NimewoSet

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Timoun ki edikasyon?

Se yon bagay ki paret yon jan otomatik kay paran,pou maltre timoun ki rete ave yo: bat yo, fe abi seksyel sou yo, meprize talan yo. Paske anpil ladan yo, le yo te rete kay moun le yo te piti, yo menm tou yo te konn fe vyolans sou yo. Kidonk, se prensipal zouti yo genyen pou yo elve timoun pa yo e pou kite pou yo kom eritaj. Pou frennen kalite pratik sa yo; sa mande yon lot kalite echanj, kise ankouraje paran yo ak timoun ki rete avek yo fe yon lot kalite eksperyans . Kote paran an ap kapab dekouvri ki enpotans tretman yo bay timoun gen sou yo, sou sosyete y ap gen pou bati demen an, epi devolpe yon lot abitid anve timoun ki rete avek yo. Sa vle di, kalite echanj sa yo ap pemet timoun yo dekouvri vale lide yo genyen, rekreye yo, pataje ak apwofondi konesans yo, yonn ak lot epi devlope lakay yo yon lot kalite lidechip. Pou pataj konesans ak eksperyans sa yo epi pou n jwenn bon rezilta n ap chache a, metod Wonn Refleksyon ak Espas Ouvri se 2 bon zouti ki ka ede n fe sa, paske bi metod Wonn Refleksyon se pemet moun pran plis responsabilite pou edike pwop tet pa yo epi li ede: 1- Moun reflechi pi plis sou sa yo li, poze kesyon, epi reponn kesyon. 2- Moun vin pi fo nan fe bon jan echanj. Moun vin pi maton nan travay nan gwoup. Metod Espas Ouve pemet tout kalite moun nan nenpot ki oganizasyon oswa gwoup reyalize rankot ki pote anpil fwi. Metod Espas Ouvri chita sou sipozisyon sa a: moun ki vreman konsene sou yon kesyon epi ki vle pran responsabilite sou kesyon sa a, dwe jwenn opotinite pou yo ekzese responsabilite a.

Refleksyon: G.A.L.O (Gwoup Aksyon pou Lape ak Otonomi).

Efikasite edikasyon ann Ayiti.

Efikasite ak edikasyon se 2 konsep moun sevi ak yo nan lavi. Men eske nou ka janm fin epize yo? Konsa, si n konsidere edikasyon kom pwosesis pou moun aprann devlope epi ranfose konesans yo sou pratik yo, nou nou ka jwenn plizye kalite enstitisyon k ap patisipe nan travay sa a. Tankou fanmi,lekol,invesite,legliz elt. Gwo kesyon ki genyen, pwosesis edikasyon ann Ayiti a eske li efikas? Ou oa jwenn plizye kalite repons ak kesyon sa a, ki gen rasin nan konsepsyon sayo: a- Moun ki we efikasite edikasyon kom kapasite pwosesis la genyen pou bay moun ki kapab reponn ak egzijans mache a. b- Lot moun ki we efikasite edikasyon kom kapasite pwosesis edikasyon an genyen pou devlope epi ranfose kapasite moun pou konprann epi aji sou reyalite l epi deside sou pwop desten l. Kounye a, eske nou ka di nan edikasyon ann Ayiti nou jwenn efikasite nan yonn nan konsepsyon sa yo? Di sa w panse. (Eddy Streling).

Pataj Eksperyans.

Pataje lide ak lot moun ka pemet moun ka pemet anpil moun benefisye sajes kay lot. Mwen kwe nan metod Espas Ouvri ak metod Wonn Refleksyon moun jwenn anpil posibilite pou pataje yonn ak lot . Konsa, mwen se yonn nan moun ki benefisye anpil de sa. Pafwa menm konn vle regret paske mwen dekouvri aktivite sa yo two ta, mwen ta deja gen plis tolerans, plis kapasite pou koute lot moun menm le m dako ave l. Men kounye a mwen gen plizye lane depi m ap patisipe nan Wonn Refleksyon ak Espas Ouvri, mwen gen anpil chanjman ki opere anndan m. Lot bagay, mwen seten se 2 zouti ki ka ede moun pi byen patisipe nan pwosesis demokratik peyi yo. Espas Ouvri ak Wonn Refleksyon se ta menm 2 pwopozisyon pou tout lide ki vle gen bon lide pou dirije. Wonn Refleksyon ak Espas Ouvri se yon fason pou ankouraje dyalog ak respe, pemet moun we nesesite pou pran plis responsabilite sou desten yo. Aktivite Wonn Refleksyon fe yon pitit kise ti jounalAprann pou chanje , kise yon lot okazyon pou moun di yon fason kle sa yo panse. Pou fini, nou konnen volonte ak fleksibilite se kle ki ka louvri anpil pot. Enben, aprann chanje.

                                                                           (Jean Emmanuel).

Espas Ouve se yon metod ki mete tout moun an konfyans nan tet yo, nan lespri yo. Li pemet moun tande lot, moun gen tan pou reflechi, li pemet moun pran lapawol. Lapawol ede moun pran responsabilite devan moun, gen respe yonn pou lot. Espas Ouve pemet moun angaje nan chemen liberasyon. Espas Ouve sou Espas Ouve nou fe chak ane pemet moun pataje fritrasyon yonn ak lot, li pemet moun familyarize yo, li pemet moun pran angajman sou devlopman kominote yo, li simante moun ansanm epi pemet yonn edike lot.

                                     (Abner Sauveur, direkte lekol kominote Matenwa nan Lagonav). 

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited August 25, 2004 9:55 am USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: