EtidLivdelaViolencealaPlenitudeAkMetodWonnRefleksyon

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

cdygk== Etid liv De la violence à la Plenitude ak metòd Wonn Refleksyon ==

Nou envite zanmi nou ki nan rezo nou ak ou menm ki enterese sou kesyon nonvyolans pou patisipe ak nou nan bay lide nou sou www.eksperyansla.info sou bwase lide k ap fèt chak samdi nan fakilte syans zimèn,chak samdi soti 10 zè pou rive 12 ze. Metod ki gide nou pandan rankont lan rele metod Wonn Refleksyon . Jan li eksplike pi wo a, liv n ap etidye kounye a rele De la violence a la plenitude .

Premye seyans lan demare: samdi 4 oktòb. Moun ki ekri not yo se: Ulrick Denis.

Nou gentan etidye yon pati nan entwodiksyon liv la;se Marc-Orel Lindor ki te anime,li se monitè alfa nan sant(ACRA FATORY) OUTLET). Seyans la te chofe anpil paske entwodiksyon an te vreman marye ak sitiyasyon vyolans k ap pase ann Ayiti kounye a.

Men kèk kesyon ki te poze:

1-Pou kisa gen vyolans?

2-ki repons sosyete a ka bay ak monte desann vyolans la?

3- Eske nou kondane pou n viv nan vyolans sou fòm dominasyon?

4- Kòman nou ka konbat vyolans lakay nou chak?

Espas deba Premye patisipan ki te pale a te ale nan paj 10 pou li premye paragraf ak dezyèm paragraf la pou te bay yon repons ak kesyon 1; tandiske yon lòt patisipan te wè vyolans la sòti anndan sosyete a kote gen yon gwoup moun ki dominan e yon lòt gwoup ki domine. Akoz sitiyasyon sa a, pral gen konfli enterè e sa ap kontinye jou apre jou anndan sosyete a. Gen yon lòt patisipan ki te ale nan paj 9, twazyèm paragraf pou montre tout moun fèt ak vyolans la lakay yo paske kilti a ap enfliyanse sou konpòtman chak endividi.

Pou sa ki gen rapò ak dezyèm kesyon an, yon patisipan te ale nan paj 10, dezyèm paragraf pou montre yonn pa fè lòt konfyans, monn lan chaje ak enmi, kolè yonn sou lòt e fristrasyon k ap ogmante chak jou fè sitiyasyon vyolans lan ap monte desann sa vle di sou fòm (spirale). Yon lòt patisipan te wè se feblès enstitisyon yo anndan sosyete a, sou wòl li ta dwe ranpli men, sanble li pase akote de gran objektif li.

Pou te fini ak rankont la, olye nou te fè yon evalyasyon sou kòman rankont la te pase se te kesyon 4 la tout 11 patisipan yo t ap reponn: sou kòman nou ka konbat vyolans lakay nou? Chak moun te preske wè konbat vyolans la diferan:

Se te pawòl kèk patisipan nan Wonn Refleksyon fakilte syans zimèn.

Dezyèm seyans samdi 11 oktòb Pou dezyèm seyans la nou toujou mande konsey lòt moun sou sa k ap fèt la, sa yo panse de sa e n ap mande patisipe ak nou nan dyalòg sou http://www.eksperyansla.info kòmantè pa yo ap pote richès ak gwoup la. E GALO( Gwoup Aksyon pou Lapè ak Otonomi) pran angajman pou mete nòt yo sou WIKI e pèmèt lòt patisipan mete nòt yo tou; e ankouraje yo patisipe nan dyalòg la.

Men kèk kesyon ki te poze nan dezyèm seyans la:

1- ki kèk bagay pratik Jesus ak Ghandi te fè nan lavi yo ki fè yo se yon modèl nan zafè nonvyolans

2- paj 22,dezyèm pwen. Pou moun ki gen liv la. En ce qui concerne la non-violence active,la realite est une ( patisipan ta renmen yo eksplike l fraz la.)

3- Paj 20, Alain Richard nan yon sitasyon (patisipan ta renmen yo eksplike l sitasyon an.)

4- Eske metòd nonvyolans lan ka rann monn lan mwen vyolan?

Bwase lide a te kòmanse ak kesyon 3 sou sitasyon Alain Richard.Pou yon patisipan, vyolans se yon bagay ki nan tout sivilizasyon; premyeman, Alain Richard di se aprè 15 minit apre lanmò l l ap nonvyolan, se paske aprè lanmò li, li p ap gen pouvwa pou l agi ankò. Gen yon patisipan ki panse nonvyolans lan se yon ideyal paske ou kapab ap pale sou nonvyolans epi pa gen moun ki vyolan pase w, nan yon sans konpòtman w, fason w ap aji anndan sosyete a. Refleksyon yo ale pi devan pou di se kilti a ki di nou gen yon moun anndan sosyete yo, gen yon gwoup moun ki jwi privilèj dominan e yon lòt gwoup ki jwi wòl domine e nomalman depi gen sitiyasyon sa ap gen konfli klas. Pi devan Alain montre nonvyolans lan se konstwi avan pou kapab grandi nan lapè (paj 20) Liv de la violence à la Plenitude . Ghandi montre nonvyolans se yon aktivite ou dwe kotinye konstwi l nan fè eksperyans ak verite epi pou vin yon moun ki gen bon kè.

Pou te reponn ak kesyon 4 la. Patisipan yo te pran plizyè referans anndan liv la pou te sèvi kòm repons.

- Paj 10,twazyèm paragraf, monn lan danjere, se vre, nan tout vi nou n ap konfrontre ak sitiyasyon konfli…

- Paj 21, premye, dezyèm , twazyèm, katriyèm liy bay yon eksplikasyon sou kesyon ki poze a.

- Paj 24 aprè sitasyon Alain richard, li eksplike nonvyolans, jan n siyale l piwo a, se konstwi nou dwe konstwi l jan grandi se pa yon sel jou yon moun ap rete pou l di li ap pratike nonvyolans; se nan fwa moun nan, fason l ap aji anndan sosyete a, konpòtman moun nan ak relasyon li gen ak lòt moun.

- Gen yon patisipan ki mande fòk nou tafè yon seyans ak odyovizyel, kote nou te ka pase yon fim ki gen rapo ak nonvyolans.

Twazyem seyans: Moun ki ekri not yo se: Lindor Marc-Orel

                        marcoreli12@yahoo.fr

Nan fakilte syanzimèn nou gen yon rankont ki fèt chak samdi 10è rive jiska midi. Nan liv nou fè aktivite sa a kounye a,yo rele li :<<De la violence à la plénitude.>>Liv sa a se yon liv ki pèmèt nou apwofondi refleksyon nou,konesans nou e angaje nou nan chimen k ap mennen nou nan nonvyolans la.

Samdi ki te 23 oktòb 2003,nou te jwenn plizyè kesyon ki te rann wonn nan trè chofe . Premye kesyon an se te: eske objektif nonvyolans la se kreye yon monn san konfli? Men sa nou te jwenn nan chita pale yo. Yo te defini nonvyolans la kòm:

Yon pwosesis kreyatif,pisan,efikas ki la pou abòde e rezoud yon konfli.

Yon pwosesis ki pèmèt nou pran konsyans de eta nou e pote yon chanjman pozitif nan nou.

Nou te jwenn ke nonvyolans la pa janm kwè nou pral viv nan yon monn ki pa gen vyolans.Toutotan gen moun k ap viv p ap janm pa gen konfli,paske konfli a se yon bagay ki imen. Si nou pran fraz Alain Richard ki di:<<se pa paske m ap pale de non vyolans ki fè mwen nonvyolan, mwen gen pou mwen nonvyolan selman kenz minit apre lè m fin mouri>>. Nou wè ke non vyolans lan se pa yon bagay ke nou fèt avè l,se yon bagay nou konstwi e ladan l n ap grandi tanzantan. Gandhi gen yon bagay li di:<< nonvyolans lan se yon bagay n ap kiltive, se yon pakèt eksperyans n ap fè avèk verite>> a pati de eksperyans sa yo nou ap vi n pi moun. Nou remake vyolans lan kay chak moun, se nou menm ki pou jere tèt nou, metrize nou pou nou ka vini yon modèl pou n ka transfòme lòt moun k ap viv ozalantou nou.

Kisa nou ta dwe fè pou n ta ka rann lòt moun non vyolan?

Avan nou ofri yon moun yon bagay, li ta toujou pi bon pou nou ta fè eksperyans avèk sa n ap ofri l la, gen konpòtman nou ta dwe genyen pou n te ka yon modèl pou yon moun.Yo toujou pran Jésus,Gandhi,Shelley Douglass,Doroty Day, Martin Luther King e anpil lòt moun ankò kòm apot nonvyolans, se paske moun sa yo te poze anpil aksyon nonvyolan. Nou menm nou kapab yon modèl pou moun k ap suiv nou, sitou nan pawòl nou, nan jès nou, nan aksyon n ap poze toulèjou, nou dwe aprann rekonèt e respekte tout sa ki bon kay lòt moun e nan nou, aksyon pozitif n ap poze yo, ap ede lòt moun chanje vi yo e vi lòt moun ki antoure yo.

Nou dwe aksepte nou jan nou ye jisnan fon, avèk tout talan nou, tout richès nou, tout limit nou, tout erè nou e ak tout feblès nou. Nou dwe viv nan verite, san gwo ògèy, san fo espwa, nou dwe retire nan nou tout konpòtman otoritè, nou dwe padone yon moun lè l fè n yon bagay ki mal, nou dwe aksepte moun nan jan li ye, san okenn lòt bagay dèyè tèt nou, paske fason n ap mennen an gen poul jwe sou fason lòt moun ap viv. Jan anvirònman ye a, se konsa pi souvan moun nan ap ye tou.

Katriyèm seyans Wonn Refleksyon sou liv De la violence a la plénitude . Moun kite pran nòt se: Josette Pressoir Moun ki mete yo sou wiki a: Jude Appolon.

Men kèk kesyon kite abòde: - Kilè yon moun bliye tèt li e kilè yon moun ka konn tèt li? - Poukisa se yon bagay ki avilisan ni pou yon moun k ap domine a, ni pou moun k ap sibi dominasyon an,nan yon relasyon dominasyon? Yon moun ki bliye tèt li se yon moun ki ap poze move aksyon e anyen pa di l anyen. Yon moun ki konn tèt li, se yon moun ki kite vrè li menm nan aji, sa vle di pèsòn enteryè l. -Kisa nou rele pèsòn enteryè? Pèsòn enteryè a se moun nan li menm menm, se sa lòt moun pa ka touche nan moun nan. -Eske konn gen moun ki fèt san l pa posede pèson enteryè a, oswa fakilte ki pou pèmèt li fè sa ki bon? Tout moun gen bon moun nan li menm, menm si gen moun ki chwazi pou fè mal , gen yon moman nan lavi l li reflechi kanmenm. Kisa n panse le Jezi di si yon moun ba w yon kalòt nan yon machwè, vire lòt bò a ba li,eske Jezi ap mande pou n ta pasif lè n anfas vyolans? Le yon moun ap reyaji apre li fin sibi vyolans, gen plizyè bagay li ka fè:

Men nou plis kwe Jezi ap mande pou n kite bon moun nou ye aji, nan sans pratike nonvyolans, paske se sèl bagay ki ka ede n konbat vyolans,nan pran responsabilite pwòp konduit nou. Pou dezyèm kesyon an, se vre ni moun k ap fè vyolans lan ni moun k ap sibi vyolans lan tou de p ap alèz, paske yo chak ap jwe yon wòl ki pa wòl pa yo, paske an jeneral sak fè moun fè vyolans se laperèz, foli pou gen pouvwa sou lòt moun, e bagay sa yo p ap bay lòt rezilta sinon vyolans.

Jude Appolon: yon moun ki pran desizyon pou pratike nonvyolans, a ki rezilta li ta dwe atann li?.

Ulrick Denis: yon moun k ap pratike nonvyolans,li dwe yon modèl pou lòt moun epi li dwe change fason li t ap viv pou li vin yon moun onèt, respektye, koutwa, yon moun ki ka asepte lòt moun.

Senkyèm seyans wonn refleksyon sou liv "De la violence à la plénitude" Moun ki te pran nòt se: Candio marc Julien. Moun ki mete l sou wiki se: Lindor Marc-orel.

Men sa nou te jwenn kom refleksyon nan rankont ki te fèt samdi kite 8 novanm 2003 a nan fakilte syans zimèn: eske se lapèrèz ki fè yon moun vin vyolan? Nou te wè lapèrèz se baz vyolans.Yon moun ki pè bagay sa yo: grangou,pèdi repitasyon ,mouri li prèt pou l fè nenpòt zak pou yonn nan bagay sa yo pa rive l.Gen moun ki di se lapèrèz ki mennen vyolans.Gen lòt ki di tou se vyolans ki mennen lapèrèz. Yo di tou,lè yon moun plis pè li vin pi vyolan,paske moun sa a tou prèt pou l aji nan emosyon. Lòt bagay,nou wè gen plizyè tip vyolans: vyolans emosyonel,fizik,moral,ekonomik,kiltirèl,striktiv ap toujou gen vyolans ,rèl, elatriye. An reyalite gen vyolans lòske nou frape yon moun fizikman,moralman oswa sikolojikman. Le nou pa bay yon moun libète,pale mal ave l,nou fè l sa ki pa bon,fose l viv tankou bèt,fawouche l,fè lavaj sèvo pou li,tout bagay sa yo rele vyolans. Seyans 15 novanm 2003 Moun ki anime se:Jean Emmanuel Moun ki pran nòtse:Gary Moun ki tape se:Jean Emmanuel Paj 42 a 44. Men kesyon yo: Eske vyolans la se yon vid ki gen nan lespri nou? Kimwayen nou ka itilize pou n aksepte egzistans vyolans? Eske si gen sekirite p ap gen vyolans? Eske yon mond EGALEGO ka egziste? Candio montre kijan konsèp egalego a te ka kreye plis vyolans,sanble menm lanatipa fin dakò ak mo sa a;dwe toujou gen pipiti,pòv, rich,entèlijan epi kreten. Jude li menm ouvri yon pasaj nan nouvo testaman (labib)ki anonse pral gen yon mond nouvo,men pèsonn pa ka di si lè sa a tout moun ap egal.Kidonk labib pa di si ap gen vyolans ou non. Marc-Orel panse se petèt sèl mond sa a ki p ap gen vyolans.Toutan nou sou tè sa a gen grangou ,pòv, ap toujou gen vyolans depi moun nan paka manje l ap wè nan pa lòt moun. Manno, Pa t ap gen vyolans si tout moun te aksepte diferans ki egziste yo,nou ta dwe kwè nan efò pèsonèl san n pa wè nan byen lòt moun. Kercy M panse gen plizyè kalite vyolans men tou gen yon fason pou n ta aji sou chak aspè vyolansla. Candio,Vyolans la se sa k mal nan nou se anndan nou pou n konbat li. Micase,Mwen wè emosyon se premye bagay pou n konbat si n vle lite kont vyolans. Jude,nan lekti a nou Wè gèryewòs yo gen zam pou fè de( 2) bagay : pwoteje ak entimide, eske lè yon moun gen zam nan menl li ka konbat vyolans? Gary,menm jan yon filozòf dil chak moun gen yon kochon k ap dòmi nan li, yon sòlda ka konbat vyolans ak zam nan menl paske depi moun ki vle fè vyolans la wè l ak zam nan l ap kite sa. Manno:panse tout moun vyolan men si se dòmi l ap dòmi ann fèyon jan pou l pa ta janm reveye,paske se yon konpòtman ki fè nou pa sanble moun. Kercy,mta renmen mande yon moun ki fin fè vyolans ki jan l santi l apre. Gary,vyolans souvan se yon reyaksyon rapid,san reflechi,toutan se reyaji w ap reyaji vyolans pi pre w. Marc-Orel, lè w ap reflechi ou prale nan chemen pou lite kont vyolans.

Men kesyon ak refleksyon ki soti nan setyem seyans Wonn Refleksyon an. Moun ki anime se: Lindor Marc-Orel. Moun ki pran not se: Jean Emmanuel. Moun ki tape yo se: Jude Appolon.

Men sou ki kesyon patisipan yo antann yo: 1- Eske lanmou se suit vyolans? 2- Eske yo we vyolans menm jan nan tout kilti? Patisipan yo dako ouvri chita pale a ak premye kesyon an. E sa ki pouse Jude poze 2 lot kesyon.

Pou Heguel lanmou se yon sansasyon, li ka pouse moun fe sakrifis.Egzanp, yon neg ki gen mennaj li, li we l ap pale ak yon lot neg,epi li fe jalouzi, se renmen ki pouse l fe jalouzi. - Jude reyaji pou di okontre, si l we fi a ap pale ak yon lot neg li fe jalouzi,se paske li pa fe fi a konfyans, se yon mank respe, bref se egoyis ki fe l poze aksyon sa yo, men se pa lanmou. - Manno pran yonn nan levanjil yo pou montre ki fwi lanmou bay: Lanman bay anpil pasyans, lanmou plen bonte, lanmou pa pran plezi nan fe sa ki mal elt. Dapre Gary, lanmou ka pouse moun fe sakrifis, gen mou ki konn rive tye pwop tet li, dapre li l ap rekonpanse lagwa nan yon lot vi. -Marc-Orel le Pyè te koupe zorey Malkis la le yo te vin arete Jezi a, eske se pa lanmou kite pouse l fe sa? Jude di pa gen lanmou nan sa, men se pito paske Jida twonpe l sou vre misyon Jezi isiba, pou li menm Jezi ta pral gen pou wa sou te sa a, men vre misyon kris la sete yon bagay espitityel. Objektif aksyon an sete fe yon bagay ki t ap pouse Jezi bay yon move repons. Men misyon an te kle nan tet Jezi. - Marc-Orel mande poukisa se menm disip sa yo ki vin disip epi ki ekri levanjil yo kite pou nou? Jude: se paske apre rezireksyon Kris la li te pase 40 jou ap viv ak disip yo, yo fini pa konvenk kisa vre misyon Jezi a ye.

Lòt kesyon se: Eske moun vyolans menm jan nan tout kilti? Vyolans se yon bagay invèsèl, nan tout sosyete gen vyolans, men se fòm yo ki diferan, sa ki ka vyolans nan yon sosyete yo ka pa rele l vyolans nan yon lòt sosyete. Men sa ki sèten vyolans rele vyolans. E nan tout listwa limanite li pa akouche lòt bagay: Pèdi bon sans, touye, grangou, dezespwa, lagè elt. Alò, vyolans se pa yon bon bagay, menm moun k ap fè vyolans la ta renmen viv yon jou nan lapè.

Dat: 31 jiye 2004 Moun ki pran ak tape not yo: Lindor Marc-Orel Obje: Bwase lide sou liv''De la violence a la plenitude ak metod Wonn Refleksyon.

N ap envite ou w kontinye reflechi ak nou sou kesyon sa yo:

1- èske yon sistèm yerachik ka anjandre vyolans? Marc Orel

2-èske yon moun ki pa patizan Jezi kapab pratike nonvyolans? Edmond Huguens.

R1) Sa depan tip yerachi a, si se yon sel moun ki komande,li selman la pou pase lod, san tande vwa lot moun. Nan yon anviwonman konsa ou kapab jwenn anpil fristrasyon ki kapab mennen nan vyolans. Men ou kapab jwenn yon lot kalite yerachi, kote gen yon ekip ki la pou bay apwobasyon,konsey,sanksyon. Pwopozisyon pap rive jwenn li san tout lot moun pa gentan jwenn konsansis sou li. Nan yon anviwonman konsa li pi fasil pou tout moun asire vwa pa yo ap tande, yon espas konsa pi favorab pou lape.

R2) Yon moun ki patizan Jezi pa dwe pratike vyolans, men sa kapab rive yo fe vyolans,men yo pa gen lisans pou fe sa. Men sa ki enteresan an, yon patizan Jezikri gen sajes pou le li fe vyolans, li kapab oto-evalye l,kilpabilize tet li,fe pwovizyon pou l pa diplike l.( Jude, ann kontinye viv pou Lape ).

Eske yon moun ki pa kwè nan Jezi kapab travay pou lapè?

Kesyon an yon tijan delika. Men mwen kwe Bondye mete semans sajes anndan nou tout, se chak moun ki bezwen kiltive l pou l pwodui bagay ki pozitif nan Lavi. ( Jude,ann kontinye viv pou Lape ).

Pou mwen menm, mwen rete kwè yon moun ki kwè nan bondye kapab pratike non vyolans pi byen. paske bondye se sous lanmou enfini. Marc-orel

Toutan yon peyi plis devlope eske kapasite vyolans li pi diminye? Manno


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited May 3, 2005 7:39 am USA Pacific Time by dpc6682009029.direcpc.com
Search: