EspasOuvrisoukonsansisLimyeLavi3desanm2003

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Madam/Mesye?,

Limyè Lavi, yon òganizasyon k ap travay nan domèn edikasyon, kòm zouti pou liberasyon endividyèl ak sosyal pran plezi pou envite w patisipe nan yon jounen refleksyon sou tèm : ki enpòtans ak avantaj konsansis nan pwosesis pran desizyon nan yon òganizasyon? Epi Kòman jere desizyon ki soti nan konsasis? Objektif rankont sa a se pou mobilize refleksyon ak ekperyans divès aktè sou konsansis kòm pwosesis pou pran desizyon. Rankont sila a ap fèt nan lokal Fondasyon Limyè Lavi.

Dat : 3 desanm 2003, 9è nan maten rive 3è nan apre midi. Lokal : Limyè Lavi, Delmas 95, route Jaquet rue Bailly #1.

Tèm : Aki enpòtans ak avantaj konsansis nan pwosesis pran desizyon nan yon òganizasyon ? epi kòman jere desizyon ki soti nan konsansis ?

Pou abòde tèm sa a, nou pral sèvi avèk yon metòd ki rele “Espas Ouvri.” Se yon metòd patisipativ ki favorize yon bon echanj demokratik nan mitan gwoup moun k ap oganize reyinyon, konferans ak kòlòk. “Espas Ouvri” se yon metòd kote se moun ki prezan nan rankont la ki pran responsablite kreye ansanm yon pwogram ak yon ajanda pou tan y ap pase ansanm. Sa vle di, se nou menm menm, patisipan nan rankont 3 desanm nan, ki pral genyen pou detèmine ki aspè ki tonbe anba gwo tèm nan nou vle abòde. Kidonk, balon an nan pye nou tout! Paske Espas Ouvri se yon metòd ki chita sou yon seri atelye nou menm patisipan nou pral tabli. Sèl preparasyon nou bezwen fè se reflechi sou lide ak aspè nou kwè ki enpòtan pou n abòde ansanm.

Aprè rankont la, chak moun ki la ap jwenn yon rapò ki gen nòt ki sòti nan tout atelye yo ak lis moun ki te patisipe ladan yo.

Pou konfime prezans ou kontakte : Limyè Lavi nan telefòn, 257-6357, 512-3149 oubyen nan kourye elktwonik : fremycesar@hotmail.com, myriamnarcisse@hotmail.com . Nou dwe fè sa anvan 28 novanm 2003.

Avèk anpil respe


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited November 24, 2003 8:46 am USA Pacific Time by unknown.Level3.net
Search: