NimewoDouz

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Fènwa ak limyè

Yonn pa mache san lòt. Fòk nou mache nan fènwa pou nou ka zetwal. Yon limyè rete yon limyè, tant li pi fènwa se yon pòt ki louvri toujou sou yon limyè, menm jan lè w wè lonbraj yon moun, sa vle di limyè a pa twò lwen. Konsa se nan pwoblèm nou yo nou ka konnen ki moun nou ye, ou p ap janm konnen si w se yon bon maren, si move tan pa janm bare w sou dlo, konsa tou, ou pa ka di ou se yon bon sòlda si w pat janm al nan okenn batay. Kidonk, nou ka konsidere pwoblèm yo tankou yon mèt k ap montre nou reflechi. Moun ki konsekan pa plenyen pou bagay sa yo, okontrè, li chita li panse epi li aji. Solisyon pwoblèm yo se pa nan chita gade, ap panse san rete, men se nan aksyon. Pou fini nou ka di: mal la toujou sèvi sa ki byen an pou sa ki konnen l. Pa gen moun ki pi avèg, ki pi soud pase sila ki pa vle wè, ki pa vle tande.

Prensip Wonn Refleksyon (W.R), ki richès li?

  syone pwoblèm
  Sis ledikasyon an

Refleksyon estaf pwofesè nan lekòl kominotè Matènwa Lagonav.

Pataj eksperyans:

Enpòtans alfabetizasyon nan yon kominote.

Kisa alfabetizasyon ye?, kisa kominote? Alfabetizasyon se yon aktivite kote nou bay patisipan yo zouti ki ka ede yo transfòme lavi, egzanp: Montre yo li ak ekri, aprann yo dwa yo ak devwa yo, patisipe nan Wonn Refleksyon avè yo. Yon kominote se ansanm bèt, plant, moun k ap viv ansanm. Alfbetizasyon nan yon kominote se yon bagay ki gen yon gwo enpòtans. Lè majorite moun nan yon kominote pa alfabetize, tout eleman ki konpoze l viktim yon fason oswa yon lòt. Moun ki alfabetize yo pa ta dwe santi yo fyè si pifò moun ozalantou yo poko alfabetize. Yo menm tou, kapab viktim nan sityasyon sa a. Se yon devwa pou chak moun ki alfabetize yo pou yo ede lòt moun ki poko alfabetize yo. Devlopman pa mache san alfabetizasyon, lè kominote a alfabetize, moun, bèt, plant tout benefisye.

                                                    Ezner Angervil)

Espas komante:

Nou souvan di lari a se salon pep la, sa vle di se yon kote ki ta dwe toujou rete pwop. E gen plizye rezon pou sa: - Se premye kote nou resewa etranje. - Le nou pa kenbe lari pwop nou kreye pwop kondikonsyon pou n trape tout sot maladi. Pwopte se pa travay yon sekte, se responsabilite chak moun pou kenbe lari a pwop, paske lari a se salon peyi a. E le n kenbe lari a pwop nou kontribye nan pwoteje lavi pitit nou, lavi fanmi nou ak lavi anpil lot moun. (Elsie Labissière)

                                              JWAYE NOWEL 2003 E BON LANE 2004.

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited July 13, 2004 10:04 am USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: