KominoteAprantisaj

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Kominote Aprantisaj

Kominote Aprantisaj se yon gwoup 15-25 moun -pwofese, manm nan yon kominote/ oganizasyon, elatriye k ap aprann teknik ak pratik patisipativ ansanm. Pou lenstan se metod Wonn Refleksyon ak Espas Ouvri yo aprann. Genyen de (2) animate--nou pito rele yo “ pratikan “--ki rankontre ak gwoup la chak senmenn pou fe yon seyans ak yon metod Wonn Refleksyon. Yo fe sa pou si mwa. Anplis, pandan si mwa yo pral reyalize twa rankont ki dire 4 ed tan a 6 ed tan nan yon metod ki rele espas ouvri. Nou anvizaje entegre lot metod patisipativ tankou Refleksyon Bibla. Eksperyans sa yo pral ede patisipan yo devlope plis kapasite pou reflechi, analize, kominike, koute, ansenye epi kolabore. Se yon bon mwayen pou ede yo devlope kapasite nan lidechip.

Ki les nou ye, nan gwoup sa yo ? Ki bi nou genyen ansanm ? '

Sa ki anba se prensip ki gide Kominote Aprantisaj


EvalyasyonEnpakKominoteAprantisaj

se yon bouyon pou pataje refleksyon moun nan Enstiti Espas Ouvri Ayiti, manm nan KFEL (Komite Fon Eksperyans la) ak lot moun tou ki enterese fe yon evalyasyon sou enpak wonn refleksyon ak espas ouvri ap genyen nan lavi moun epi nan lavi oganizasyon.


FonEksperyansla

yon fon ki jere pa KFEL (Komite Fon Eksperyans La) pou ankouraje kreyasyon ak devlopman Kominote Aprantisaj yo


Kominote Aprantisaj

Not ki pi ba yo soti nan yon konvesasyon pandan Rankont KFEL 22 janvye 2005. KFEL te apwouve propozisyon Fremy, John ak Jude pou rele gwoup n ap eseye kiltive: Kominote Aprantisaj (Learning Coop ann angle) Pou we tout not yo : NotRankontJanviye2005

Ki les nou ye, nan gwoup sa yo ? Ki bi nou genyen ansanm ?

Li kle pou tout moun ki prezan: genyen plizye prensip n ap angaje pou n eseye respekte yo ansanm, prensip ki kapab gide nou menm ak anpil lot gwoup nan travay sa a.

Nou te eseye atikilye prensip k ap oryante travay gwoup yo. Sa ki anba se yon bouyon pou n pataje ak res manm nan KFEL. N ap mande pespektif lot manm nan KFEL epi ansanm, nou ka rafine sa yo :

Nou te poze tet nou, "Eske KFEL kapab fe yon lis metod l ap apwouve pou fomasyon l ap finanse ? epi eske lis sa a sipoze fenmen (esklisiz) ?"

Nou te tonbe dako pou pwopoze KFEL reponn kesyon an konsa :

KFEL pa p bay tet li responsabilite pou aji kom otorite nan sans detemine ki metod kapab merite fe pati nan yon Kominote Aprantisaj.

Nou pito konsantre sou aplikasyon prensip yo ak reyalizasyon bi yo k ap pwopoze anwo yo.

Kanmenm, pou lenstan nou we WR ak EO se yon bon fason pou ede nou aplike prensip epi reyalize bi nan yon Kominote Aprantisaj.


5 avril 2005

Fraz kout ki pwopoze pou rezime bi nou an :

Bi manm nan KFEL ak praktikan espas ouvri ak wonn refleksyon : N ap avanse yon kalite edikasyon ak lidechip kote otorite ak responsabilite ap pataje pami tout moun ki enplike. Nou menm we tet nou kom ko-aprenan pandan n ap travay ansanm pou lape ak jistis.


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited October 27, 2007 2:56 am USA Pacific Time by c-66-177-220-112.hsd1.fl.comcast.net
Search: