NimewoOnz

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Ledikasyon e Lenstriksyon.

Anpil fwa nou gen tandans melanje de (2) tèm sa yo kise ledikasyon ak lenstriksyon, osinon itilize yonn pou lòt. Se pou sa nan ti jounal jodiya, nou ta vle chita sou diferans ki genyen ant tèm sa yo. Men anvan, an nou di kisa yo chak vle di, apre n a wè sa kifè yo diferan yonn lòt. Nou di yon moun enstwi, se lè li fè anpil etid epi li gen anpil konesans. Nou di li byen edike, se lè anplis enstriksyon an li resevwki gen rapò ak fòmasyon total yon moun tankou : entèlijans, sansibilite ak volonte. Epi li se yon a yon fòmasyon moral ak sosyal, epi li konnen kouman pou l viv ak lòt moun. N ap kontinye pou n di enstriksyon an li ta enterese ak sa nou ta rele fòmasyon entèlektyèl, kidonk, li se yon pati nan ledikasyon, ki limenm okipel sou sa se yon bagay ki kòmanse nan fanmi, depi nou tou piti. Tout lide sa yo fè nou wè diferans ki genyen ant de (2) tèm yo, men yo ede nou konprann tou devwa ledikasyon an, se devlope bagay sa yo kay moun : bon atitid, kiltive abitid nan fè sa ki byen, karaktè, gen lòd, gou pou travay, renmen tande ak di sa ki vre, respekte lòt moun, pratike moralite elatriye. N ap fini pou n di dapre R. Dottrens, yon gwo otè nan zafè ledikasyon,tout kalite sa yo nou sot site la yo ki gen rapò ak ledikasyon an, yo pi enpòtan pase sa pwofesè ap bay nan lekòl, paske si ledikasyon an pa reyisi korije move abitid ak defo karaktè ki lakay yon moun sa riske gen gwo konsekans sou tout lavi li.

                                                                                         (Marie-Chantale Auguste).

Enpòtans fanmi nan ledikasyon

Yon ti refleksyon sou mo « ledikasyon » fè nou panse ak yon sosyològ franse yo rele Emile DURKEIM nan youn nan liv li yo « ledikasyon ak Sosyoloji » bay definisyon sa a : « ledikasyon se tout aksyon jenerasyon ki pi gran yo fè sou jenerasyon ki pi piti yo nan aprann yo gen matirite nan vi yap viv chak jou ». Definisyon sa fè nou konprann ledikasyon an se yon aksyon ki fèt jenerasyon an jenerasyon epi ki mete aksan sou eta fizik, entèlektyèl ak moral tout moun. Yon lòt filozòf ki se espesyalis nan zafè « La fanmi » di nou konsa « La fanmi se premye responsab pou fè travay sa a ». paske se fanmi yo ki dwe aprann timoun yo règ sosyote a etabli epi montre yo kouman pou yo konfòme yo anba règ sa yo. Travay sa pa fini, men li dwe kontinye pandan tout lavi timoun sa yo. Fanmi an genyen yon wòl pou l kontwole kijan timoun yo ap aplike règ sa yo. Li gen pou l mande yo regleman sou lè yo pa mete règ sa yo ann aplikasyon. Nan langaj franse gen yon dikton ki di konsa  « tel père, tel fils » nou tradi l an kreyol « joumou pa donmen kalbas », « pitit tig se tig » kidonk nou ka wè ledikasyon yo ba ou lakay ou se sa ou pote tout kote ou ale. Yon timoun se reprezatan fanmi li tout kote li pase. Nan sans sa a sosyete mande fanmi yo regleman lè li pa fè travay li genyen pou li fè a nan ledikasyon timoun yo. Lè yon moun pa gen yon « bon ledikasyon » se fanmi li ki pote tout responsabilite a. Nap fini pou nou di « la fanmi » se yon enstitisyon inivèsèl ki se yon gwo zouti pou fè pase ideyoloji e anpil nasyon bati sou baz sa a.

(Frantz JOSEPH Travailleur social)

Référence :

David cooper. Mort de la Famille. Points. Paris, 1972. Emile Durkeim. Education et Sociologie. PUF, 1989. Gérard Fourez. Ecoles,ethiques,Sociétés.1998.

Pataj eksperyans

Mwen se machann anana, komès sa a fè m gen ekonomi. Ladann mwen voye timoun yo lekòl. Sak fè m pi kontan kounye a mwen ka ekri anana ak yon kreyon. Pandan m ap vann anana nan lari a si yon moun ta achte kredi nan men m, mwen kapab ekri non moun sa a. Poutèt sa mwen di tout monitè ak monitris ki travay avè m yo mèsi pou sa yo fè pou mwen. Lè m rive yon kote se pa kwa m ap fè m ap ekri non m.

                                                                                                 (Ermicia Jean).

Espas Kòmantè

Men kèk fwi yon moun k ap pratike nonvyolans

        ta dwe pwodui:

       *  Gen metriz tèt li avan l aji.
       *  Respekte tèt li.
       *  Respekte lòt moun.
       *  Se pa yon moun ki kolerik.
       *  Ki pa viv nan lipokrizi.
       *  Kiltive nonvyolans aktiv chak jou nan lavi l.

         Refleksyon gwoup Wonn Refleksyon nan fakil-
         te syans zimen.


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited November 14, 2003 12:40 pm USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: