NimewoEn

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

APRANN POU CHANJE

Nimewo I, Desanm 2002

Poukisa ti Jounal sa a ?

Ti jounal sa a << APRANN POU CHANJE >> kreye nan objektif pou dinamize rezo Inisyativ WR nan Pòtoprens. Li se yon mwayen pou pèmèt plis moun konnen kisa aktivite Wonn Refleksyon an ye,epi konnen kòman eksperyans pou adapte metòd Wonn Refleksyon an ap vanse ann Ayiti. Lòt bagay se enfòme moun sou: konbyen gwoup WR ki genyen,Kòman yap mache,lè ak kote yo reyini,ki lidè,kalite patisipan,elt. Se yon fason pou fasilite moun ki enterese,jwenn wout pou yo ale nan Wonn Refleksyon.

<<APRANN POU CHANJE>> vle bay moun k ap pratike Wonn refleksyon yo,posiblite pou pataje eksperyans yo youn ak lòt. Kidonk,se atik pratikan yo,sou pwòp eksperyans pa yo,ki pral sèvi kòm enfòmasyon pou ti jounal la ka rive parèt chak mwa. E se yon pòt ki louvri pou moun ka konnen Wonn Refleksyon pi plis,epi reflechi sou yon lòt kalite edikasyon ak yon lòt kalite lidèchip.

                                                   (Jude Appolon).

Istwa Wonn Refleksyon an Ayiti.

Wonn Refleksyon se yon adaptasyon Pwojè diskisyon “ Touchstones “ ki tabli Anapolis,nan leta Merilann Etazini. Eksperyans adaptasyon metòd Wonn Refleksyon an kòmanse ann Ayiti nan lane 1999. Sa te fèt ak sipò Steven Werlin,ki se Dwayen “Shimer College”,Wakigann nan leta Ilenoy Etazini. Adaptasyon an fèt ak divès kalite moun: Pwofesè lekòl,Etidyan nan Inivèsite,monitè Alfa,dirijan legliz,elèv primè ak segondè,patisipan nan alfa,elatriye.

Wonn Refleksyon se yon metòd ki deja ap kontribye nan amelyore travay edikasnan peyi Ayiti: Espesyalman nan Okay, Dabòn, Lagonav, Pòtoprens. Kounyeya gen plis pase 400 moun k ap patisipe nan seyans Wonn Refleksyon preske chak semèn, diferan kote nou site yo. Objektif anpil nan moun sa yo se devlope kapasite yo pou anime seyans Wonn Refleksyon.

Bi metòd Wonn Refleksyon se pou ede moun pran plis responsablite pou pwòp edikasyon yo. Lòt avantaj li pote,li ede:

1) moun vin pi fò nan konprann sa y ap li. 2) moun vin pi fò nan fè dyalòg ak lòt moun,nan fè chita pale menmsi moun yo rekonèt oubyen pa rekonèt youn lòt. 3) moun vin pi efikas nan travay nan gwoup.

                                              (Eddy Sterling).

Pataj eksperyans:

Mwen rele Lindor Marc-Orel. Mwen genyen yon lane depi m ap pratike Wonn Refleksyon nan fakilte Syans Zimèn. Mwen santi li enpòtan anpil pou mwen ta di pwogrè mwen fè nan aktivite sa a.

Nan Wonn Refleksyon mwen jwenn yon pakèt avantaj;li ban mwen yon espri tolerans,li pèmèt mwen devlope kapasite refleksyon m,li aprann mwen koute lòt moun,epi li laji kad amitye m. Eksperyans anime seyans Wonn Refleksyon yo ede m devlope kapasite m nan jere yon gwoup.

Maryaj ki genyen ant metòd Wonn Refleksyon ak Teknik Espas Ouvri ede m laji refleksyon m sou reyalite lavi a. Mwen rete make apre mwen te fin patisipe nan yon Espas Ouvè ki te fèt sou tèm “ Vyolans “. Mwen te gen chans pataje anpil lide ak lòt moun ki soti nan zòn ki gen anpil vyolans nan Pòtoprens,apre diskisyon nou te rive wè vyolans pa rezoud pwoblèm. Li kapab kreye plis pwoblèm olye li rezoud yo.

Eksperyans sa yo pèmèt mwen tire anpil nan pale youn ak lòt. Li ta bon pou metòd ak teknik sa yo ta gaye nan tout rakwen peyi Ayiti,plis lòt moun ta benefisye •

                                              (Lindor Marc-Orel).


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited December 7, 2004 4:48 pm USA Pacific Time by Jengle
Search: