NimewoSenk

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Devlope yon lot abitid '

Reyalite a montre moun pa gen abitid reflechi. Poutan se li menm ki rive pemet moun pran bon jan desizyon sou lavi yo. Pou byen koprann pwoblem nan, nou dwe ale nan sous la. Sa lye direkteman ak pase nou kom esklav. Abitid seke nou te toujou sou zod yon komande kolon. Kidonk nou pat janm gen chans pou eksprime sa nou santi. E eritaj sa a kite pou nou yon latriye rejim diktati, ki yo men rekopye menm ansyen chema a, yonn nan pratik yo se bay moun babouket. Kounye li vreman difisil pou brit soukou nou gen yon sosyete tou nef. Dabo se tout yon pwosesis, sa mande yon chanjman nan ansyen abitid nou yo, epi dako pati sou yon lot baz kise: - Kiltive yon lespri dyalog. - Kwe nou ka patisipe nan yon pwosesis ansanm menm si nou diferan. - Gen yon lespri fleksib, ki vle di pre pou aksepte pespektiv pa lot moun. - Pre pou fe konsansis pou atenn yon menm bi. - Respekte lot moun. Mwen panse si nou pa dako fe yon jefo pesonel pou nouvo pratik sa yo vin yon reyalite nan lavi nou li ap vreman difisil pou nou rive bati tout bon vre sosyete ke nou tout ap reve a.

                                                    (Josette Pressoir).

Gwo rankont Dabon Entevyou Jude Appolon ak Fremy Cesar .

Jude- Pou kisa gwo rankont Dabon yo? Fremy- Gwo rankont yo oganize nan lide pou kreye yon espas kote plis pratikan posib nan Wonn Refleksyon kapab rankontre pou pataje ansanm eksperyans yo. Se pou pemet kenbe kominikasyon ant diferan rezo nan dives kote nan peyi a. Jude- Ki itilite metod Espas Ouvri nan aktivite sa a? F remy- Nou itilize metod Espas Ouvri pou 2 rezon fondamantal: Yonn se pou kreye yon anbyans dinamik, pi fleksib kote chak patisipan nan rankont lan gen menmvhans pou eksprime lide yo, lot la se pou sevi ak Espas Ouvri pou evalye yon lot metod nan eksplikasyon l. Jude- Ki fwi sa ka pote pou moun ki vin patisipe nan gwo rankont Dabon yo? Fremy- Rankont sa yo kapab pote anpil fwi, paske se yon moman kote anpil eksperyans ap pataje, pespektiv dives kapab anvizaje e li pemet patisipan yo kenbe kominikasyon ant yo. Jude- Apre plizye lane sa a fet Dabon, ki bilan nou ka fe? Fremy- Rankont sa yo gen yon bilan ki pozitif anpil. Paske premye fwa li te fet nan 2001 sete plis moun Dabon kite patisipe epi kantite patisipan pat depase 50 moun, men kounye a moun soti toupatou epi nan denye rankont 11 avril la te gen plis pase 90 moun. Jude- Ki gwo enpak rankont Dabon yo ka geyen sou evolisyon metod Wonn Refleksyon ak Espas Ouvri ann Ayiti? Fremy- Gwo rankont sa yo gen yon gwo enpak nan evolisyon Wonn Refleksyon ak Espas Oubri, paske moun komanse we Dabon kom yon nwayo. E depi plis moun vini ansanm, gen plis chans pou nouvel la gaye epi rive pi lwen.

Pataj Eksperyans:

Wonn Refleksyon fe nou aprann pi byen, li ede n devlope konesans nou pi plis. E kalite chita pale yo, ban nou posibilite pou yonn aprann nan men lot, kote lot ka bay lot konsey. E nou twouve se yon bel bagay le nou chita ansanm, nou ka di li bon pou nou anpil. Gen bagay nou pat ka pale ak lot moun, men le nou tout chita, lide bwase, chak moun soti ak pati pa yo. Wonn Refleksyon an nou renmen l anpil, paske li montre n koman pou n pale ak moun, pou dyaloge ak nenpot ki moun. Si nou rive yon kote, nou konn ki jan pou nou eksprime n ak lot moun. Refleksyon patisipan alfa nan sant Dynamic Entreprises: Pierrot, Alistene, Dieumerci, Robert, Exadieu, Larouce, Enold, Volma, Dessources.

Espas Komante:

Yonn nan eleman ki mennen moun lwen, se le moun kwe toujou gen bagay li bezwen aprann nan lavi. Ti jounal(Aprann pou Chanje)se yonn nan aksyon konkre insyativ Rezo Wonn Refleksyon nan potoprens reyalize. Se yonn nan eksperyans mwen felisite, paske ladann mwen aprann anpil e li vin ogmante volim literati Ayisyen an,li pemet apwofondi konesans mwen epi pataje lide m ak plis moun. Diferan atik ki deja paret nan ti jounal la se prev gen anpil moun kite dispoze pataje lide yo ak lot moun, yo te senpman bezwen mwayen pou fe sa. Sa m kwe << Aprann pou Chanje >> ofri ak tout moun ki enterese fe sa. Lot bagay,avan mwen te konprann, moun te senpman la pou chef ki sou tet yo itilize yo dapre jan l panse ki ap bon pou yo. Men atik << moun pa pyes nan yon machin >> nan nimewo 4 la, fe m konprann sa yon lot jan, mwen vin konnen moun pa pyes nan yon machin. Kidonk, vre wol yon chef se sevi, epi kreye bon kondisyon pou moun kapab epanwi.

                                                 (Jean Emmannuel).


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited July 13, 2004 10:02 am USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: