NimewoKenz

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Enpòtans sans nan edikasyon.

Malgre tout refleksyon sou sa ki konsène sans nou yo, nou dakò chif la pa depase 7. Sa vle di tout moun ki pa gen pwoblèm klinik, gen bagay sa yo lakay yo : Wè, touche, tande, santi, goute ak intuisyon ki souvan gen diskisyon sou li pou di si li se yon sans ou non. Sa ki enpòtan chak jou nou sèvi ak sans nan lavi nou yon fason konsyant oswa enkonsyant. Men pou kounye a n ap plis wè enpòtans yo genyen nan yon pwosesis edikasyon.

Souvan rapò ki tabli ant aprenan ak anseyan se yon relasyon vètikal e sans ki souvan itilize pou fè mesaj pase se senpman tande. Poutan chak sans sa yo pa devlope menm jan kay tout moun. Gen moun ou ka senpman di yon bagay devan l li kapte l, yon ti parantèz, dapre lasyans sans sa nou rele tande a devlope kay moun depi l nan vant manman l,e li disparèt yon bon bout tan apre lè moun nan mouri.

Poutan, gen lòt moun se touche ki pi devlope lakay yo, egzanp : ou ka ba yo yon nimewo telefòn, yo pa fouti sonje l si se pa ekri yo ekri l. Sa vle di si relasyon an bati inikaman sou yon kesyon anseyan - aprenan epi se tande ki itilize kòm sèl mwayen pou fè pase mesaj, gen anpil dout pou ede reveye konesans k ap dòmi ni kay aprenan, ni kay anseyan li menm. Epi gen anpil chans pou tou de (2) pa bay rannman yo ta sipoze bay la.

Yon edikasyon dinamik mande otomatikman pou relasyon yo chanje, olye rapò a se senpman anseyan- patipan, ak kòm sèl zouti transmisyon tande. N ap genyen pito yon relasyon anseyan - patisipan - patisipan -anseyan. E lè sa a anseyan ap detèmine ansanm ak aprenan yo sou objektif yo vle atenn epi kreye yon anviwònman pou aprann ansanm epi kote tout moun ap kapab aprann kèlkeswa sans ki pi devlope lakay yo. Se konsa n ap gen yon edikasyon k ap gen posibilite debouche sou vrè sans li.

(Jude Appolon).

Itilite dlo

Se lè ti sous sèch w ap konn enpòtans dlo. Pou nou tout Ayisyen k ap viv ann Ayiti dlo gen yon plas espesyal nan fon kè nou. Anpil pratik, kwayans, chante, relijyon toujou gen koze dlo ladan. Pastè sèvi ak rivyè pou plonje moun k ap batize. Ougan sèvi ak sous dlo pou fè maji. Atis yo sèvi ak rivyè oswa sous dlo pou konpoze bèl chanson epi monte bèl videyo, lasyans souvan sèvi ak dlo nan anpil travay y ap fè pou atenn objektif yo. Sosyete a an jeneral sèvi ak dlo pou regle koze pèsonèl yo. Pou tout bagay sa yo li nesesè pou n jete kèk gout dlo pou sila a ki ban n dlo.

Malgre sa Ayiti plase an dènye pozisyon dapre yon resansman mondyal. Sa fè n konprann tou swit poukisa tablo sa a parèt devan nou ki se degradasyon anviwònman an. Poutan yo souvan di dlo se lavi, enben kisa n ap fè ?

Kidonk, li parèt ijan pou n reflechi sou jesyon dlo a ak jan l dwe repati yon fason ekitab. Si nou dakò sou verite nou site anlè a , nou ka di tout bagay pase pa dlo, sa vle di pale de devlopman san panse ak dlo, se pèn pèdi . Alòs, dlo se yon kafou oblije, n ap kwaze ak li kan menm, si nou pa jere l, lanati gen pou fè n peye konsekans la.

                                                                                           (Robert Cajuste).

Pataj eksperyans:

Istwa Jezi ak zache

Zache se te pèseptè mache, li te konn fè moun abi, sa vle di bat yo, pran lajan machann mal. Yon jou gen yon moun ki vin di Zache men Jezi ap pase nan vil la, Zache moute yon pye bwa yo rele sikomò. Jezi wè l sou pye bwa a , li di l desann fòk m ale lakay ou. Lè l rive, li konvèti Zache. Apre sa Zache al remèt tout lajan li konn vòlè. Li menm bay plis pase sa li te pran. Konye a li vin yon nonm serye.

Istwa sa a se Marie Ermita ki akouche l sou papye, li se yon patisipan alfa nan pwogram alfabetizasyon ‘’ Asosyasyon Plantè ak elvè nan Maryaman ‘’ mete kanpe.

Espas Komante:

Sa se repons ak kesyon zanmi an te poze nan ’’ Aprann pou Chanje ’’ nimewo 14 la.

Sandra Delouis.

Pwoveb Ayisyen: Pise krapo fè larivyè koule.


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited May 5, 2004 12:57 pm USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: