 Lekolmatenwa@yahoo.fr

Enel Angervil LKMPD 512-1526


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited July 26, 2003 9:27 am USA Pacific Time by John Engle
Search: