NimewoTrez

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Poukisa nou kwè nan ledikasyon ?

Nou souvan di timoun se peyi demen an, se vre. Men èske nou p ap chèche plis … èske nou pa kwè gen yon pi bon fason pou viv jounen jodiya ?. Anpil nan rezilta ledikasyon ap bezwen tann demen. Men se pa tout.

Mwen yon tijan timid pou m pale sou Wonn Refleksyon kòm yon moun ki renmen li tout bon … gen anpil moun ki gen plis eksperyans avèk li pase mwen. Men mwen pa kapab pa pale li … tèlman mwen panse li se yon kle nan ledikasyon nou ap chache jodiya, epi demen.

Wonn Refleksyon chaje richès … anpil moun ki fè eksperyans ak li pa janm manke temwaye sa. Tout sa bon vre. Men sa ki fè mwen renmen li se paske li swiv prensip pa li … li mennen nan yon fason ki mache ak kwayans li. Si nou vle moun chanje, se pou nou chanje. Si nou vle yon moun pale pi ba, èske nou pale pi fò ?, si nou vle yon gwoup kapab viv ansanm, èske se pou nou fòse yo fè sa nou vle yo fè ?.

Nan Wonn Refleksyon, nou aprann pale, koute, diskite, respekte yonn lòt menm si nou pa toujou dakò … bagay ki tèlman enpòtan nan mennen yon lavi ki pèmèt moun aprann nan men lòt, se yon lespri tolerans, nan yon klima kote tout moun kapab grandi nan richès pwòp tèt pa yo.

Si nou vle moun chanje, li enpòtan pou nou chanje jan nou abòde kesyon ledikasyon. Mwen kwè Wonn Refleksyon se yon metòd ki ka pèmèt nou chanje ansanm … epi nou tout kapab rive yon lòt kote … jodiya pou demen. Se nou tout ansanm ki fòme yon sosyete e se nou tout ansanm ki bezwen konstwi baz pou sosyete demen an nan pase pa ledikasyon.

                                                 (Kristy Stoesz)

Nou menm ak vyolans:

vyolans fè pati kilti nou, nou pa fèt vyolan, nou aprann vin vyolan. K ote n ap viv, ak moun n ap viv gen pou wè anpil nan kesyon sa. Se sa k fè li pa fasil pou yon paran ayisyen konprann li pa dwe bat pitit li, gen kèk ekspresyon tankou " Malere tankou you chen" pa jis di tou. Nan respè nou gen pou lavi nou kwè se yon bagay ki dwe repekte e ki pa dwe maltrete. Nan peyi nou timoun tankou granmoun renmen tiye ti zwazo, bay chen kout pye ak kout ròch, yo viv menm jan youn ak lòt. Yon nonm ki tap viv nan peyi kanada te di "Pito l te yon chen kanadyen, pase pou l te Ayisyen" sa fè nou konprann gen moun ki panse yon chen nan peyi kanada ta gen plis valè pase Ayisyen. Sa pa ka rete konsa, pou sa chanje fòk nou chanje fason nou panse, fason nap viv,menm si gen chen ki milyonè, menm si gen chat ki pi byen manje pase anpil nan nou, nou pap janm sispann moun, pòtre sila ki kreye tout bagay pou glwa li. Se pou nou koumanse fè lapè ak tèt nou, ak lanati, ak bèt yo Bondye te kreye pou nou. Pou m fini jodiya,sonje: lamizè, vyolans,rayisab,elatriye.. fè pati kilti nou, epi enfliyanse lavi nou tout. Si nou vle sa chanje, chwazi kisa nap met nan jaden kalbas tèt nou.

Mèsi bokou, Pierre Bellegarde, pou yon lavi miyò.

Pataj eksperyans:

Pasyans nan ledikasyon

 Eske se yon bon bagay pou yon moun k ap travay nan ledikasyon pa ta gen pasyans ? Anpil fwa nou gen tandans konsidere elèv yo tankou yon radyo kasèt, otomatikman nou di yo yon bagay yo te dwe tou konprann, san akòde yon ti pasyans pou ede yo aprann sa yo menm bezwen aprann.  E se nan pasyans nou ka ede elèv  yo devlope  konesans pa yo, Nan yon klas kote pwofesè a pa favorize yon anviwònman pou ede elèv li yo fè pwòp dekouvèt pa yo, ankouraje patisipasyon  nan travay ansanm, san enfliyans  mèt la k ap inikman di yo sa pou yo fè, se yon klas ki sou branka.  
Meyè fason pwofesè ka aprann ansanm ak elèv li, se dabò antann ni ak yo sou sa yo menm bezwen konnen, gide yo nan pwosesis la, fè oto-evalyasyon pwòp tèt yo ansanm ak pwofesè a epi evalye pwosesis la ansanm. Se yonn nan fason ki ka ede nou rive rann ledikasyon nou pi dinamik.

                                                   (Obel Roseline)

Espas kòmantè:

Dwa ak Devwa

Dwa se tout pwoteksyon, tout libète, tout sèvis Leta ak rès sosyete a oblije ban nou pou nou viv byen nan peyi a; tankou nou gen dwa : - pou viv e gen respè pou lavi - pou nou jwenn bon jan fòmasyon ak bon jan konesans pou reyini lib e libè pou fè,ou byen patisipe nan asosyasyon nou vle. - Viv anpè.

Devwa nou se tout sa nou menm gen kòm redevans anvè Leta ak rès sosyete a, tankou se devwa nou pou nou : - respekte lalwa - peye taks - chèche konnen epi ogmante konesans nou - bay konkou nou nan pwòpte peyi a. - respekte byen lòt moun, dwa ak libète yo.

Pou fini, m ap raple nou se yon devwa nou genyen pou travay pou tout moun viv anpè.

(Wideline Joseph)

Pwoveb Ayisyen: Anvi we monte kay li bo chemen.


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited July 13, 2004 10:06 am USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: