- Vwala se yon neg ki pa konn li, men li gen pitit li ki t ap viv nan yon peyi yo rele San Jose. Yon jou piti la sot lot bo li vin we papa l. Epi pitit la ap montre papa l peyi a nan albom, epi papa we yon vil, li di pitit la koman vil sa a rele, pitit la di San Jose papa, papa a di men koman San Jose, men se yon J mwen we nan Jose a, pitit la di non papa ann espayol J pwononse kom H. Papa di an an, ann espayol J se H. Kounye a le pitit la rive pou l tounen aletranje, se konsa papa a oganize yon gwo fet pou li, pou l fe pedan, pou l montre l fo e pou l montre li te gen pitit li aletranje. Konsa li prepare diskou sikonstans li, pa bliye li konnen ann espayol tout J se H. Li komanse, bonhou medam lasosyete, mwen gen pitit mwen ki rele hozef, li t ap viv nan yon peyi yo rele San Hose, le n pat we l la li tal Hakmel, le l sot Hakmel, li tal Heremi, si n pa we l li gen pou l ale an Hen ou an Hiye.