NimewoKat

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Aprann pou Chanje, Nimewo 4

MOUN PA PYÈS NAN YON MACHIN

Sosyete a plizoumwen fonksyone jan sa: lidè ak moun responsab reprezante chofè ak pasajè nan machin nan alòske pyès machin yo reprezante moun ki anba lidè ak responsab yo. Kit se nan sal klas, nan òganizasyon debaz, Legliz, O.N.G, nan antrepriz, gouvènman plizoumwen fonksyone tankou yon machin:lidè ak responsab sèvi ak moun ki pi ba yo.

Li fasil pou nenpòt moun konnen moun pa pyès machin, menm si pafwa moun pito fonksyone tankou pyès machin. Gade sitiyasyon peyi Ayiti, lemonn, se konfli toupatou. Souvan gen fayit lidèchip. Souvan nou pito pa pran gwo responsabilite epi pa wè tèt nou kòm responsab pwòp evolisyon nou. Anjeneral, pouvwa fasilite yon grenn bagay: tandans pou nou domine sou lòt. Sa kapab fè yonn manke respè pou lòt. Depi gen mank respè, sa pral debouche sou pwoblèm kanmenm.

Metòd Espas Ouvri ak Wonn Refleksyon ap penmèt nou fonksyone yon lòt fason nan gwoup. Pap gen chofè kòm lidè, lòt moun kòm pyès machin. Nou wè n tankou yon jaden, kote kiltivatè a senpman kiltive, men se lapli, solèy ki fè plant lan pouse epi fleri. Kiltivatè a senpman kreye yon bon anviwonman pou sa, epi rès la fèt ak konkou Bondye. Epanwisman moun anndan yon sistèm depann de li ak Bondye l. Lidè senpman bezwen kreye kondisyon pou sa a menm jan ak egzanp jaden nou pran piwo a. Konsa, moun ap vin kapab pi byen evolye epi jere sitiyasyon ki pi konplèks chak jou.

Ak Espas Ouvri epi Wonn Refleksyon n ap fè l posib pou moun viv yon lòt kalite lidèchip ak dinamik nan gwoup. N ap kreye yon anviwonman kote moun ka reflechi ansanm e moun pral kapab pran plis responsabilite pou desten yo. Eksperyans sa yo ap vin fè lidè tankou pwofesè, direktè,responsab antrepriz,ONG ,elt, wè tèt yo kòm kiltivatè, pa kòm chofè. Zouti ki pral ede yo fè sa se aprann koute moun plis epi aprann .kòman pou kreye espas ak anviwonman ki favorize dyalog ak respè ant tout moun kap kolabore ansanm. (John Engle).

ENTEVYOU JUDE AK VANA: sou eksperyans

Jude_ Kòman ou te fè konesans ak metòd Wonn Refleksyon ? Vana_ Se te avèk Erik Badger yon Ameriken ki te vini nan lekòl kominotè Matènwa nan La Gonav. Se nan menm moman sa li te enplante metòd Wonn Refleksyon an. Jude_ Ki avantaj ou jwenn nan metòd Wonn Refleksyon ? Vana_ Li ede m reflechi pi byen e li ede m konn kòman pou m konpòte m devan kelkeswa difikilte m ka rankontre nan lavi sa a. E li pèmèt mwen devlope Kapasite m plis nan refleksyon m ap fè ak lòt moun nan anime seyans Wonn Refleksyon Jude_ Lè w te fè k rankontre ak metòd Wonn Refleksyon, kòman w te resevwa l ? Vana_ Se te yon bagay ekstraòdine, sa k te pi etone m, m te wè metòd Wonn Refleksyon pa bezwen gen yon chēf pou pase lòd, men pito, tout moun gen menm dwa pou di sa yo panse. E se ou menm ki pran responsabilite pou enstwi pwòp t ou, nan yon lespri tolerans, kote chak moun santi yo alèz yonn ak lòt, pandan yonn respekte opinyon lòt. Jude_ Ki enpak metòd Wonn Refleksyon gen nan lavi w? Vana_ Gen 2 bagay fondamantal li fè pou mwen: 1- Li retire lespri kote m te kwè se moun ki pou ede m pran responsabilite. 2- Li retire lespri chèf lakay mwen. Jude_ Nan ki sans Wonn Refleksyon ka itil? Vana_ Li itil, nan sans pou ankouraje moun enstwi pwòp tèt yo, pandan y ap toujou chache konnen. Epi nan yon lespri rilaks, ede lòt moun apwofondi refleksyon Yo.E kalite chita pale W.R yo ka ede rezoud kèk pwoblèm pèsonèl.

(Jude Appolon ak Vana Edmond).

PATAJ EKSPERYANS

Tout sa moun ap fe anjneral fòk li jwenn feeling li ladan.Kòm zanmi Wonn Refleksyon ak Espas Ouvri mwen pran feeling mwen ladan yo. Eksperyans ak Wonn nan, mwen l nan fakilte syans zimen,kote nou plizye reyini chak samdi soti 10ze pou rive 12ze pou diskite sou diferan kalite teks,nou jwenn nan liv W.R , pandan n ap swiv regleman ak objektif Wonn nan. Sa ki pote anpil fwi nan lavi m, anpil bagay m pat konnen m aprann yo e m gen chans pataje sa m konnen ak lòt moun tou. Lòt feeling konn pran se nan Espas Ouvri ki konn fet Dabon,se yonn nan moman kote m fe anpil zanmi, gen anpil dyalòg ki fet nan respe yonn pou lòt. E mwen benefisye kalite konesans yon paket moun k ap fe Wonn Refleksyon yon paket kote nan peyi a,Okay, La Gonav, Mariaman, Potoprens elatriye.

Mwen di chapo ba pou tou moun ki nan aktivite Wonn Refleksyon. E, mwen vle raple yo sa, tank w ap pratik nan mouvman sa a, w ap vin pi saj, vin gen plis respe pou lòt moun e w ap vin gen pi bon konprann.

                                     (Wisly Jean-Pierre).

KOMANTE

Mwen fè konesans ak WonnRefleksyon nan J.E.K Jenès Etidyan kretyen. Rakonte nan 100 mo sa m aprann nan Wonn Refleksyon pa sifi. Men m ap di n kèk : Wonn nan aprann mwen koute lòt mou ak anpil atansyon san m pa bezwen koupe pawòl nan bouch li. Li pèmèt mwen pa jete lide lòt moun menm si m pa dakò avè l. Li pèmèt mwen gen plis tolerans, devlope kapasite m nan travay ansanm, kiltive plis respè epi pran plis responsabilite nan edike pwòp tèt mwen.

Pou fini, m kwè Wonn Refleksyon gen yon pakèt itilite pou timoun, paske li pèmèt yo pran abitid poze kesyon, konprann pi byen sa y ap li epitou, devlope yon lespri louvri.

                                       (Wilner Theodore).

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited November 14, 2003 1:34 pm USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: