NimewoKatoz

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

                                                       Lapè

Lapè se yon bagay ki ekziste menm jan nou menm ekziste. Nou menm ak lapè abite ansanm nan menm espas. Konsa nou bezwen louvri kè nou pou akeyi lapè. Men gen kèk pòt nou bezwen louvri pou rankontre ak lapè toutan nan wout nou, se wout konfli,kawo ak konfizyon. Nou pa dwe izole yo, nou bezwen dijere yo yon fason pou jwenn enèji ki kache anndan nou ki pa lòt bagay sinon lapè. Lapè pa yon kreyasyon ni yon kado. Se yon fason pou moun viv,se yon pratik ki rann lavi pi bèl. Chak moun sou latè gen pou devwa akeyi lapè kèlkeswa kote li ye,tankou: nan biwo kote nou travay, nan òganizasyon nou, nan antrepriz nou, nan legliz nou, nan kominote nou, nan fanmi nou ak nan lavi pèsonèl nou. Nou sèlman bezwen abòde lapè paske li toujou pare pou l rete ak tout moun tout kote sou latè. Lapè mennen nan respè, amoni, fratènite ak lanmou. Pratike lapè se kreye espas nan kè nou pou konprann pwòp tèt nou. (Fremy Cesar)

                                                        Bay

Ann fè yon ti reflechi sou mo bay. Bay se yon aksyon moun fè ak moun. Jan m konprann li, gen anpil fason moun ka itilize mo sa a. Gen moun ki itilize l nan sans pozitif, gen lòt ki itilize l nan sans negatif. Sa nou dwe sonje, bay se yon jès natirèl, moun fèt avè l. Moun konn fè l nan sikonstans diferan. Gen moun ki fè aksyon sa a nan yon moman li te deside fè l, gen moun ki fè l san li pa konnen, gen moun ki bay pou fè moun plezi pou yon moman, gen lòt moun ki bay pou fè moun kontan pou lavi. Ou pa kapab fin kontwole sa byen. Lòt fason pi senp nou ka eksplike mo bay se nan sans vizib ak envizib. Vizib se lè ou fè yon moun yon kado li ka wè l, li ka manyen l, egzanp yon jounal. Envizib se lè ou bay yon moun yon kado li paka wè l, li paka touche l, egzanp yon konsèy. Kado envizib yo anpil fwa se yo ki ka pi itil nan lavi, men se yo nou pi souvan meprize. Anjeneral kòm bay se yon bon bagay, alòs, tout moun ta dwe bay. Gwo kesyon an se ki moun ou dwe bay?. An reyalite nou dwe pataje ak moun ki vrèman nan nesesite, dapre bezwen moun nan e selon mwayen moun kap bay la. Sa ki pi enpòtan, li dwe mache ak volonte moun kap bay la. Men fò w sonje se pa tout lè w dwe bay. Sijè sa a tèlman pwofon,tout atik la pa tap sifi pou n fin eksplike mo bay. Men mwen vle konkli ak kesyon sa yo: dapre nou, èske se tout moun ki konn bay,e poukisa ?. (Vana Edmond)

Pataj Eksperyans:

Alfabetizasyon se yon zouti enpòtan nan travay devlopman, e prensipal bi li se rive ede moun chanje fason yap viv. Nap mande nan ka pa nou èske nou ko rive a sa. Dapre jan n analize kesyon an, sanble chak gouvènman gen pwòp lekti pa yo sou kesyon sa a. Alòs, piske alfabetizasyon an se pa senpman zafè yon gouvènman, men pito zafè tout sektè, kidonk, gravite pwoblèm nan rete menm. Depi nan lane 1944 sou gouvènman Eli Lesko pou rive jouk jounen jodiya, pwogram alfa toujou sou branka, chak jou pi plis to analfabetis la ap ogmante. Pou kwape sa, nou bezwen bloke vàn kap ponpe analfabèt la. Pou fè sa nou bezwen fè 2 bagay sa yo : eskolarizasyon ak alfabetizasyon mache tankou 2 sè siyamwa, sa vle di yon eskolarizasyon serye ki makonnen ak yon pwogram alfa ki chita sou refleksyon, konsyantizasyon e li dwe tou marye ak reyalite patisipan yo ap viv chak jou. Nou gen egzanp kèk peyi ki deja fè eksperyans ak metòd ki rele ‘’ Alfabetiza- syon konsyantizant ‘’, Pawolo Frere li menm envante, kote mas pèp kap aprann li ak ekri a anmenmtan ap reflechi sou reyalite lap viv chak jou. Anpil peyi ki anbwase metòd sa a, rive diminye to analfabèt la lakay yo. Kidonk, mwen kwè li rete yon enperatif pou nou kòmanse reflechi seryezman sou estrateji nou bezwen itilize pou bare lawout ak sous kap ponpe analfabèt la epi rive touche pwoblèm analfabetis la tout bon vre. (Gerald Lumarque)

Espas kòmantè:

Mwen vle sèlman poze kèk kesyon ak zanmi ti jounal <<Aprann pou Chanje>> yo, men pa panse se paske mwen tap viv swa sou mas, swa sou jipitè oubyen sou satin,mwen vle sèlman poze kèk kesyon:

(Rosie Philippe)

Pwoveb ayisyen:

Lanme pa sere kras. 


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited May 5, 2004 12:36 pm USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: