NimewoSis

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Konsekans pinisyon nan zafe ledikasyon

Nou pale de pinisyon tankou yon aksyon yon moun ki pi gran oubyen ki santi li gen dwa sou yon lot, fe pou korije yon konpotman ke li pa renmen. Sa vin pi prezante tankou yon aksyon direkyon moun sou yon lot. Nou menm nan peyi Ayiti, nou toujou di:<< Tineg se ak baton ou fe sa mache >>, kidonktout sa nou bezwen, tout sa nou ta renmwen fe yon moun egzekite toujou pase pase pa vyolans,nou toujou jwenn nan pinisyon nou ba yo. Pinisyon se bat se mete ajenou, se bay manje, se pa kite jwe, san konte li toujou akonpaye ak joure sou vyolans lan. Nan zafe lekol nou jwenn anpil pinisyon. Pwofese yo itilize sa pou tout bagay ki pa antre nan santiman yo. Yo kwe toutotan y ap fe yon timoun soufri, se toutotan l ap byennelve epi l ap travay pi byen. Yo panse yon timoun byennelve se yon timoun ki rete trankil. Gen defwa menm, se paran yo ki bay pwofese yo dwa bat timoun yo epi ba yo gwo pinisyon, san konte se menm bagay k ap pase lakay, kote se nan fe mechanste konsa paran yo montre pouvwa yo sou timoun yo. Depi gen vyolans nan relasyon edikasyon pagen anpil bagay ki ka pase. Pesonn pa renmen soufri, pou evite sa timoun yo eseye rete trankil yon ti moman pou satisfe moun k ap fe vyolans sou yo a, epi se lot kalite santiman k ap devlope nan yo menm. Nan peyi Ayiti gen kek lane deja gen lwa kite pase pou mande yo aboli vyolans nan lekol. Okenn pwofese pa dwe ni bat timoun,ni ba yo pinisyon ki kapab imilye yo,ni fe yo abi nan zafe aprantisaj nan lekol. Bay kou oubyen lot bagay ki sanble ak vyolans kapab rive bay yon rezilta ki kontre ak sa nou ta renmen jwenn nan,men dwe tabli yon relasyon konfyans k ap pemet pasaj konesans kise baz edikasyon. Pou fini, nou kapab ke pinisyon nan sans sa a, gen anpil konsekans negatif sou edikasyon: Li anpeche moun gen bon relasyon, li pouse timoun kite lakay yo ak lekol tou, li anpeche timoun aprann lekol, li fe timoun yo vyolan epi mechan. Le yon timoun sibi vyolans nan pinisyon yo bali, sa rann li dekouraje ak lavi, li vin bloke, li vin paka pran inisyativ, li paka pwodui anyen, w ap jwenn yon timoun ki toujou tris, ki pa gen konfyans ni nan moun, ni nan tet li epi ki pa gen lanmou nan ke li. (Colette Lamothe).

                               yon alfabetizasyon ki alfabetize.     

Souvan moun wè alfabetizasyon senpman kòm yon aktivite ki ka ede moun li ak ekri. An reyalite èske se sa li ye ?

	Anvan n al pi lwen li ta enteresan pou n ta di kisa li ak ekri ye.  Li se gen kapasite pou idantifye sa ki anviwone w, egzanp : pyebwa, chèz, imaj elatriye.  Sa vle di pa gen moun ki pa konn li.  Men moun ka gen difikilte pou idantifye kòd, egzanp: a,b, c…  Ekri se mete sou fòm kòd sa ki sòti nan panse.

Ann antre pi fon nan koze a, kisa alfabetizasyon ye  ?

	Alfabetizasyon se yon pwosesis, ladan animatè a sèvi ak pwòp eksperyans patisipan yo, pou pèmèt li reveye konesans k ap dòmi lakay yo, epi mete yo sou fòm senbolik, sa nou rele ekriti a.  Sa vle di sèvi ak sa yo fè chak jou :  Koud rad, fè manje kwit, echanj yo fè ak lòt moun, rapò yo genyen ak lòt enstitisyon, elatriye.  Travay ak pataj eksperyans sa yo; kreye listwa ak yo < fè liv > .  Epi, kreye jwèt aktif pou ede yo dekode pwòp eksperyans pa yo.  Lè travay dekoday la fin fèt, pataj la pa dwe rete la.  Pou pwosesis alfa a byen kontinye, e pou rann patisipan yo pi otonòm, yo dwe pèmèt patisipan yo jwenn espas pou aprantisay lekti ak ekriti a kontinye apre yo fini sik yo e jwenn zouti ki pou pèmèt yo apwofondi konesans yo pi plis nan respè yonn pou lòt, epi reflechi sou pwòp reyalite yo.
	Se yon mwayen ki ka bloke travay analfabetis kontini an, sa vle di konn li jodi, bliye tout bagay nan en (1) nan oswa nan de ( 2 ) zan e sa ka pèmèt patisipan an reyèlman konsyan tout bon vre ki moun li ye e kisa li vrèman bezwen.  
                                                                            (Jude Appolon).

Pataj eksperyans: . Gran moun toujou di ‘se parese ki twouve lane long’. E byen si lè w ap plante yon pye kokoye w ap kalkile konbyen lane l ap pran pou l donnen ou pap janm plante l.

	Ann konsidere aktivite Wonn Refleksyon tankou yon pye kokoye, oudimwens ann eseye wè konbyen tan yon pratikan ka bezwen anvan pou l rive santi efè metòd Wonn Refleksyon sou li.  Yon moun ki apenn ap pratike W.R kapab konpare l avèk yon plantè k ap plante kokoye.  Plantè sa a kapab di l ap plante pou lèzengra, sa ki vle di pou lòt moun jwi.  Men anpil fwa se pa konsa sa rive vre, nan yo bat je li kapab rekòlte fwi travay li a.  Se menm jan an tou pou yon moun k ap pratike metòd W.R.  Kapab apre 2 seyans dekouraje si li pa aksepte pran yon titan pou chache konprann poukisa W.R enterese anpil lòt moun.  Epi fòk moun sa a ta dwe manifeste volonte pou konprann e pratike metòd W.R.
	Jan m konprann nan espas si (6) mwa yon pratikan W.R kapab wè chanjman metòd la pote lakay li.  Tankou anpil patisipan temwaye, men kèk fwi yo kapab remake :
-
 - Pèmèt ou devlope yon lòt kalite lidèchip.		- Anvi konnen plis
 - Vin pi toleran
- Vin mwen otoritè. - Renmen pataje lide

                          (Louis Badeau Honore).                                                

Espas Komante:

Gen defwa ou konn ap chache yon bagay byen lwen epoutan li bò kote w e ou pa konnen. Se sa ki rive mwen nan W.R mwen te toujou ap goumen pou mwen ka tande moun sitou lè li pa gen menm opinyon ak mwen, menm santiman ak mwen, menm kwayans ak mwen elatriye. Poutan W.R te la , gras ak li mwen vin trè toleran pou mwen tande lòt moun, li ede m reflechi anpil lè m ap fè yon lekti. Mwen toujou ap poze anpil kesyon. Gras ak W.R timidite sòti lakay mwen, kounye a mwen santi m pare pou mwen pran la pawòl nenpòt kote. Lòt bagay W.R ede m jwenn anpil konesans e li ede m plis kwè nan tèt mwen. (Marc-Julien Candio).


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited November 14, 2003 1:13 pm USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: