LetkiPwopozeAjendapouRankontJanviye2005

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

FonEksperyansla
che koleg,

jodi a se rankont kfel. yonn nan bagay m ap pwopoze se pou entegre, fomelman, posibilite pou pratikan sevi ak refleksyon bib la nan fomasyon si-mwa a.

pratikan yo endependan. sa vle di, depi yo atann yo ak responsab yon gwoup/oganizasyon sou yon program fomasyon, yo gen yon seten libete pou fe sa yo vle. se vre, fok yo respekte ako ki reflete antant yo ak responsab epi ki te apwouve pa kfel men petet gen travay yo t ap fe ak gwoup la tou ki pa p nan ako a. yon egzanp nan sa se pou ansenye metod cle oswa refleksyon bib la. jiska prezan, nou pa di metod cle ak metod refleksyon bib la fe pati de fomasyon ke fon eksperyans la ap soutni.

mwen ta renmen pwopoze nou entegre fomelman refleksyon bib la ak eo ak wr kom yon nouvo metod fon eksperyans la t ap dako pou soutni pandan fomasyon si (6) mwa a.

sa pa vle di fomasyon bezwen gen refleksyon bib la, menm jan fomasyon bezwen gen ni wonn refleksyon ni espas ouvri. men, sa m ap pwopoze fomasyon an kapab gen refleksyon bib la epi sa kapab ekri byen kle nan pwopozisyon yon pratikan ak group/oganizasyon soumet a kfel.

nou we de (2) avantaj nan sa :

1) gen anpil pratikan ki gentan renmen refleksyon bib la epi kwe li ka jwe yon wol enpotan nan entegrasyon pratik de koute byen, envite tout moun reflechi, pataje otorite ak responsabilite nan gwoup elatriye. epi yo kwe pral gen plis legliz ak kretyen ki pral enterese nan fomasyon wonn refleksyon ak espas ouvri poutet li gen yon metod ki mache ak yo ki gen aspe kretyen ladan l.

2) gen moun ozetazini tou ki pral trouve fomasyon wr ak eo pi enteresan poutet li gen aspe kretyen ladan l. sa vle di nou pral elaji kantite moun ki kapab enterese finanse l.

mwen ta renmen pwopoze de (2) lot bagay tou.

1) nou envite kent annan fe pati nan kfel. jude ak fremy ak mwen menm gentan pale anpil sou sa epi nou swete tout moun dako pou n entegre l. reg kfel se ke manm kfel kapab pwopoze nouvo manm epi si pa gen moun ki pa dako, li ka vin yon manm. eske gen moun ki pa dako ak sa ? mwen t ap pwopoze si nou gentan rive 28 janviye epi nou poko gen pesonn ki di li pa dako pou envite kent fe pati nan kfel, mwen pwopoze l ap apwouve kom manm nan kfel ? n ap pale sou sa jodi a nan rankont la.

2) fremy, jude ak mwen menm ta renmen pwopoze nou adapte yon non ofisyelman pou gwoup moun k ap patisipe nan fomasyon pandan 6 mwa a. n ap pwopoze non : Kominote Aprantisaj. petet nou t ap rele l KOMAP nan abitid entenn nou. epi, si kfel dako ak lide pou entegre Refleksyon Bib la nan posibilite fomasyon pratikan ka pwopoze nan pwopozisyon yo, n ap pwopoze nou rele yon gwoup ki gen refleksyon bib la nan fomasyon li : Kominote Aprantisaj Kretyen. petet nou t ap rele sa KOMAK nan abitid entenn nou. non nou we ki mache byen ozetazini se Learning Coop (cooperative) ak Christian Learning Coop. nou gentan teste non sa a ak anpil moun lot bo a epi nou rete kwe se yon bon chwa. nou swete manm nan kfel pa gen pwoblem ak non Learning Coop.

m ap fe nou jwenn yon chema kent ak mwen menm te devlope pou n abode sije sa yo. anfet, nou te prezante lide sa devan manm estaf ak konsey administrasyon Limye Lavi pou mande nenpot komante. menmsi nou t ap pito prezante l devan kfel dabo, semenn ki sot pase a se te reyinyon anyel LL epi nou pa t vle pedi okazyon pou mete refleksyon nou deyo ak yo epi envite fidbak yo.

eben, m ap kanpe la. moun ki pa la avek nou fizikman jodi a, n ap panse ak ou epi n ap konsidere ou la avek nou nan lespri.

mesi anpil,

john


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited February 23, 2005 1:25 pm USA Pacific Time by pcp09745993pcs.hershy01.pa.comcast.net
Search: