NimewoDe

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Aprann pou Chanje

Nimewo,2

Wonn Refleksyon e Edikasyon an Ayiti.

Sèl fason moun ka rive louvri pòt linivè se nan poze kesyon,sa lòt moun konn rele fouye zo nan kalalou plis moun poze kesyon,se tank kesyon ap vini. Sa vle di,moun toujou gen apeti pou dekouvri lòt bagay. E se sèl nan poze kesyon yon moun kapab chache konn pwòp tèt pal,chache konn lòt moun,epi genyen yon pi bon konpreyansyon espas li pou rive transfòme l.Kèk nan kote li dwe jwenn zouti ki pou pèmèt li fè travay eksplorasyon sa a,se nan sant alfa,nan lekòl, nan inivèsitè elatriye.

Poutan,ann Ayiti fason ledikasyon fèt detwi kapasite sa a kay moun . Paske mòd relasyon ki tabli ant elèv,pwofesè,epi materyèl didaktik yo se yon relasyon vètikal. Depi nan fason ban yo ranje (youn deyè lòt) nan klas yo,nou ka konstate sa. Sistèm nan menm fè mèt la pase kòm sèl moun ki gen lakonesans,rès gwoup la sèlman la pou ranmase bèt!. Se sa k fè pi souvan kou yo fini ak kesyon sa a: tout le monde a compris ?, oui mèt!. pratik sa yo lakòz:

1- patisipan alfa,elèv,etidyan ki pa gen kapasite pou kesyone pwòp tèt pa yo ak reyalite yo. 2- yon lespri entolerans nan koute,nan djaloge epi travay ak lòt 3- Touye lespri kreyativite,inovasyon k ap dòmi lakay moun. 4- Anpechman pou moun devlope kapasite pou pran desizyon ki ta ka itil tèt yo ak kominote yo. 5-Yon atitid kote pwofesè,monitè se sèl responsab nan pwosesis edikasyon an.

Konsa pou edikasyon ede nan tranfòmasyon sosyete a,li enpòtan pou nou adrese diferan pwoblèm nou sou sot soulve yo. Wonn Refleksyon se yon zouti pedagojik ki bay yon pwosesis pou adrese pwoblèm sa yo. Prensipal objektif metòd sa a se ede moun pran plis responsabilite pou edike pwòp tèt yo nan pwosesis edikasyon an,olye lage tout chay la nan men yon grenn moun. Lòt avantaj,li devlope lòt abitid kise kesyone,koute,pataje lide ak lòt yon fason pou vin pi otonòm nan lavi yo. (Jude Appolon).

Wòl Wonn Refleksyon anndan òganizasyon.

Pi souvan òganizasyon yo chita sou yon baz fòmèl ki striktire pou jere diferan wòl ak responsabilite ki bezwen pran pou akonpli objektif òganizasyon an. Kad sa a souvan rijid,lidè (yo) pa kabab pa la,kontwòl òganizasyon an ak inisyativ yo,chita nan yon lidè oswa yon gwoup lidè. Reyalite sa a konn lakòz blokaj kapasite pou manm yo envante, inove. Kalite lidèchip ki devlope yo plis dikte ,pase lòd,bay chak moun wòl yo olye ankouraje lespri inisyativ. Sa ki ta ka fasilite nesans nouvo lide nan òganizasyon an.

Kalite pwoblèm sa yo kapab adrese fasil lè Wonn Refleksyon entegre kòm youn nan aktivite òganizasyon an. Aktivite Wonn Refleksyon an kreye yon nouvo dinamik kote chenn wòl yo chanje epi louvri espas pou tout moun fè eksperyans nan pran responsabilite. Diskisyon yo fèt apati yon tèks kote tout moun angaje nan poze pwoblèm epi chache rezoud yo. Pwoblèm ki poze yo pa deja gen yon repons oswa yon solisyon byen fikse. Tout moun blije angaje yo nan yon pwosesis aprantisaj ansanm, kote yon moun pa gen yon repons tou fèt pou bay rès gwoup la.

Yon pwosesis konsa,ki vin tounen yon abitid anndan yon òganizasyon an kapab kreye anpil nouvo dinamik: 1-Moun kapab vin pi kwè nan tèt yo 2-Moun kapab vin kwè nan refleksyon yo,enpòtans nan lide yo dèske lòt moun pran swen koute yo epi reflechi ansanm ak yo. 3-Moun ap pran abitid pote responsabilite epi jere sitiyasyon difisil ansanm.

Avèk nouvo sityasyon sa a patisipasyon ap pran plas epi kondisyon ap kreye pou nouvo vizyon ak nouvo lidèchip pran nesans. (Ulrick Denis).

Espas Komantè:

Wonn Refleksyon se yon mwayen kote 2 ou 3 moun chita ansanm pou brase lide. Pou mwen mwayen sa a se yon bon okazyon pou ede moun devlope lespri yo pandan y ap di sa yo panse e pandan y ap tande panse lòt moun tou. Li ta bon nan chak ti kwen peyi Dayiti pou ta gen yon ti gwoup Wonn Refleksyon pou moun kapab di sa sa yo panse san kè sote. Se yon mouvman ki kapab kreye yon zanmitay youn ak lòt,lè nou fòme yon wonn pou apre nou pataje lide yo. Chak moun nan gwoup la gen opòtinite pou benefisye konesans nan men lòt moun pafwa li pat janm gen chans abòde. (Antenor Camille).

Pataj Eksperyans: Nou kontan ekri ti tèks sa a pou n pale sou eksperyans nou te fè nan Wonn Refleksyon nan fen lane 2002 a. Lè nou te fenk ap derape nan klas 9yèm Ane Fondamantal la,anpil nan nou te panse se te yon jwèt,konsa regleman Wonn Refleksyon yo te sabote. Firamezi n ap vanse ak pwosesis la,nou wè se yon aktivite ki mande atansyon ak swen. Nou pran desizyon pou aplike prensip yo.

Wonn Refleksyon an se yon bon aktivite,ki aprann moun reflechi,kòman pou nou fè yon chita pale,respekte opinyon lòt la menm lè n ta opoze avè l,pataje fason nou konprann yon kesyon. Li chase timitide nan mitan nou. Gen kèk prensip WR ki ede nou anpil nan tout fwotman nou ak moun.

Aktivite Wonn Refleksyon an enterese tout timoun nan klas la,malerezman gen yon enkonvenyan ki anpeche n avanse,chak fwa nou wè monitè a nou toujou ap mande l ki lè n ap redemare? Nou regrèt li anpil,anpil. Se yon eksperyans ki ta dwe fè chenmen l nan tout lekòl, asosiyasyon jèn,elatriye swa an fransè oubyen an kreyòl;pou patisipan sa yo reflechi epi patisipe nan levasyon yo.

Myrlène Mathurin ak Farah Jodelle – Fleurisme Elèv 9yèm AF 2002-03.


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited November 17, 2003 10:59 am USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: