NimewoDiset

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Plizyè je fè n wè pi lwen:

Si ou t ap mache sou yon mòn pou kont ou avèk yon sèl flach nan men ou, ou ta ka wè kèk ti bagay. Ou t ap wè yon ti kras nan chemen an, petèt yon kabrit ki mare bò kote yon pye bwa nan yon lakou, epi yon ti pati nan yon sèl kay. Men kounye a imajine ou t ap mache sou menm mòn nan avèk yon gwoup ki gen yon dis (10) moun. Chak moun genyen yon flach nan men yo. Sa vle di kounye a se onze (11) flach k ap klere mòn nan. Mezanmi, kounye a ou ka vin wè anpil! Ou ka wè pi plis! Ou ka wè plizyè kabrit toupatou. Chemen an byen klere. Ou ka wè plizyè kay sou mòn nan ki klere nèt. Men jan li vin pi bèl kounye a avèk anpil flach k ap klere ansanm! Yon sèl lanp gaz pa kapab klere yon gwo chanm pou kont li. L ap senpman klere yon ti kwen ladan. Men lè ou genyen yon douzèn lanp gaz k ap klere gwo chanm nan, mezanmi, kounye a ou kapab wè tout detay yo.

Men sa se yon prensip enpòtan k ap fonksyone andan kèk zouti pedagojik Limyè Lavi ap bay jarèt epi lòt moun avèk lòt òganizasyon ap itilize tankou metòd Wonn Refleksyon, Espas Ouvri epi Refleksyon Bib la. Nan aktivite sa yo chak moun k ap patisipe pwofite anpil lè yo tande diskisyon avèk refleksyon lòt patisipan yo. Sa vle di, chak patisipan wè sa lòt moun nan gwoup la ap pote kòm sajès avèk pwòp pèspektiv pa yo,avèk pawòl pa yo, avèk flach pa yo. Sijè a ap vin pi byen klè epi byen bèl!

Mwen menm konn plis patisipe nan Refleksyon Bib la. Se toujou yon privilèj avèk yon plezi pou m chita ansanm avèk yon ti gwoup moun pou li yon pasaj nan Bib la, pou tande refleksyon lòt patisipan, epi pou priye avèk lòt patisipan yo. Chak fwa mwen fè sa mwen wè moun nan wonn avèk Lespri Sen fè pawòl Bondye vin pi vivan pou mwen. Mwen swete nou chak bon kouraj nan aprann pou chanje n ap fè ansanm nan ti gwoup yo. (Kent Annan)

Sous pye bwa:

Lavi rete yon bagay natirèl ki soude n ak tout sa ki ladan. Lè nou konsidere yon pye bwa, nou toujou gen kesyon n ap poze sou kote l sòti, menm jan ak nou lèzòm ki toujou ap di tèt nou kote n sòti? Anpil save toujou gen opinyon divès sou kesyon sa yo. Li toujou bon lè n fin konnen kote n sòti pou gen yon lòt imaj de tèt nou.

Men tou nou ta sèten lè nou gade yon pye bwa ki kòmanse jèmen nan yon espas kote je pot ko ka wè l, lè l vin parèt bote l kapab pouse nou apresye l. Alòs sa k ta pi bon ant de (2) bagay sa yo: a) Chache konnen ki bò l sòti. B) Pwoteje l pandan li la ak nou jodiya?. Lòt bagay, lè n konsidere pye bwa kòm yon bagay ki gen lavi e ki bay lavi, èske l pa gen ladan l yon pati nan tout sa ki nan lanati, e nou pa ta doute si l gen pati pa l nan nou.

Sa n wè si n ta chache konnen pati pye bwa gen nan nou an. Nou fin kwè l ta menm jan pou nou k ap viv sou tè a tou, nou sanble soude yonn ak lòt kèlkeswa nan bout tè nou ye a. Ann chache konnen kisa ki soude nou ansanm. (Jean Emmanuel).

Pataj eksperyans:

Sete de (2) kochon, yonn te gen dan, lòt la pat gen dan. Yon jou mesye yo pete diskisyon ant yo, jiskaske yo pran gouman. Sak pat gen dan blese sak te gen dan ak plizyè kout zansiv . Apre de (2) kochon yo al nan tribinal. Lè yo rive jij la mande yo sak pase. Sak te gen dan di jij gade jan misye mòde m. Sak pat gen dan an di jij gade bouch mwen, ak kisa pou m mòde l, mwen pa menm gen dan.

Jij la gade bouch sak pat gen dan an, li di men gade se vre li pa menm gen dan. Jij la di sak te gen dan an li di l, w ap fè move akizasyon. Se pou w dedomaje mesye a pou sa...

Wè se pou nou pran anpil prekosyon, souvan inosan konn peye pou koupab!

Apre Bondye m ap di tout moun sa yo mèsi: Responsab Asosyasyon Plantè ak Elvè Mariaman, monitè klas mwen yo, Wotalfa, Steven, John, Bayyinah, Jude ki pèmèt mwen ka ekri panse m sou papye. Tèks sa a se Jean Robert Luxy ki ekri l, li se yon patisipan nan pwogram alfa Asosyasyon Plantè ak Elvè mete sou pye nan Maryaman.

Pawòl sou nonvyolans:

( Marthin Luther King, Jr ).

( Alain Richard ).
                                                 (Rapòtè: Jude Appolon).

Pwoveb ayisyen: Kabrit anpil mèt mouri nan soulèy.


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited October 25, 2004 1:56 pm USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: