GidPlanifikasyonakGwoupkapkonsidereEspasOuvri

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Envitasyon... Invitation...

Pou Ekip Lidèchip Fonkoze fè yon eksperyans avèk metòd Espas Ouvri For the Fonkoze Leadership Team to experience Open Space method.

Poukisa ? Why?

Gen moun nan lemonn antye k ap temwaye ke Espas Ouvri ap ede gwoup ak enstitisyon yo vin pi kreyatif e pi efikas. Pwatik ak abitid yo ki kiltive lè nou sèvi ak metòd Espas Ouvri souvan kapab rann yon gwoup pi dinamik. Espas Ouvri fasilite plis kominikasyon epi li kiltive kapasite lidèchip lakay chak moun.

Petèt Fonkoze kapab pwofite nan itilizasyon metòd Espas Ouvri.

People throughout the world share how Open Space has helped their groups and institutions to be more creative and effective. Practices and habits, which are cultivated when we use Open Space regularly, help groups to become more dynamic. Open Space fosters good communication and cultivates leadership skills in all who are involved.

Perhaps Fonkoze will benefit from using Open Space.

Koman pou n reyalize sa ? How will we go about this?

Ansanm, jodi a menm, n ap chwazi yon tèm pou rankont Espas Ouvri nou an. Tèm kapab nan fòm kèsyon. Li bezwen touche yon sijè ki dwe touche selon moun ki enplike. Fòk nou tonbe sou yon tèm frapan, yon bagay ki, lè nou di l, tout moun di, “SE LI MENM ! KOUNYE A, N AP TOUCHE SA KI SANTRAL POU KONJONKTI NOU AN!” Li dwe klè, presi, kout.

Together, even today, we will determine a theme for our Open Space. The theme can be in the form of a question. It needs to address a subject that people involved feel is of critical importance. We need to identify a theme that grabs us, something that when we say it, everyone says, “THAT, INDEED, IS PUTTING US AT THE HEART OF THE ISSUE! ITS ESSENTIAL THAT WE ADDRESS THIS IN OUR PRESENT CONJUNCTURE!” The theme should be short, clear and precise.

N ap deside ansanm pou konbyen tan Espas Ouvri nou an pral dire. Eske se 3 zèd tan, eske se 4 èd tan, eske se yon lajounen ?

We will decide how long our Open Space meeting will be. Should it be 3 hours, 4 hours, a full day?

N ap chwazi dat ak lokal epi n ap reyalize l.

We'll pick the date and place and do it.

Apre premye rankont la, mwen ta renmen fè yon lòt ankò nan yonn (1) ou de (2) mwa pou nou ka fè nenpòt evalyasyon oswa swivi ki nesesè.

After our first meeting, I would like to have another Open Space meeting in one to two months, which will enable us to evaluate and to do any follow-up, which is necessary.

Mèsi pou òpòtinite kolabore ak nou nan reyalizasyon yon rankont ak metòd Espas Ouvri a.

Thank you for the opportunity to collaborate with you in realizing an Open Space meeting.

Espas Ouvri favorize patisipasyon ak kreyativite chak moun. Menmsi n ap envite tout moun nan Ekip Lidèchip pataje tout nan lide yo ki ka fè Fonkoze vin pi efikas, genyen kèk bagay ki deja detèmine. N ap detaye sa yo la :

1. Fonkoze ap kontinye nan pwosesis pou jwenn lisans pou l ka fonksyone kòm bank komèsyal.

2. Enpòtans Fonkoze mete sou koze rann fanm pi otonom pa p chanje.

3. Pou kounye a epi nan planifikasyon nou pou lavni a, pral gen 4 pòs kle nan lidèchip : Direktè Jeneral, Direktè Operasyon, Direktè Kredi, Direktè Finans

4. Program devlopman, alfabetizasyon, ak fomasyon pou devlope kapasite nan komès (business development program and the literacy and business skills training program) pral fonksyone nan fondasyon nou an.

Open Space fosters participation and creative thinking of all involved. While all members of the Leadership Team are being invited to share their ideas, which will lead to improving, there are several things that have already been determined. They are:

1. Fonkoze will continue to pursue becoming licensed as a commercial bank.

2. Fonkoze will continue to place high priority on empowering women.

3. Both now and in planning for the bank, there will be four key leadership positions: Direktè Jeneral, Direktè Operasyon, Direktè Kredi, Direktè Finans

4. The business development program and the literacy and business skills training program will remain in the foundation.


EspasOuvri

LeForumOuvert

OganizasyonYo - LesOrganisations - TheOrganizations

AsosyeEksperyansla - LesassociatesdeLExperience? - AssociatesofTheExperiment


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited August 7, 2003 2:39 pm USA Pacific Time by 66.172.150.xxx
Search: